| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | 2Ch 7:1 | ś Lč wa Salomon fin fč lapriyč sa a, dife desann soti nan syčl la, li boule bčt yo te ofri sou lotčl la ak lňt pňsyon vyann yo te ofri.
| |
| | 2Ch 7:2 | Anmenmtan an, limyč prezans Seyč a te plen Tanp lan.
| |
| | 2Ch 7:3 | Lč tout moun pčp Izrayčl yo wč dife desann soti nan syčl la ak bčl limyč prezans Seyč a ki te klere tout anndan Tanp lan, yo mete ajenou, yo bese tčt yo jouk fwon yo rive sou dal pave a, yo adore Bondye, yo t'ap fč lwanj Seyč a, yo di l' mčsi paske li bon, paske li p'ap janm sispann renmen yo.
| |
| | 2Ch 7:4 | Apre sa, wa Salomon ansanm ak tout pčp Izrayčl ki te la a ofri bčt pou yo touye pou Seyč a.
| |
| | 2Ch 7:5 | Wa Salomon te ofri venndemil (22.000) towo ak sanvenmil (120.000) mouton pou mande Bondye padon. Se konsa wa a ansanm ak tout moun pčp Izrayčl yo te mete Tanp lan apa pou Seyč a.
| |
| | 2Ch 7:6 | Prčt yo te rete nan plas yo te ba yo nan Tanp lan. Devan yo se te moun Levi yo ki t'ap fč lwanj Seyč a ak enstriman mizik wa David te fč fč pou jwe pandan y'ap chante chante ki di: Paske li p'ap janm sispann renmen nou. Prčt yo t'ap kňnen twonpčt, tout pčp Izrayčl la menm te rete kanpe.
| |
| | 2Ch 7:7 | Menm jou sa a, Salomon mete mitan gwo lakou ki devan Tanp Seyč a apa pou Bondye. Lčfini, se la li ofri bčt pou boule nčt pou Seyč a, ak grčs bčt yo te touye pou mande Bondye padon, paske lotčl kwiv Salomon te fč fč a te twň piti pou pran tout ofrann bčt yo te touye pou boule nčt pou Seyč a, grenn jaden yo ak grčs bčt yo te touye pou mande Bondye padon.
| |
| | 2Ch 7:8 | Lč sa a, Salomon ansanm ak tout pčp Izrayčl la fete fčt Joupa yo pandan sčt jou. Foul moun te soti depi Pas Amat la nan nň jouk sou fwontyč ak peyi Lejip la nan sid, yo vin fete la.
| |
| | 2Ch 7:9 | Yo pase sčt jou ap fč sčvis pou mete lotčl la apa pou sčvis Bondye, lčfini yo pase sčt jou ankň ap fč fčt. Sou wityčm jou fčt la, yo fč yon gwo sčvis pou fčmen seremoni an.
| |
| | 2Ch 7:10 | Nan denmen, ki vle di nan venntwazyčm jou setyčm mwa a, Salomon voye tout moun tounen lakay yo. Yo tout t'ap fč fčt, yo al lakay yo ak kč kontan, paske sa te fč yo plezi pou wč tou sa Seyč a te fč pou David, pou Salomon ak pou pčp Izrayčl li a.
| |
| | 2Ch 7:11 | Lč wa Salomon fin bati Tanp Seyč a ansanm ak palč wa a, lč li fin fč tou sa li te gen lide fč nan yo,
| |
| | 2Ch 7:12 | ś Seyč a fč Salomon wč l' ankň yon jou lannwit. Li di l' konsa: -Mwen tande lapriyč ou fč nan pye m'. M' chwazi kay sa a pou sčvi kote pou yo vin touye bčt pou mwen.
| |
| | 2Ch 7:13 | Si mwen ta rive fčmen syčl la pou lapli pa tonbe, si mwen ta voye krikčt pou devore peyi a, si mwen ta voye move maladi sou pčp la,
| |
| | 2Ch 7:14 | lč sa a si pčp ki pote non m' lan lapriyč nan pye m', si yo soumčt devan mwen, si yo pran chache m' ankň, si yo vire do bay vye peche yo t'ap fč yo, m'ap tande yo nan syčl kote m' ye a, m'ap padonnen peche yo, m'ap fč peyi a kanpe ankň.
| |
| | 2Ch 7:15 | Depi jňdi a, je m' louvri, zňrčy mwen pare pou m' tande tout lapriyč y'ap fč isit la.
| |
| | 2Ch 7:16 | Depi jňdi a, mwen chwazi kay sa a, mwen mete l' apa pou mwen. Se la pou yo fč sčvis pou mwen. M'ap veye l', m'ap pwoteje l' chak jou.
| |
| | 2Ch 7:17 | Ou menm pou tčt pa ou, si ou mache devan m' tankou David, papa ou, si ou fč tou sa mwen mande ou fč, si ou koute lňd ak bon prensip mwen yo,
| |
| | 2Ch 7:18 | m'a kenbe gouvčnman ou lan chita jan mwen te pwomčt David, papa ou la, lč m' te di l' ap toujou gen yon moun nan fanmi li ki pou gouvčnen pčp Izrayčl la.
| |
| | 2Ch 7:19 | Men, si ou menm osinon yonn nan pitit ou yo vire do ban mwen, si nou pa fč sa m' mande nou fč, si nou pa koute lňd mwen ban nou, si n al sčvi lňt bondye, si n' al adore lňt bondye,
| |
| | 2Ch 7:20 | lč sa a, m'ap wete pčp Izrayčl la nan peyi mwen ba yo a. M'ap vire do bay tanp mwen te mete apa tankou kote pou yo fč sčvis pou mwen an. Moun toupatou va pase l' nan betiz, y'a fč chante sou li.
| |
| | 2Ch 7:21 | Kay sa a ki te sitčlman bčl pral tounen yon pil mazi. Tout moun ki va pase bň la a va sezi, y'a mete men nan bouch, y'a mande poukisa Seyč a fč peyi a ak tanp lan sa.
| |
| | 2Ch 7:22 | Y'a reponn: Se paske yo te vire do bay Seyč a, Bondye zansčt yo a, ki te fč yo soti kite peyi Lejip. Yo kouri dčyč lňt bondye, yo fč sčvis pou yo, yo adore yo. Se poutčt sa Seyč a te voye gwo malč sa a sou yo.
| |