All NT OTBook
Compare Texts
1 Chronicles 1 2 Chronicles 5

2 Chronicles 6:1-42

2 Chronicles 7 Ezra 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
2Ch 6:1
 
ś Lč sa a, Salomon di konsa: -Seyč, ou di ou pito viv kote ki fč nwa.  
 
2Ch 6:2
 
Koulye a, mwen bati yon tanp pou ou ka rete, yon kay kote ou pral viv pou tout tan.  
 
2Ch 6:3
 
Lčfini, wa a vire, li bay pčp Izrayčl la fas. Tout pčp la te kanpe. Li mande benediksyon Bondye pou pčp la,  
 
2Ch 6:4
 
li di: -Lwanj pou Seyč a, Bondye pčp Izrayčl la! Avčk fňs kouraj li, li kenbe pwomčs li te fč David, papa m' lan, lč li te di l' konsa:  
 
2Ch 6:5
 
Depi jou mwen te fč pčp mwen an soti kite peyi Lejip, mwen pa janm chwazi yon lavil nan tout peyi pčp Izrayčl la pou yo bati yon tanp ladan l' pou mwen rete, ni mwen pa t' chwazi pesonn pou gouvčnen pčp mwen an, pčp Izrayčl la.  
 
2Ch 6:6
 
Men koulye a, mwen chwazi lavil Jerizalčm pou se la yo fč sčvis pou mwen, lčfini mwen chwazi David pou li gouvčnen pčp mwen an.  
 
2Ch 6:7
 
David, papa m', te fč lide bati yon tanp pou Seyč a, Bondye pčp Izrayčl la,  
 
2Ch 6:8
 
Men, Seyč a te di l': Ou byen fčt gen lide bati yon kay pou mwen.  
 
2Ch 6:9
 
Men, se pa ou ki va bati l'. Se pwňp pitit gason w'ap fč a ki va bati tanp lan pou mwen.  
 
2Ch 6:10
 
Koulye a, Seyč a kenbe pwomčs li. Jan li te di l' la, se mwen menm ki nan plas David, papa m'. Mwen chita sou fotčy wa Izrayčl la. Mwen bati yon tanp pou Seyč a, Bondye pčp Izrayčl la.  
 
2Ch 6:11
 
Lčfini, mwen fč yon plas ladan l' pou Bwat Kontra Seyč a, kontra li te pase ak moun pčp Izrayčl yo.  
 
2Ch 6:12
 
ś Apre sa, Salomon al kanpe devan lotčl Seyč a, devan tout pčp Izrayčl la, li leve de men l' anlč pou l' lapriyč.  
 
2Ch 6:13
 
Salomon te fč fč yon platfňm an kwiv. Li fč yo mete l' nan mitan lakou a. Platfňm lan te kare kare, wit pye longč, wit pye lajč ak senk pye wotč. Li moute sou li, li mete ajenou devan tout pčp Izrayčl la. Li leve de men l' anlč,  
 
2Ch 6:14
 
epi li di: -Seyč, ou menm ki Bondye pčp Izrayčl la, pa gen Bondye tankou ou ni nan syčl ni sou latč. Ou kenbe kontra ou te siyen ak pčp ou a. Ou moutre jan ou renmen moun k'ap sčvi ou ak tout kč yo.  
 
2Ch 6:15
 
Ou te kenbe pwomčs ou te fč David, papa m', sčvitč ou la. Tou sa ou te di w'ap fč, ou fč l' rive vre jňdi a ak fňs ponyčt ou.  
 
2Ch 6:16
 
Se poutčt sa, Seyč, Bondye pčp Izrayčl la, m'ap mande ou pou ou kenbe lňt pwomčs ou te fč David, papa m', sčvitč ou la, lč ou te di l' va toujou gen yonn nan pitit li yo pou gouvčnen pčp Izrayčl la, depi yo veye jan y'ap mache pou yo mennen bak yo devan ou jan li menm li te fč l' la.  
 
2Ch 6:17
 
Se konsa, Seyč, Bondye pčp Izrayčl la, fč tout bagay rive jan ou te fč pwomčs la bay David, sčvitč ou la.  
 
2Ch 6:18
 
Men, Bondye, čske ou ka rete tout bon sou latč ak moun? Ata syčl la pa laj ase pou l' kenbe ou! Ale wč pou ti kay mwen bati pou ou la a!  
 
2Ch 6:19
 
Seyč, Bondye m', tanpri, se sčvitč ou mwen ye! Tanpri, tande jan m'ap lapriyč nan pye ou. Koute jan m'ap rele nan zňrčy ou jňdi a. Tande jan m'ap rele, jan m'ap lapriyč nan pye ou.  
 
2Ch 6:20
 
Lajounen kou lannwit, voye je ou sou tanp lan, tanp kote ou te di w'ap toujou la a. Koute lapriyč mwen menm, sčvitč ou la, m'ap fč nan pye ou.  
 
2Ch 6:21
 
Wi, koute lapriyč m'ap fč ak lapriyč pčp Izrayčl ou a ap fč nan pye ou isit la. Nan syčl kote ou rete a, koute lapriyč nou, padonnen nou.  
 
2Ch 6:22
 
Lč y'a pote plent pou yon moun ki fč frč l' yon bagay mal, si yo mande l' pou l' fč sčman se pa vre, epi li vin fč sčman an devan lotčl ou a, nan tanp sa a,  
 
2Ch 6:23
 
ou menm, Seyč ki nan syčl la, w'a tande, w'a fč sa ki gen pou fčt la. W'a jije sčvitč ou yo. W'a pini moun ki koupab la, w'a fč chatiman li merite a tonbe sou tčt li. W'a fč rekončt lč yon moun inonsan pou yo ka rann li jistis.  
 
2Ch 6:24
 
Lč lčnmi va bat pčp Izrayčl la paske pčp la te peche kont ou, si yo tounen vin jwenn ou, si yo fč lwanj pou ou, si yo vin lapriyč nan pye ou isit la nan kay sa a,  
 
2Ch 6:25
 
tanpri, kote ou ye nan syčl la, koute yo. Padonnen peche pčp Izrayčl ou a, fč yo tounen nan peyi ou te ba yo ansanm ak zansčt yo a.  
 
2Ch 6:26
 
Lč va gen chechrčs nan peyi a san yon ti degout lapli, paske pčp la te peche kont ou, si yo rčgrčt sa yo te fč a paske ou te pini yo, si yo vin lapriyč isit la, si yo fč lwanj ou,  
 
2Ch 6:27
 
tanpri, kote ou ye nan syčl la, koute yo. Padonnen peche sčvitč ou yo ak peche moun pčp Izrayčl ou yo. Moutre yo bon chemen pou yo pran an. Apre sa, Seyč, w'a voye lapli sou peyi ou te bay pčp ou a pou l' rele l' pa l' la.  
 
2Ch 6:28
 
Lč va gen grangou nan peyi a, osinon lč move maladi lapčs va tonbe sou li, lč plant yo va cheche nan van cho, lč krikčt ak chwal bondye va ravaje jaden yo, lč lčnmi va sčnen lavil nou yo pou atake pčp la, lč nenpňt maladi osinon nenpňt malč va tonbe sou pčp la,  
 
2Ch 6:29
 
koute lapriyč y'ap fč nan pye ou. Lč nenpňt moun osinon tout pčp la va lapriyč nan pye ou, lč y'a rčgrčt sa yo fč a, lč y'a leve men yo nan direksyon tanp lan pou yo lapriyč ou,  
 
2Ch 6:30
 
tanpri, kote ou ye nan syčl kote ou rete a, koute lapriyč yo, padonnen yo. Bay chak moun sa yo merite, paske ou konnen sa ki nan kč yo. Se ou menm ki konnen sa ki nan fon kč moun.  
 
2Ch 6:31
 
Wi, w'a bay chak moun sa yo merite, konsa pčp ou a va gen krentif pou ou, y'a mache nan chemen ou mete devan yo, pandan tout tan y'ap viv sou tč ou te bay zansčt nou yo.  
 
2Ch 6:32
 
Menm lč yon moun lňt nasyon ki pa fč pati pčp ou a soti byen lwen vini poutčt ou, paske li tande jan n'ap nonmen non ou, li tande pale tout bčl bagay w'ap fč avčk fňs kouraj ou, si li vin lapriyč nan tanp sa a,  
 
2Ch 6:33
 
tanpri, nan syčl kote ou rete a, koute lapriyč li. W'a fč pou li tou sa li mande ou. Konsa, tout pčp sou latč va konnen ou. Y'a gen krentif pou ou tankou pčp Izrayčl ou a gen krentif pou ou. Y'a konnen tanp mwen bati pou ou a, se la pou yo vin adore ou.  
 
2Ch 6:34
 
Lč pčp ou a va soti al goumen kont lčnmi l' yo, nenpňt ki bň w'a voye yo, lč y'a vire tčt yo nan direksyon lavil ou chwazi a ak nan direksyon Tanp mwen bati pou ou a pou yo lapriyč nan pye ou,  
 
2Ch 6:35
 
tanpri, nan syčl kote ou rete a, koute lapriyč yo. Koute lapriyč y'ap fč nan pye ou, defann kňz yo.  
 
2Ch 6:36
 
Lč pčp ou a va peche kont ou, paske pa gen moun ki pa fč peche, lč w'a move sou yo, lč w'a lage yo nan men lčnmi yo ki va fč yo prizonye, ki va depňte yo nan lňt peyi, li te mčt toupre, li te mčt byen lwen,  
 
2Ch 6:37
 
antan yo la nan peyi kote lčnmi yo te depňte yo a, si yo rčgrčt sa yo te fč, si yo lapriyč nan pye ou, si yo rekončt yo te fč sa ki mal, si yo rekončt yo te peche, si yo rekončt yo antň,  
 
2Ch 6:38
 
si yo tounen vin jwenn ou ak tout kč yo ak tout nanm yo, antan yo nan peyi kote lčnmi te depňte yo a, si yo vire tčt yo nan direksyon peyi ou te bay zansčt yo a, nan direksyon lavil ou te chwazi a, nan direksyon Tanp mwen bati pou ou a, pou yo lapriyč ou,  
 
2Ch 6:39
 
tanpri, koute lapriyč y'ap fč nan pye ou, kote ou ye nan syčl kote ou rete a. Koute lapriyč yo, defann kňz yo. Padonnen pčp ou a tout peche yo te fč kont ou yo.  
 
2Ch 6:40
 
Koulye a, Bondye mwen, louvri je ou, koute lapriyč n'ap fč nan pye ou isit la.  
 
2Ch 6:41
 
Koulye a, leve non, Seyč, Bondye! Vin kote pou ou pran repo a! Vini non ansanm ak Bwat Kontra ou la ki fč wč jan ou gen pouvwa. Se pou prčt yo fč konnen jan ou bay pčp ou a delivrans! Se pou tout pčp ou a rele tčlman yo kontan!  
 
2Ch 6:42
 
Poutčt pwomčs ou te fč David, sčvitč ou la, tanpri, Seyč, pa vire do bay moun ou te chwazi a!  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
1 Chronicles 12 Chronicles 51 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 32 33 34 35 2 Chronicles 7Ezra 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards