| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | 2Ch 5:1 | ś Lč wa Salomon te fin fč travay bati tanp Seyč a, li fč yo pote tout ajan, tout lň ansanm ak tout lňt bagay David, papa l', te ofri bay Seyč a. Li fč mete yo nan chanm trezň Tanp lan.
| |
| | 2Ch 5:2 | Apre sa, Salomon bay lňd pou tout gwo chčf pčp Izrayčl yo ansanm ak tout chčf branch fanmi yo ak lňt chčf fanmi pčp Izrayčl la sanble devan l' lavil Jerizalčm pou yo al pran Bwat Kontra Seyč a nan lavil David la, lavil Siyon an, pou yo pote l' nan Tanp lan.
| |
| | 2Ch 5:3 | Pandan fčt Joupa yo, nan setyčm mwa a, tout pčp Izrayčl la reyini ansanm ak wa Salomon.
| |
| | 2Ch 5:4 | Lč tout chčf pčp Izrayčl yo fin reyini, moun Levi yo pran Bwat Kontra a,
| |
| | 2Ch 5:5 | yo pote l' nan Tanp lan ansanm ak Tant Randevou Seyč a ak tout bagay yo te mete ladan l' apa pou Seyč a. Se prčt yo ak moun Levi yo ki te pote yo.
| |
| | 2Ch 5:6 | Wa Salomon ansanm ak tout pčp Izrayčl la sanble devan Bwat Kontra a. Yo touye bčf, kabrit ak mouton an kantite pou Bondye. Moun pa t' ka konte konbe bčt yo te touye jou sa a sitčlman yo te anpil.
| |
| | 2Ch 5:7 | Lč yo fini, prčt yo pote Bwat Kontra a nan pyčs ki apa nčt pou Seyč a anndan tanp lan, yo mete l' nan mitan de pňtre zanj cheriben yo.
| |
| | 2Ch 5:8 | Zčl zanj cheriben yo te louvri, yo te kouvri tout kote Bwat Kontra a ye a ansanm ak poto ki sčvi pou pote l' yo.
| |
| | 2Ch 5:9 | Si yon moun kanpe sou devan pyčs ki apa nčt pou Seyč a, yo ka wč pwent poto yo nan kote ki apa pou Bondye a tčlman yo te long. Men, ou pa ka wč yo lňt kote ankň. Jouk koulye a poto yo la toujou.
| |
| | 2Ch 5:10 | Nan Bwat Kontra a pa t' gen pase de moso wňch plat Moyiz te mete ladan l' yo depi sou mňn Orčb la. Se sou mňn sa a Seyč a te pase kontra a ak moun pčp Izrayčl yo lč yo t'ap soti kite peyi Lejip la.
| |
| | 2Ch 5:11 | ś Prčt yo soti nan pyčs ki apa nčt pou Seyč a. Tout prčt ki te la yo te mete yo nan kondisyon pou yo fč sčvis pou Bondye, san yo pa tann tou pa yo pou yo pran sčvis.
| |
| | 2Ch 5:12 | Tout moun Levi ki te sanba yo, depi Asaf, Eyman ak Jedoutoun jouk tout pitit yo ak lňt fanmi yo, te kanpe sou bň solčy leve lotčl la ak rad blan sou yo. Yo te gen senbal, bandjo, gita. Lčfini, te gen sanven (120) prčt bň kote yo ki t'ap kňnen twonpčt.
| |
| | 2Ch 5:13 | Lč tout moun sa yo mete ansanm pou yo pran kňnen twonpčt, pou yo chante fč lwanj Bondye, pou di li mčsi, nan mitan bčl mizik yo t'ap jwe nan twonpčt ak senbal ak lňt enstriman mizik yo, ou tande vwa moun yo ki t'ap chante: Lwanj pou Seyč a, paske li bon! Li p'ap janm sispann renmen nou! Lč sa a, nwaj la plen Tanp Seyč a nčt.
| |
| | 2Ch 5:14 | Poutčt nwaj la, prčt yo pa t' ka rete fč sčvis yo, paske limyč prezans Seyč a te plen Tanp lan nčt.
| |