All NT OTBook
Compare Texts
1 Chronicles 1 2 Chronicles 21

2 Chronicles 22:1-12

2 Chronicles 23 Ezra 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
2Ch 22:1
 
ś Yon bann arab te anvayi kan lame a, yo te touye tout gran pitit gason Joram yo. Sčl Okozyas, dčnye pitit gason l' lan, te rete. Se konsa pčp Jerizalčm lan fč Okozyas wa nan plas papa l'.  
 
2Ch 22:2
 
Okozyas te gen venndezan lč li moute wa. Li gouvčnen lavil Jerizalčm pandan yon sčl lanne. Manman l' te rele Atali, pitit fi Akab, pitit pitit fi Omri.  
 
2Ch 22:3
 
Okozyas tou te mache pye pou pye dčyč moun fanmi Akab yo, paske manman l' t'ap ba li move konsčy.  
 
2Ch 22:4
 
Li fč sa ki mal nan je Seyč a paske, apre lanmň papa l', se lňt moun fanmi Akab yo ki vin sčvi tankou konseye wa a. Se sa ki pčdi l' nčt.  
 
2Ch 22:5
 
Li koute konsčy yo, li mete tčt ansanm ak Joram, pitit pitit Akab, wa peyi Izrayčl la, pou al atake Azayčl, wa peyi Siri a. Lame yo kontre yonn ak lňt lavil Ramňt nan peyi Galarad. Moun Siri yo blese Joram.  
 
2Ch 22:6
 
Joram tounen lavil Jizreyčl pou l' te refč anba blese li te pran nan batay li t'ap mennen kont Azayčl, wa peyi Siri a, lavil Ramňt. Lč sa a, Okozyas moute lavil Jizreyčl pou l' vizite Joram, pitit pitit Akab, paske Joram te malad.  
 
2Ch 22:7
 
Se Bondye ki te fč Okozyas al rann Joram vizit sa a pou l' te ka kraze l'. Rive Okozyas rive, li pati ansanm ak Joram al kontre Jeou, pitit gason Nimchi a, yon moun Bondye te chwazi pou disparčt tout fanmi Akab la.  
 
2Ch 22:8
 
Se konsa, pandan Jeou t'ap regle ak fanmi Akab la, li kontre kčk chčf peyi Jida ak ti fanmi wa Okozyas yo ki t'ap sčvi nan lame Okozyas la. Li touye tout.  
 
2Ch 22:9
 
Apre sa, li mande pou yo chache Okozyas ki te kache nan peyi Samari a. Yo jwenn li, yo mennen l' bay Jeou ki fč yo touye l'. Apre sa, yo antere kadav li, paske yo t'ap di se pitit pitit Jozafa ki te fč sa l' kapab pou l' sčvi Seyč a. Se konsa pa t' rete pesonn nan fanmi Okozyas la ki te ka pran pouvwa a pou gouvčnen.  
 
2Ch 22:10
 
ś Lč Atali, manman Okozyas, vin konnen yo te touye pitit li a, li bay lňd pou yo touye tout rčs fanmi wa peyi Jida yo.  
 
2Ch 22:11
 
Men, lč yo t'ap touye pitit wa yo, Jozabčt, pitit fi wa Joram lan, pran Joas, pitit gason Okozyas la, li sere l'. Li kache l' ansanm ak moun ki te sčvi l' nouris la nan yon chanm kote moun dňmi nan Tanp lan. Se konsa, Jozabčt, pitit fi wa Joram lan, sč menm papa ak Okozyas, epi ki te madanm Jeojada, prčt la, te sere Joas san Atali pa konn sa, kifč li pa t' mouri tou.  
 
2Ch 22:12
 
Pandan sizan Joas te rete kache nan Tanp lan ansanm ak moun ki te sčvi l' nouris la. Atali menm t'ap gouvčnen peyi a.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
1 Chronicles 12 Chronicles 212 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 32 33 34 35 36 2 Chronicles 23Ezra 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards