All NT OTBook
Compare Texts
1 Chronicles 1 2 Chronicles 18

2 Chronicles 19:1-11

2 Chronicles 20 Ezra 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
2Ch 19:1
 
ś Jozafa li menm, wa peyi Jida a, tounen lakay li lavil Jerizalčm san anyen pa rive l'.  
 
2Ch 19:2
 
Yon pwofčt yo te rele Jeou, pitit gason Anani an, vin kontre wa a, li di l' konsa: -Ki jan ou fč al ede moun k'ap fč mal? Ki jan ou rive fč zanmi ak moun ki pa vle wč Seyč a? Se poutčt sa, Seyč a fache sou ou anpil.  
 
2Ch 19:3
 
Men malgre sa, ou fč kčk bagay ki bon. Ou te kraze tout pňtre Achera, bondye fanm, ki te nan peyi a. Lčfini ou te chache fč volonte Bondye.  
 
2Ch 19:4
 
Jozafa te rete lavil Jerizalčm. Men, li pran vizite pčp la nan tout peyi a ankň, depi lavil Bčcheba nan sid, rive jouk nan mňn Efrayim yo nan nň, pou l' te fč pčp la tounen vin jwenn Seyč a, Bondye zansčt yo a.  
 
2Ch 19:5
 
ś Li mete jij nan chak lavil ak ranpa peyi Jida a, yonn apre lňt.  
 
2Ch 19:6
 
Li di jij yo: -Kalkile byen travay nou pral fč a, paske nou pa pral jije nan non yon moun, men nan non Seyč a. L'ap kanpe la bň kote nou lč n'ap rann jijman.  
 
2Ch 19:7
 
Se pou nou gen krentif pou Seyč a. Veye zo nou nan tou sa n'ap fč, paske Seyč a, Bondye nou an, pa tolere lenjistis ak patipri. Li pa nan pran kado nan men moun pou fč pa yo.  
 
2Ch 19:8
 
Nan lavil Jerizalčm menm, Jozafa chwazi kčk moun Levi, prčt ak chčf fanmi, li mete pou jije tout ka ki an rapň ak lalwa Bondye a, tout pwose moun lavil Jerizalčm yo ka gen yonn ak lňt.  
 
2Ch 19:9
 
Li ba yo lňd, li di yo: -Se pou nou fč travay nou ak krentif pou Bondye. Se pou nou swiv lňd li nan tou sa n'ap fč.  
 
2Ch 19:10
 
Chak fwa frč nou yo ki rete nan lňt lavil yo vin pote yon ka devan nou, kit se pou yon moun yo touye, kit se pou yon lwa, yon lňd, yon regleman osinon yon prensip yo dezobeyi, se pou nou pale ak yo pou yo pa fč anyen ki mal devan Seyč a. Si nou pa fč sa, Seyč a ap move ni sou nou ni sou moun nou yo. Si nou fč sa nou dwe fč, nou p'ap koupab nou menm.  
 
2Ch 19:11
 
Amarya, granprčt la, va pi gwo jij pou tout ka ki an rapň ak lalwa Bondye a. Zebadya, pitit Izmayčl la, chčf branch fanmi Jida a, va pi gwo jij pou tou sa ki an rapň ak lalwa peyi a. Se va reskonsablite moun Levi yo pou yo fč respekte tout desizyon n'a pran. Mete gason sou nou. Fe travay nou. Se pou Seyč a toujou kanpe la ak moun ki mache dwat yo.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
1 Chronicles 12 Chronicles 182 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 32 33 34 35 36 2 Chronicles 20Ezra 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards