| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | 2Ch 17:1 | ś Jozafa, pitit Asa, moute wa nan plas papa l'. Li ranfňse pozisyon l' devan peyi Izrayčl la.
| |
| | 2Ch 17:2 | Li mete sňlda nan tout lavil ki gen ranpa nan peyi Jida a, li mete gouvčnč nan tout peyi Jida a ak nan tout lavil Asa, papa l', te pran nan peyi Efrayim lan.
| |
| | 2Ch 17:3 | Seyč a te kanpe avčk Jozafa, paske li te fč tankou David, granpapa l', nan konmansman rčy li. Li pa t' kouri dčyč Baal yo.
| |
| | 2Ch 17:4 | Li t'ap chache tout jan pou li te sčvi Bondye zansčt li a. Li te mache dapre lňd Bondye bay yo, li pa t' fč tankou wa Izrayčl yo.
| |
| | 2Ch 17:5 | Seyč a bay gouvčnman l' lan fňs. Nan peyi Jida a, tout moun t'ap pote kado ba li. Konsa, li te vin gen anpil byen. Tout moun t'ap fč lwanj li.
| |
| | 2Ch 17:6 | Li te pran plezi l' nan fč volonte Seyč a. Li fč disparčt tout kote yo t'ap sčvi zidňl nan peyi Jida a, ansanm ak tout estati Achera yo.
| |
| | 2Ch 17:7 | Li te gen twazan depi li te wa lč li voye kčk chčf nan tout lavil peyi Jida yo pou moutre pčp la sa pou l' fč. Men non chčf yo: Se te Bennayil, Obadya, Zekaraya, Netaneyčl ak Mikaya.
| |
| | 2Ch 17:8 | Yo te gen nčf moun Levi ak de prčt ak yo. Moun Levi yo te rele Chemaya, Netanya, Zebadya, Asayčl, Chemiramňt, Jonatan, Adonija, Tobija ak Tobadonija. Prčt yo te rele: Elichama ak Joram.
| |
| | 2Ch 17:9 | Avčk liv lalwa Seyč a nan men yo, yo mache nan tout peyi a, yo ale nan tout lavil yo pou moutre pčp la sa pou li fč.
| |
| | 2Ch 17:10 | ś Tout gouvčnman peyi ki te vwazen ak peyi Jida a te sitčlman pč Seyč a, yo yonn pa chache fč lagč ak wa Jozafa.
| |
| | 2Ch 17:11 | Lekontrč, te gen anpil moun Filisti ki te pote anpil kado ak anpil ajan ba li tankou si li te chčf yo. Ata moun peyi Arabi yo te pote sčtmil sčtsan (7.700) mouton ak sčtmil sčtsan (7.700) kabrit fč l' kado.
| |
| | 2Ch 17:12 | Se konsa, pouvwa Jozafa a t'ap vin pi fň chak jou. Nan tout peyi Jida a, li bati sitadčl ak lavil pou sčvi l' depo.
| |
| | 2Ch 17:13 | Li te gen pwovizyon an kantite nan tout lavil peyi a. Nan lavil Jerizalčm menm, li te gen anpil vanyan sňlda.
| |
| | 2Ch 17:14 | Men kantite ki te genyen dapre branch fanmi yo: Te gen Adna, kňmandan tout chčf batayon branch fanmi Jida a ak twasanmil (300.000) sňlda sou zňd li.
| |
| | 2Ch 17:15 | Li te gen avč l' Jokanan avčk desankatrevenmil (280.000) sňlda sou zňd li.
| |
| | 2Ch 17:16 | Avč l' toujou te gen Amasya, pitit Zikri a, ak desanmil (200.000) sňlda. Amasya sa a te pote tčt li limenm, san pesonn pa t' mande l' pou sčvi Seyč a.
| |
| | 2Ch 17:17 | Alatčt moun branch fanmi Benjamen yo te gen Elyada, yon vanyan sňlda, ak desanmil (200.000) sňlda ki te gen plak pwotčj ak banza.
| |
| | 2Ch 17:18 | Avč l' te gen Jeozabad avčk sankatrevenmil (180.000) sňlda byen ame pou lagč.
| |
| | 2Ch 17:19 | Se moun sa yo ki t'ap sčvi wa a lavil Jerizalčm, san konte lňt sňlda wa a te mete an ganizon nan lňt lavil ak ranpa nan peyi Jida a.
| |