| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | 2Ch 15:1 | ś Lespri Bondye te desann sou Azarya, pitit Občd.
| |
| | 2Ch 15:2 | Azarya soti al kontre wa Asa, li di l' konsa: -Koute sa m'ap di nou, ou menm Asa ansanm ak tout moun fanmi Jida ak fanmi Benjamen yo! Seyč a ap kanpe ak nou si nou menm tou nou kanpe avč l'. Si nou chache l', l'ap kite nou jwenn li. Men, si nou vire do ba li, l'ap vire do ban nou tou.
| |
| | 2Ch 15:3 | Pandan lontan, pčp Izrayčl la t'ap viv san Bondye tout bon an, san prčt pou moutre yo sa pou yo fč, san lalwa Bondye a.
| |
| | 2Ch 15:4 | Men, lč malč tonbe sou yo, yo tounen nan pye Seyč a, Bondye pčp Izrayčl la. Yo chache l', li kite yo jwenn li.
| |
| | 2Ch 15:5 | Nan tan sa yo, pesonn pa t' ka okipe zafč yo ak kč poze, paske te gen gwo dezňd pou tout moun nan tout peyi.
| |
| | 2Ch 15:6 | Nasyon t'ap kraze nasyon, yon lavil t'ap detwi yon lňt lavil, paske Bondye te lage tout kalite malč sou yo.
| |
| | 2Ch 15:7 | Men nou menm, mete gason sou nou! Pa dekouraje, paske n'ap jwenn rekonpans travay nou.
| |
| | 2Ch 15:8 | ś Lč Asa tande mesaj pitit Občd la te bay nan non Bondye, li pran kouraj. Li fč yo wete dčnye vye zidňl ki te nan peyi moun Jida yo ak nan peyi moun Benjamen yo, ansanm ak tout zidňl ki te nan lavil li te pran nan zňn mňn Efrayim yo. Li repare lotčl Seyč a ki te kanpe nan lakou devan gwo pyčs Tanp Seyč a.
| |
| | 2Ch 15:9 | Anpil moun soti toupatou nan peyi Efrayim, nan peyi Manase ak nan peyi Simeyon, yo vin jwenn Asa. Yo t'ap viv nan peyi a sou zňd li, paske yo te wč Seyč a te kanpe la avč l'. Asa reyini yo tout ansanm ak tout moun Jida yo ak moun Benjamen yo.
| |
| | 2Ch 15:10 | Yo tout reyini lavil Jerizalčm. Lč sa a, Asa te gen katňzan twa mwa depi li te wa.
| |
| | 2Ch 15:11 | Jou sa a, yo pran sčtsan (700) bčf ak sčtmil (7.000) mouton nan tou sa yo te pran nan men lčnmi yo, yo touye yo pou Seyč a.
| |
| | 2Ch 15:12 | Yo pran angajman pou yo sčvi Seyč a, Bondye zansčt yo a, ak tout kč yo, ak tout nanm yo.
| |
| | 2Ch 15:13 | Yo pwomčt pou yo touye nenpňt moun, kit se fanm kit se gason, kit se granmoun kit se jennmoun, ki pa soti pou sčvi Seyč a.
| |
| | 2Ch 15:14 | Yo fč sčman bay Seyč a byen fň y'ap kenbe angajman yo. Yo te kontan, yo t'ap rele, yo t'ap kňnen twonpčt ak klewon.
| |
| | 2Ch 15:15 | Tout moun peyi Jida yo te kontan, paske yo te fč sčman an ak tout kč yo. San pesonn pa fňse yo, yo te soti pou yo te chache konnen volonte Seyč a. Seyč a menm te kite yo jwenn li. Li fč yo viv ak kč poze ak tout moun nan vwazinaj yo.
| |
| | 2Ch 15:16 | Wa Asa menm rive wete Maka, grann li, nan pozisyon yo te ba li tankou manman Larenn nan peyi a, paske Maka te fč yon vye estati pou Achera. Asa kraze estati a an miyčt moso, li fč boule l' nan ravin Sedwon an.
| |
| | 2Ch 15:17 | Atout li pa t' rive fč disparčt tout kay zidňl yo, li menm li te toujou sčvi Seyč a ak tout kč li pandan lavi li.
| |
| | 2Ch 15:18 | Li pran tou sa papa l' te bay pou sčvis Bondye a, li mete yo nan Tanp lan ak tout bagay an lň ak an ajan li menm li te bay pou Bondye.
| |
| | 2Ch 15:19 | Pat gen lagč menm jouk wa Asa rive sou trannsenkan depi li t'ap gouvčnen.
| |