| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | 2Ch 13:1 | ś Jewoboram te gen dizwitan depi li te wa peyi Izrayčl la, lč Abija moute wa nan peyi Jida.
| |
| | 2Ch 13:2 | Li gouvčnen pandan twazan lavil Jerizalčm. Manman l' te rele Mikaja. Se te pitit fi Ouryčl, moun lavil Gibeya. Se te yon lagč san rete ant Abija ak Jewoboram.
| |
| | 2Ch 13:3 | Abija leve yon lame katsanmil (400.000) vanyan sňlda ki konn goumen. Jewoboram bň pa l' kanpe pou goumen kont Abija ak witsanmil (800.000) vanyan sňlda ki konn goumen.
| |
| | 2Ch 13:4 | De lame yo kontre nan mňn peyi Efrayim yo. Wa Abija kanpe sou mňn Zemarayim, li pale byen fň, li di: -Koute m' non, Jewoboram ak nou tout moun peyi Izrayčl yo!
| |
| | 2Ch 13:5 | Eske se konnen nou pa konnen Seyč a, Bondye pčp Izrayčl la, te pase yon kontra ak David, kontra ki pa kapab kase. Dapre kontra a, li mete gouvčnman pčp Izrayčl la nan men l' ak nan men fanmi l' pou tout tan.
| |
| | 2Ch 13:6 | Men, Jewoboram, pitit gason Nebat la, li menm ki t'ap sčvi ak Salomon, pitit David la, revňlte kont mčt li.
| |
| | 2Ch 13:7 | Apre sa, yon bann vňryen ak yon bann vakabon al mete tčt yo ansanm ak li, yo fňse Woboram, pitit gason Salomon an, yo fč l' fč sa yo vle, paske li te jenn, li te gen tčt fčb. Li pa t' ka kenbe tčt ak yo.
| |
| | 2Ch 13:8 | Koulye a, nou fč lide vin kraze otorite Seyč a te mete nan men fanmi David la, tou sa paske nou gen avčk nou yon gwo lame ak tout estati towo bčf an lň Jewoboram te fč pou sčvi nou bondye a.
| |
| | 2Ch 13:9 | Nou mete prčt Seyč yo, pitit Arawon yo, deyň ansanm ak moun Levi yo, lčfini nou fč tankou lňt nasyon yo, nou chwazi moun pa nou pou sčvi prčt. Nenpňt moun ki vin jwenn nou ak yon towo bčf osinon ak sčt mouton, nou fč l' prčt bondye nou yo ki pa bondye.
| |
| | 2Ch 13:10 | Men nou menm, se Seyč a ki Bondye nou. Nou pa janm vire do ba li. Prčt k'ap sčvi devan Seyč a se fanmi Arawon yo ye. Moun ki reskonsab sčvis yo se moun Levi yo ye.
| |
| | 2Ch 13:11 | Chak maten, chak aswč, y'ap ofri bčt yo boule nčt pou Seyč a ansanm ak lansan. Yo mete pen ki apa pou Bondye yo sou yon tab ki nan kondisyon pou sčvis Bondye. Chak aswč, yo limen lanp ki sou gwo lanp sčt branch lan. Nou fč tou sa Seyč a ban nou lňd fč. Men, nou menm moun peyi Izrayčl, nou vire do ba li.
| |
| | 2Ch 13:12 | Se Bondye menm ki alatčt nou avčk prčt li yo. Yo tou pare pou kňnen twonpčt yo pou bay siyal mache pran nou. Se poutčt sa, nou menm moun peyi Izrayčl yo, pa fč lagč ak Seyč a, Bondye zansčt nou yo. Paske se nou k'ap anba.
| |
| | 2Ch 13:13 | ś Jewoboram fč sňlda ki te dčyč yo fč yon detou al pase dčyč lame moun peyi Jida yo. Konsa, pifň sňlda li yo te kanpe sou devan lame moun Jida yo, ak yon bon valč sňlda li yo sou dčyč yo.
| |
| | 2Ch 13:14 | Lč moun peyi Jida yo voye je alawonn, yo wč yo te sčnen sou devan ak sou dčyč, yo rele mande Seyč a sekou. Prčt yo menm pran kňnen twonpčt yo.
| |
| | 2Ch 13:15 | Moun Jida yo bay yon sčl rčl byen fň, epi yo atake. Bondye fč Jewoboram ak tout lame moun Izrayčl yo pčdi devan Abija ak moun Jida yo.
| |
| | 2Ch 13:16 | Moun Izrayčl yo pran kouri pou moun Jida yo, Bondye lage yo nan men moun Jida yo.
| |
| | 2Ch 13:17 | Abija ak sňlda li yo touye yon pakčt ladan yo. Yo touye senksanmil (500.000) nan pi bon sňlda lame pčp Izrayčl la.
| |
| | 2Ch 13:18 | Se konsa moun peyi Izrayčl yo soti wont nan batay la, men moun peyi Jida yo soti pi fň, paske se sou Seyč a, Bondye zansčt yo a, yo te apiye.
| |
| | 2Ch 13:19 | Abija kouri dčyč Jewoboram, li pran lavil Betčl, lavil Jesana ak lavil Efwon ansanm ak tout ti bouk ki te sou kont yo.
| |
| | 2Ch 13:20 | Jewoboram pa janm pran pye ankň pandan tout rčy Abija. Bout pou bout, Seyč a frape l', li mouri.
| |
| | 2Ch 13:21 | Abija menm te vin pi fň toujou, li te gen katňz fanm ki te fč vennde pitit gason ak sčz pitit fi pou li.
| |
| | 2Ch 13:22 | Tout rčs istwa Abija a, tou sa li te fč ak tou sa li te di, nou jwenn yo nan liv istwa pwofčt Ido te ekri a.
| |