All NT OTBook
Compare Texts
1 Chronicles 1 1 Chronicles 29

2 Chronicles 1:1-17

2 Chronicles 2 Ezra 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
2Ch 1:1
 
ś Salomon, pitit gason wa David la, chita otorite gouvčnman l'. Seyč a, Bondye li a, te kanpe la avč l', li te ba li anpil pouvwa.  
 
2Ch 1:2
 
Wa Salomon fč rele tout pčp Izrayčl la, kňmandan rejiman mil sňlda yo, kňmandan divizyon san sňlda yo, jij yo, tout anplwaye gouvčnman an ak tout chčf fanmi yo.  
 
2Ch 1:3
 
Li ba yo lňd pou yo ale avč l' kote yo fč sčvis pou Bondye lavil Gabawon an, paske se la Tanp Randevou Bondye a te ye, tant Moyiz, sčvitč Seyč a, te fč lč yo te nan dezč a.  
 
2Ch 1:4
 
Men, David te fč yo pran Bwat Kontra a lavil Kiriyat-Jearim pou yo pote l' moute lavil Jerizalčm. Depi lč sa a, li te anba yon tant wa David te fč pou li.  
 
2Ch 1:5
 
Gwo lotčl kwiv Bezaleyčl, pitit Ouri, pitit pitit Our la, te fč a te lavil Gabawon tou devan Tant Randevou Seyč a. Se la wa Salomon ak tout pčp la vin pale ak Seyč a.  
 
2Ch 1:6
 
Devan Tant Randevou Seyč a, Salomon moute sou lotčl kwiv la, li touye mil bčt li fč boule nčt sou lotčl la.  
 
2Ch 1:7
 
Jou lannwit sa a, Bondye parčt devan Salomon, li di l' konsa: -Mande m' sa ou vle, m'ap ba ou li.  
 
2Ch 1:8
 
Salomon reponn li: -Ou te toujou moutre jan ou te renmen David, papa m', sčvitč ou la, anpil. Koulye a, se mwen menm ou mete nan plas li pou gouvčnen.  
 
2Ch 1:9
 
O Seyč, Bondye, kenbe pwomčs ou te fč papa m' lan! Ou mete m' wa pou m' gouvčnen yon pčp ki gen anpil anpil moun ladan l'. Yo pi plis pase grenn pousyč tč.  
 
2Ch 1:10
 
Se poutčt sa, ban mwen konesans ak bon konprann pou m' ka gouvčnen pčp sa a. Si se pa sa, mwen pa wč ki jan m'a fč pou m' gouvčnen pčp ou a ak tout moun sa yo ladan l'.  
 
2Ch 1:11
 
Bondye reponn Salomon: -Depi se sa ou wč ou ta renmen genyen! Ou pa mande m' ni richčs, ni byen, ni lwanj pou ou. Ou pa mande m' lanmň pou lčnmi ou yo, ni ou pa mande m' pou ou sa viv lontan. Ou annik mande m' konesans ak bon konprann pou ou ka kondi pčp mwen an, pčp mwen mete ou gouvčnen an.  
 
2Ch 1:12
 
M'ap ba ou konesans ak bon konprann. Men an plis, m'ap ba ou richčs, byen ak lwanj pase tout wa ki te la anvan ou, pase tout wa ki va vin apre ou.  
 
2Ch 1:13
 
ś Apre sa, Salomon kite kote yo konn fč sčvis pou Bondye lavil Gabawon an, kote Tant Randevou a te ye a, li tounen lavil Jerizalčm. Se la li gouvčnen pčp Izrayčl la.  
 
2Ch 1:14
 
Li te sanble milkatsan (1.400) cha lagč ak douzmil (12.000) chwal pou sňlda kavalye li yo. Li mete yon pňsyon ladan yo nan lavil li te fč bati espre pou yo. Rčs yo, li mete yo toupre l' lavil Jerizalčm.  
 
2Ch 1:15
 
Pandan tout rčy li, ajan ak lň te tankou wňch lavil Jerizalčm. Bwa sčd menm, ou te jwenn sa an kantite tankou pye sikomň nan rakbwa ki nan plenn peyi Jida yo.  
 
2Ch 1:16
 
Chwal Salomon yo te soti nan peyi Moukri ak nan peyi Silisi. Wa a te gen moun pa l' ki te konn al achte chwal yo la pou li.  
 
2Ch 1:17
 
Chak cha lagč yo te achte nan peyi Lejip te koute sisan (600) pyčs ajan, chak chwal te koute sansenkant (150) pyčs ajan. Se menm moun sa yo ki te konn al achte pou revann wa peyi Et yo ak wa peyi Siri yo.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
1 Chronicles 11 Chronicles 291 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 32 33 34 35 2 Chronicles 2Ezra 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards