All NT OTBook
Compare Texts
2 Kings 1 1 Chronicles 4

1 Chronicles 5:1-26

1 Chronicles 6 2 Chronicles 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
1Ch 5:1
 
ś Men moun branch fanmi Woubenn, premye pitit Izrayčl la. Se Woubenn ki te premye pitit gason, men li te pčdi dwa premye pitit li paske li te kouche ak yonn nan madanm papa l' yo. Se pitit Jozčf yo, yon lňt pitit Izrayčl, yo te bay dwa premye pitit la. Tansčlman, yo pa t' pote non Jozčf la sou rejis tankou premye pitit.  
 
1Ch 5:2
 
Lčfini, se branch fanmi Jida a ki te vin pi fň. Se li menm ki bay yon chčf pou gouvčnen tout branch fanmi yo. Men tout jan, se Jozčf yo te bay dwa premye pitit la.  
 
1Ch 5:3
 
Woubenn, pi gran nan pitit gason Izrayčl yo, te gen kat pitit gason: Enňk, Palou, Ezwon ak Kami.  
 
1Ch 5:4
 
Jočl te papa Chemaja, Chemaja te papa Gňg, Gňg te papa Chimeyi,  
 
1Ch 5:5
 
Chimeyi te papa Mika, Mika te papa Reaja, Reaja te papa Baal.  
 
1Ch 5:6
 
Baal te papa Bera, yonn nan chčf fanmi Woubenn yo. Se li menm Tiglat-Pilesč, wa peyi Lasiri a, te depňte.  
 
1Ch 5:7
 
Men lis lňt chčf fanmi Woubenn yo dapre rejis kote yo te ekri non yo. N'ap konmanse ak pi ansyen an. Te gen Jeyčl, Zakari,  
 
1Ch 5:8
 
Bela, pitit Aza, pitit pitit Chema nan branch fanmi Jočl. Se yo ki te rete nan zňn Awoyč, rive Nebo ak Baal Meon sou nan nň.  
 
1Ch 5:9
 
Yo te gen anpil mouton ak kabrit nan tout peyi Galarad la. Se konsa yo pran tout peyi a depi bň dezč a rive jouk bň larivyč Lefrat bň solčy leve.  
 
1Ch 5:10
 
Sou rčy wa Sayil, moun Woubenn yo atake moun Aga yo. Yo bat yo, yo pran tout tč moun yo ki sou bň solčy leve nan peyi Galarad.  
 
1Ch 5:11
 
Branch fanmi Gad la te rete sou bň nň moun branch fanmi Woubenn yo, nan peyi Bazan, rive Salka sou bň solčy leve.  
 
1Ch 5:12
 
Jočl te vin an premye. Apre li te gen Chafam, Janayi ak Chafat nan peyi Bazan.  
 
1Ch 5:13
 
Lňt moun nan fanmi an te fč sčt branch. Men non branch fanmi yo, dapre non zansčt yo: Mikayčl, Mechoulam, Cheba, Jorayi, Jakan, Zya ak Ebč.  
 
1Ch 5:14
 
Yo tout te pitit Abikayil ki te pitit Ouri. Ouri te pitit Jawoja ki te pitit Galarad. Galarad te pitit Mikayčl ki te pitit Jechichayi. Jechichayi te pitit Jakdo ki te pitit Bouz.  
 
1Ch 5:15
 
Aki, pitit Abdyčl, pitit pitit Gouni, te zansčt tout fanmi sa yo.  
 
1Ch 5:16
 
Yo te rete nan peyi Bazan ak nan peyi Galarad, nan lavil yo ak nan tout savann patiraj peyi Sawon an.  
 
1Ch 5:17
 
Se sou rčy Jotam, wa peyi Jida, ak Jewoboram, wa peyi Izrayčl, yo te fč rejis sa yo.  
 
1Ch 5:18
 
ś Branch fanmi Woubenn lan, branch fanmi Gad la ak mwatye branch fanmi Manase a te gen antou karannkatmil sčtsanswasant (44.760) sňlda, tout vanyan gason, ki konn sčvi ak pwotčj an fč ak nepe, ak banza. Yo te abil nan fč lagč.  
 
1Ch 5:19
 
Yo fč lagč ak moun Aga yo ki te rete lavil Jetou, lavil Nafich ak lavil Nodab.  
 
1Ch 5:20
 
Yo pa t' pou kont yo nan batay la. Yo te mete konfyans yo nan Bondye. Pandan batay la, yo lapriyč mande l' konkou. Bondye reponn yo, li lage tout moun Aga yo ansanm ak tout moun ki te avčk moun Aga yo nan men yo.  
 
1Ch 5:21
 
Yo pran senkantmil (50.000) chamo, desansenkantmil (250.000) mouton ak kabrit, demil (2.000) bourik nan men lčnmi yo. Yo fč sanmil (100.000) prizonye.  
 
1Ch 5:22
 
Yo touye anpil ladan lčnmi yo paske batay la se Bondye menm ki t'ap mennen l' pou yo. Se konsa yo rete nan zňn sa a jouk jou yo depňte yo.  
 
1Ch 5:23
 
Moun mwatye branch fanmi Manase ki sou bň solčy leve larivyč Jouden an te rete nan zňn ki soti Bazan moute nan nň rive Baalčmňn, lavil Sini ak mňn Emon. Yo te peple anpil.  
 
1Ch 5:24
 
Men non chčf fanmi yo: Efč, Icheyi, Eliyčl, Azryčl, Jeremi, Odavya ak Jadyčl. Mesye sa yo te vanyan sňlda, chčf fanmi yo. Tout moun t'ap nonmen non yo.  
 
1Ch 5:25
 
Men, pčp la te vire do bay Bondye zansčt yo a, y' al kouri fč sčvis pou bondye lňt nasyon Bondye te disparčt pou fč plas pou yo.  
 
1Ch 5:26
 
Se poutčt sa, Bondye pčp Izrayčl la fč Poul, wa peyi Lasiri a ki te rele Tiglat-Pilesč tou, anvayi peyi yo a, depňte moun branch fanmi Woubenn yo, moun branch fanmi Gad yo ak moun mwatye branch fanmi Manase yo. Li mennen yo lavil Ala, lavil Abň, lavil Ara ak bň larivyč Gozan kote yo rete jouk jounen jňdi a.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
2 Kings 11 Chronicles 41 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 1 Chronicles 62 Chronicles 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards