All NT OTBook
Compare Texts
2 Kings 1 1 Chronicles 28

1 Chronicles 29:1-30

2 Chronicles 1 2 Chronicles 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
1Ch 29:1
 
ś Lčfini, David pale ak tout moun ki te sanble la yo, li di yo konsa: -Salomon, pitit gason m' lan, se li menm Bondye chwazi, men li jenn anpil, li pa gen esperyans. Travay la anpil, paske se pa yon kay pou moun li pral bati, men yon tanp pou Bondye, Seyč a.  
 
1Ch 29:2
 
Mwen fč sa m' te kapab pou m' te pare materyo pou tanp lan: lň, ajan, kwiv, fč, bwa, bčl pyč oniks, bčl pyč pou sčvi ganiti, pyč malachit ak tout kalite lňt koulč, tout kalite bčl pyč koute chč ak mab an kantite.  
 
1Ch 29:3
 
Men, pou mete sou tou sa mwen pare pou kay n'ap mete apa pou Seyč a, mwen pran lň ak ajan mwen te genyen, mwen bay tout paske mwen renmen kay Bondye a anpil:  
 
1Ch 29:4
 
sanmil (100.000) kilo bon lň ki soti nan peyi Ofi, ak desantrant (230) kilo bon ajan pou dekore miray Tanp lan,  
 
1Ch 29:5
 
pou fč tout bčl bagay an lň osinon an ajan bňs atizan yo gen pou fč. Koulye a, kilčs ankň ki vle bay ak tout kč li pou Bondye?  
 
1Ch 29:6
 
Lč sa a, chčf branch fanmi yo, chčf chak fanmi pčp Izrayčl la, tout chčf rejiman mil sňlda yo ak chčf divizyon san sňlda yo, ak tout jeran ki t'ap travay pou wa a, fč kado yo te vle fč.  
 
1Ch 29:7
 
Yo bay sanswasannsenk (165) kilo lň, twasantrantmil (330.000) kilo ajan, sčtsanmil (700.000) kilo kwiv konsa, ak twa milyon twasanmil (3,300.000) kilo fč pou travay Tanp lan.  
 
1Ch 29:8
 
Sa ki te gen bčl pyč koute chč bay yo pou trezň Tanp lan ki te sou kont Jeyčl, yon moun Levi nan fanmi Gčchon an.  
 
1Ch 29:9
 
Pčp la menm te kontan bay sa yo t'ap bay pou Seyč a paske yo te fč l' ak tout kč yo. Wa David tou te kontan anpil.  
 
1Ch 29:10
 
ś Lč sa a, David fč lwanj Bondye devan tout pčp la ki te reyini. Li di konsa: -Lwanj pou ou, Seyč a, Bondye Izrayčl, papa nou, depi tout tan ak pou tout tan!  
 
1Ch 29:11
 
Seyč, ou gen pouvwa, ou gen kouraj! Se pou ou tout lwanj. W'ap donminen sou tout bagay pou tout tan. Tou sa ki nan syčl la ak sou latč a se pou ou yo ye. Se ou menm Seyč ki sel wa, paske ou sčl chčf sou tout bagay.  
 
1Ch 29:12
 
Se nan men ou tout richčs ak tout byen soti. Ou gouvčnen tout bagay avčk fňs ponyčt ou ak pouvwa ou. Se ou menm ki bay tout moun pouvwa ak fňs.  
 
1Ch 29:13
 
Koulye a, Bondye nou, nou di ou mčsi. N'ap fč lwanj pou ou sitčlman ou gen pouvwa.  
 
1Ch 29:14
 
Men, kisa m' ye, kisa pčp mwen an ye menm, pou m' ta kapab ofri ou tout bagay sa yo ak tout kč nou? Se nan men ou tout bagay sa yo soti, se nan sa nou resevwa nan men ou n'ap ba ou.  
 
1Ch 29:15
 
Seyč, ou konnen, devan ou se pase n'ap pase tankou moun k'ap vizite, menm jan ak tout zansčt nou yo. Lavi nou sou latč tankou yon nwaj k'ap pase. Wč pa wč fňk nou mouri.  
 
1Ch 29:16
 
Seyč, Bondye nou, nou pare tout richčs sa yo pou bati yon kay pou ou, ou menm ki yon Bondye apa. Men, se nan men ou yo tout yo soti, se pou ou yo tout ye.  
 
1Ch 29:17
 
Mwen konnen, Bondye mwen, ou sonde kč tout moun, ou kontan ak moun ki mache dwat. Se poutčt sa, ak tout kč mwen, mwen ofri ou tout bagay sa yo. Koulye a mwen wč jan pčp ou a ki sanble isit la, kontan pou yo pote ofrann pa yo pou ou tou ak tout kč yo.  
 
1Ch 29:18
 
Seyč, Mčt, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Izrayčl, Bondye zansčt nou yo, tanpri, fč pčp ou a pa janm pčdi bon santiman sa yo ki nan kč yo jňdi a.  
 
1Ch 29:19
 
Tanpri, bay Salomon, pitit gason m' lan, bon santiman tou pou li renmen ou nčt ale, pou li ka mache dapre lňd, regleman ak kňmandman ou yo nan tou sa l'ap fč, pou l' ka bati Tanp lan avčk tout materio mwen fin pare yo.  
 
1Ch 29:20
 
Apre sa David pale ankň ak tout pčp la ki te reyini, li di yo: -Annou fč lwanj pou Seyč a, Bondye nou an! Tout pčp la nčt pran fč lwanj Seyč a, Bondye zansčt yo. Yo mete jenou yo atč, yo bese tčt yo byen ba devan Seyč a ak devan wa a.  
 
1Ch 29:21
 
Nan denmen, yo ofri bčt pou yo touye pou Seyč a, yo boule kčk bčt nčt pou Seyč a: antou mil (1.000) ti towo bčf, mil (1.000) belye mouton, mil (1.000) jenn ti mouton ak ofrann diven ki fčt pou mache ak yo. Yo touye yon pakčt lňt bčt yo tč ofri bay Bondye pou pčp Izrayčl la.  
 
1Ch 29:22
 
Jou sa a, yo manje, yo bwč ak gwo kč kontan dčvan Seyč a. Apre sa yon dezyčm fwa, yo fč deklarasyon yo rekončt Salomon, pitit David la, pou wa yo. Yo fč sčvis mete l' apa pou l' chčf yo nan non Seyč a. Menm lč a, yo mete Zadňk apa pou l' sčvi granprčt nan non Seyč a tou.  
 
1Ch 29:23
 
ś Se konsa Salomon pran plas David, papa l', sou fotčy gouvčnman Seyč a te tabli a. Tout zafč l' te mache byen. Tout pčp Izrayčl la te obeyi l'.  
 
1Ch 29:24
 
Tout chčf yo, tout sňlda yo ansanm ak tout lňt pitit David yo te rekončt Salomon pou sčl chčf yo.  
 
1Ch 29:25
 
Seyč a te bay Salomon yon bčl pozisyon devan pčp la. Li te fč gouvčnman Salomon an kanpe fčm ak yon pouvwa ankenn lňt wa nan peyi Izrayčl la pa t' janm genyen anvan sa.  
 
1Ch 29:26
 
David, pitit gason Izayi a, te gouvčnen tout peyi Izrayčl la.  
 
1Ch 29:27
 
Li pase karantan ap gouvčnen pčp Izrayčl la. Pandan sčtan li te rete lavil Ebwon. Pandan rčs tranntwazan yo, li te rete lavil Jerizalčm.  
 
1Ch 29:28
 
Lč li mouri, li te granmoun anpil, men kč li te kontan. Li te gen anpil richčs. Tout moun t'ap fč lwanj pou li. Se Salomon, pitit gason l' lan, ki moute wa nan plas li.  
 
1Ch 29:29
 
Se nan liv istwa pwofčt Samyčl, liv istwa pwofčt Natan ak liv istwa pwofčt Gad nou jwenn istwa tou sa David te fč depi nan konmansman jouk li mouri.  
 
1Ch 29:30
 
Liv sa yo fč nou konnen jan li te gouvčnen, jan li te yon vanyan gason, ansanm ak tou sa ki te rive l', tou sa ki pase nan peyi Izrayčl la ak nan lňt peyi yo tou.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
2 Kings 11 Chronicles 281 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 2 Chronicles 12 Chronicles 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards