All NT OTBook
Compare Texts
2 Kings 1 1 Chronicles 25

1 Chronicles 26:1-32

1 Chronicles 27 2 Chronicles 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
1Ch 26:1
 
ś Men jan yo te separe travay la pou moun Levi ki t'ap sčvi tankou gad nan pňtay Tanp lan. Nan branch fanmi Kore a, te gen Mechelemya, pitit gason Kore a ki te yon pitit Ebyasaf.  
 
1Ch 26:2
 
Mechelemya te gen sčt pitit gason: Zakari pi gran an, Jedyayčl dezyčm lan, Zebadya twazyčm lan, Jatniyčl katriyčm lan.  
 
1Ch 26:3
 
Elam senkyčm lan, Joanan sizyčm lan ak Elioenayi setyčm lan.  
 
1Ch 26:4
 
Te gen Občd-Edon tou. Bondye te beni l', li te ba li wit pitit gason: Chenaja premye a, Jeozabad dezyčm lan, Joa twazyčm lan, Saka katriyčm lan, Netaneyčl senkyčm lan.  
 
1Ch 26:5
 
Amiyčl sizyčm lan, Isaka setyčm lan ak Peoultayi wityčm lan.  
 
1Ch 26:6
 
Chemaja, premye pitit Občd-Edon an, te gen sis pitit gason: Se yo ki te chčf nan branch fanmi yo paske yo te vanyan sňlda ak anpil ladrčs.  
 
1Ch 26:7
 
Men non pitit Chemaja yo: Otni, Refayčl, Občd, Elzabad, Eliyou ak Semakya. De dčnye yo te vanyan sňlda.  
 
1Ch 26:8
 
Se tout fanmi Občd-Edon an sa ansanm ak pitit yo ak frč yo. Yo tout te vanyan sňlda ak anpil ladrčs pou fč travay yo. Te gen swasannde moun antou nan fanmi Občd-Edon an.  
 
1Ch 26:9
 
Nan fanmi Mechelemya a, te gen antou dizwit gason, tout vanyan sňlda.  
 
1Ch 26:10
 
Nan branch fanmi Merari a te gen Oza ki te gen kat pitit gason: Se te Chimri ki te chčf fanmi an. Se pa li ki te premye pitit gason, men se papa l' ki te mete l' chčf fanmi an.  
 
1Ch 26:11
 
Ilkija dezyčm lan, Tebalya twazyčm lan, Zakari katriyčm lan. Sa te fč antou trčz frč ak pitit gason nan fanmi Oza a.  
 
1Ch 26:12
 
Travay gwoup moun sa yo se fč pňs nan pňtay Tanp lan. Yo te bay chak gwoup travay pa yo nan sčvis Tanp lan, tankou yo te fč l' pou lňt moun Levi yo.  
 
1Ch 26:13
 
Chak fanmi, gwo kou piti, piye pou yo konnen nan ki pňtay y'ap fč travay yo.  
 
1Ch 26:14
 
Chelemya soti pou pňtay ki bay sou solčy leve a. Pňtay nň a soti pou Zakari, pitit gason l' lan, ki te konn bay moun bon konsčy.  
 
1Ch 26:15
 
Pňtay sid la soti pou Občd-Edon. Pitit gason l' yo te gen depo yo sou kont yo.  
 
1Ch 26:16
 
Pňtay solčy kouche a ak pňtay Chalechčt ki bay sou chemen ki moute a te sou kont Choupim ak Oza. Chak faksyonnč, yonn apre lňt, te gen lč sčvis pa yo.  
 
1Ch 26:17
 
Chak jou, te gen sis gad pou pňtay bň solčy leve a, kat gad pou pňtay nň a, kat gad pou pňtay sid la ak de gad pou chak depo yo.  
 
1Ch 26:18
 
Pou pňsyon kay ki bay sou solčy kouche a, te gen kat gad pou wout la ak de gad pou pňsyon kay la menm.  
 
1Ch 26:19
 
Men travay yo te bay moun fanmi Kore yo ak moun fanmi Merari yo.  
 
1Ch 26:20
 
ś Gen lňt moun Levi yo te mete reskonsab trezň Tanp lan ak depo kote yo mete tout bagay ki apa pou Bondye yo.  
 
1Ch 26:21
 
Layedan, yonn nan pitit Gčchon yo, te zansčt anpil fanmi. Yonn ladan yo te fanmi Jekiyčl yo.  
 
1Ch 26:22
 
Pitit Jekiyčl yo ak pitit frč l' yo, Zetam ak Jočl, te reskonsab trezň Tanp Seyč a.  
 
1Ch 26:23
 
Yo te bay pitit Amram yo, pitit Isa yo, pitit Ebwon yo ak pitit Ouzyčl yo travay pa yo tou.  
 
1Ch 26:24
 
Chebwčl, yonn nan fanmi Gčchňm, pitit gason Moyiz la, te premye reskonsab trezň Tanp lan.  
 
1Ch 26:25
 
Sou bň Elyezč, tonton li, li te fanmi ak Rekabya, pitit Elyezč a, ki te papa Jezaja. Jezaja sa a te papa Joram, Joram te papa Zikri, Zikri te papa Chelomit.  
 
1Ch 26:26
 
Se Chelomit sa a ansanm ak fanmi l' yo ki te reskonsab depo tout bagay wa David, chčf fanmi yo, kňmandan rejiman mil sňlda yo, kňmandan divizyon san sňlda yo ak tout lňt gwo chčf nan lame a te mete apa pou Seyč a.  
 
1Ch 26:27
 
Nan bagay yo te pran nan lagč, yo te mete kčk ladan yo apa pou fč Tanp lan pi bčl.  
 
1Ch 26:28
 
Te gen bagay Samyčl, pwofčt la, wa Sayil, pitit gason Kich la, Abnč, pitit Nč a, ak Joab, pitit Sewouya a, te mete apa pou sčvis Bondye. Tou sa te sou kont Chelomit ak fanmi l' yo.  
 
1Ch 26:29
 
ś Nan branch fanmi Jizeya a, te gen Kenanya ak pitit gason l' yo ki te reskonsab travay ki fčt an deyň Tanp lan pou pčp Izrayčl la. Se yo ki te kenbe tout papye konsekan yo, epi ki te rann jijman nan tribinal.  
 
1Ch 26:30
 
Nan branch fanmi Ebwon an, te gen Asabya ak fanmi l' yo, antou milsčtsan (1700) vanyan gason ki te reskonsab enspekte zňn peyi Izrayčl ki te sou bň solčy kouche larivyč Jouden an, pou wč si tout bagay ki gen rapň ak sčvis Seyč a ansanm ak zafč wa a t'ap mache byen.  
 
1Ch 26:31
 
David te gen karantan depi li te wa, lč yo mennen yon ankčt nan branch fanmi Ebwon an. Lč sa a, yo jwenn te gen anpil vanyan sňlda nan fanmi sa a ki t'ap viv lavil Jazč nan zňn Galarad. Chčf fanmi Ebwon an te rele Jerija.  
 
1Ch 26:32
 
Nan fanmi an, te gen antou demilsčtsan (2700) vanyan gason ki te chčf fanmi yo. Wa David te mete yo reskonsab branch fanmi Woubenn lan, branch fanmi Gad la ak mwatye nan branch fanmi Manase a ki t'ap viv lňt bň larivyč Jouden sou bň solčy leve, pou wč si tout bagay ki gen rapň ak sčvis Bondye ansanm ak zafč wa a t'ap mache byen.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
2 Kings 11 Chronicles 251 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 1 Chronicles 272 Chronicles 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards