| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | 1Ch 23:1 | ś David te fin vye granmoun, li te fin viv kont li, lč li mete Salomon, pitit li a, wa sou pčp Izrayčl la.
| |
| | 1Ch 23:2 | Li reyini tout chčf pčp Izrayčl yo, tout prčt yo ak tout moun Levi yo.
| |
| | 1Ch 23:3 | Li fč konte tout moun Levi yo, depi sa ki gen trantan pou pi piti rive sou sa ki pi gran yo. Antou yo jwenn trantwimil (38.000) gason.
| |
| | 1Ch 23:4 | David mete vennkatmil (24.000) pou dirije travay tanp lan, simil (6000) pou ekri tou sa k'ap pase ak pou rann jistis,
| |
| | 1Ch 23:5 | katmil (4000) pou fč pňs nan pňtay la ak katmil (4000) pou fč lwanj Seyč a ak enstriman mizik David te fč fč pou sa.
| |
| | 1Ch 23:6 | David separe moun Levi yo fč twa gwoup dapre branch fanmi pitit gason Levi yo: Gčchon, Keyat ak Merari.
| |
| | 1Ch 23:7 | Gčchon te gen de pitit gason: Layedan ak Chimčyi.
| |
| | 1Ch 23:8 | Layedan te fč twa pitit gason: Yekiyčl, pi gran an, Zetam ak Jočl.
| |
| | 1Ch 23:9 | Chimeyi te fč twa pitit gason tou: Chelomit, Aziyčl ak Aran. Se yo ki te chčf fanmi moun Layedan yo.
| |
| | 1Ch 23:10 | Chimeyi te gen kat lňt pitit gason: Jaka, Ziza, Jeouch ak Berya.
| |
| | 1Ch 23:11 | Se Jaka ki te pi gran, Ziza te dezyčm pitit la. Jeouch ak Berya pa t' gen anpil pitit. Se konsa yo mete yo ansanm, yo pase pou yon sčl branch fanmi.
| |
| | 1Ch 23:12 | Keyat te gen kat pitit: Amram, Jizeya, Ebwon ak Ouzyčl.
| |
| | 1Ch 23:13 | Amram te gen de pitit gason: Arawon ak Moyiz. Bondye te mete Arawon ak pitit li yo apa pou yo okipe pyčs ki apa nčt pou Bondye a, pou boule lansan devan Seyč a, pou yo sčvi l', pou yo beni pčp la nan non li. Se te travay pa yo sa pou tout tan.
| |
| | 1Ch 23:14 | Moyiz te moun Bondye a menm. Pitit li yo te fč pati branch fanmi Levi a tou.
| |
| | 1Ch 23:15 | Moyiz te gen de pitit gason: Gčchňm ak Elyezč.
| |
| | 1Ch 23:16 | Premye pitit Gčchňm lan te rele Chebwčl.
| |
| | 1Ch 23:17 | Elyezč li menm te gen Rekabya pou premye pitit. Li pa t' fč lňt pitit gason ankň. Men Rekabya te fč anpil pitit.
| |
| | 1Ch 23:18 | Premye pitit Jizeya a te rele Chelomit.
| |
| | 1Ch 23:19 | Men pitit Ebwon yo: Premye a te rele Jerija, dezyčm lan Amarya, twazyčm lan Jakazyčl, katriyčm lan Jekameam.
| |
| | 1Ch 23:20 | Men pitit Ouzyčl yo: Miche, premye a ak Jikija, dezyčm lan.
| |
| | 1Ch 23:21 | Merari te gen de pitit gason: Makli ak Mouchi. Makli te gen de pitit gason: Eleaza ak Kich.
| |
| | 1Ch 23:22 | Eleaza mouri san kite pitit gason. Pitit fi ase li te genyen. Yo marye ak kouzen yo, pitit gason Kich yo.
| |
| | 1Ch 23:23 | Mouchi te gen twa pitit gason: Makli, Edč ak Jerimňt.
| |
| | 1Ch 23:24 | ś Se tout moun nan ras Levi yo sa, dapre fanmi yo, ki te gen non yo kouche nan rejis tankou chčf fanmi. Yo chak te gen travay pa yo nan sčvis kay Seyč a, depi sa ki gen ventan pou pi piti rive sou pi gran yo.
| |
| | 1Ch 23:25 | David te di: -Seyč a, Bondye pčp Izrayčl la, te fč pčp li a viv ak kč poze. Li menm, Seyč a, l'ap toujou rete lavil Jerizalčm.
| |
| | 1Ch 23:26 | Konsa, moun Levi yo p'ap nan pote Tant Randevou Seyč a ankň ansanm ak tout bagay yo bezwen pou fč sčvis pou li ankň.
| |
| | 1Ch 23:27 | Se konsa, dapre dčnye pawňl sa yo David te di lč sa a, yo enskri tout moun Levi yo, depi sa ki gen ventan pou pi piti rive sou pi gran yo.
| |
| | 1Ch 23:28 | Travay yo se ede prčt yo, pitit Arawon yo, nan sčvis y'ap fč nan Tanp Seyč a. Se yo ki pou okipe lakou yo ak tout pyčs nan Tanp lan. Se yo ki pou veye pou tout bagay rete nan kondisyon pou fč sčvis Bondye a. Se yo ki reskonsab tout lňt sčvis nan Tanp lan.
| |
| | 1Ch 23:29 | Yo te reskonsab pen yo te ofri bay Bondye yo, farin frans yo sčvi pou fč ofrann yo, pen san ledven yo, ofrann farin melanje ak lwil yo. Se yo ki te reskonsab peze ak mezire ofrann nan Tanp lan.
| |
| | 1Ch 23:30 | Lčfini, se pou yo la nan Tanp lan chak jou, nan maten ak nan aswč, pou di Bondye mčsi, pou fč lwanj pou li.
| |
| | 1Ch 23:31 | Se pou yo la tou lč y'ap fč ofrann pou yo boule nčt pou Seyč a jou repo yo, premye jou chak mwa yo, ak pou lňt jou fčt yo. Te gen regleman ki te bay travay moun Levi yo gen pou fč ak kantite moun ki pou fč chak travay. Se te reskonsablite yo pou yo te toujou ap sčvi Seyč a.
| |
| | 1Ch 23:32 | Se yo menm tou ki te reskonsab okipe Tant Randevou a, ak kote yo mete apa pou Seyč a, ak prčt yo, fanmi yo ki soti nan branch fanmi Arawon an, lč y'ap sčvi nan Tanp lan.
| |