All NT OTBook
Compare Texts
2 Kings 1 1 Chronicles 20

1 Chronicles 21:1-30

1 Chronicles 22 2 Chronicles 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
1Ch 21:1
 
ś Yon jou, Satan move sou pčp Izrayčl la, li pouse David al konte konbe moun ki nan pčp Izrayčl la.  
 
1Ch 21:2
 
Wa a pale ak Joab ansanm ak lňt chčf yo, li di yo konsa: -Ale nan tout branch fanmi Izrayčl yo, depi lavil Bčtcheba nan sid jouk lavil Dann nan nň. Konte dčnye moun ki nan pčp la. Lčfini, fč m' yon rapň pou m' ka konnen konbe moun ki gen nan peyi a.  
 
1Ch 21:3
 
Men Joab di wa a konsa: -Monwa, mwen mande Seyč a pou li fč pčp Izrayčl la vin san fwa pi plis pase jan li ye koulye a. Lčfini, monwa, ou konnen yo tout la ap sčvi ou. Men poukisa, monwa, ou vle fč sa? Poukisa ou vle pňte pčp Izrayčl la fč sa ki mal?  
 
1Ch 21:4
 
Men, wa a pa t' soti pou li chanje lňd li te bay la. Konsa, Joab pati, li vwayaje nan tout peyi a. Apre sa, li tounen lavil Jerizalčm.  
 
1Ch 21:5
 
Joab renmčt wa a rapň ki bay kantite moun ki te gen antou nan tout peyi a. Se konsa yo te jwenn yon milyon sanmil (1.100.000) gason ki konn sčvi ak nepe nan peyi Izrayčl la ak katsanswasanndimil (470.000) nan peyi Jida a.  
 
1Ch 21:6
 
Men Joab pa t' konte moun ni nan branch fanmi Levi a, ni nan branch fanmi Benjamen an, paske lňd wa a te bay la pa t' antre nan santiman l' menm.  
 
1Ch 21:7
 
ś Men, sa David te fč a pa t' fč Bondye plezi. Bondye pini pčp Izrayčl la.  
 
1Ch 21:8
 
Lč sa a, David di Bondye: -Sa m' fč la a, se yon gwo peche. Koulye a, tanpri, padonnen m'. Pa bliye se sčvitč ou mwen ye. Mwen te aji tankou moun fou.  
 
1Ch 21:9
 
Seyč a pale ak pwofčt Gad, konseye David la, li di l' konsa:  
 
1Ch 21:10
 
-Ale pale ak David. W'a di l' men mesaj Seyč a voye ba ou. Li mete twa chatiman devan ou. Ou menm, w'a chwazi yonn ladan yo. Sa w'a chwazi a, se sa l'a fč ou.  
 
1Ch 21:11
 
Se konsa Gad al jwenn David lakay li, li di l' konsa: -Men sa Seyč a voye di ou: Kisa ou vle?  
 
1Ch 21:12
 
Twa lanne grangou nan tout peyi a, twa mwa ap kouri devan lčnmi k'ap pousib ou ak sňlda yo, osinon twa jou ap sibi chatiman Seyč a ak yon epidemi nan tout peyi a, pou zanj Seyč a menm ap mache touye moun nan tout peyi Izrayčl la? Al kalkile sou sa pou fe m' konnen ki repons pou m' pote bay moun ki voye m' lan.  
 
1Ch 21:13
 
David reponn: -M' nan gwo tčt chaje! Men, m' pa vle tonbe anba men lčzňm menm! Pito se Seyč a ki pini m', paske li gen bon kč!  
 
1Ch 21:14
 
Se konsa, Seyč a voye yon epidemi sou pčp Izrayčl la. Li touye swasanndimil (70.000) moun nan pčp Izrayčl la.  
 
1Ch 21:15
 
Seyč a te voye zanj li sou lavil Jerizalčm pou detwi l'. Lč zanj lan konmanse fč travay li, Seyč a wč sa, li fč lide sispann chatiman an. Li di zanj ki t'ap touye moun yo: -Sispann! Kenbe men ou! Lč sa a, zanj lan te gen tan toupre glasi Onan an, moun lavil Jebis la.  
 
1Ch 21:16
 
David voye je l', li wč zanj Seyč a kanpe nan lč a, san pye l' pa touche tč, bra l' lonje sou lavil Jerizalčm ak yon nepe nan men l'. Lč sa a, David ak chčf fanmi yo, rad sak yo sou yo, bese tčt yo jouk atč.  
 
1Ch 21:17
 
David pale ak Seyč a, li di l' konsa: -Se mwen menm ki te mande pou yo konte moun yo. Se mwen menm ki antň. Se mwen menm ki fč sa ki mal. Kisa moun sa yo fč? Se mouton yo ye. Tanpri, Seyč, Bondye mwen, pa voye ankenn malč sou pčp la. Se mwen menm ansanm ak fanmi mwen pou ou ta pini.  
 
1Ch 21:18
 
ś Zanj Seyč a te bay pwofčt Gad lňd pou l' te al mande David pou l' moute lakay Onan, moun lavil Jebis la, bati yon lotčl pou Seyč a nan mitan glasi a.  
 
1Ch 21:19
 
David koute sa Gad te di l' la, li moute lakay Onan jan Seyč a te ba li lňd la.  
 
1Ch 21:20
 
Onan menm t'ap bat ble ansanm ak kat pitit gason l' yo ki te la avč l' sou glasi a. Lč yo wč zanj lan, pitit li yo kouri al kache.  
 
1Ch 21:21
 
Onan vire tčt li, li wč David ki t'ap vini. Li kite glasi a, li tonbe ajenou devan wa a, li bese tčt li jouk fwon li touche tč.  
 
1Ch 21:22
 
David di Onan konsa: -Vann mwen anplasman glasi a pou m' bati yon lotčl pou Seyč a. Ban mwen li pou pri li vo. Konsa, epidemi k'ap fini ak pčp la va sispann.  
 
1Ch 21:23
 
Onan di David konsa: -Monwa, ou mčt pran l' pou fč sa ou vle avč l'. Men m'ap bay bčf sa yo pou ou boule nčt sou lotčl la. Men jouk bčf yo ak bwa kabwa yo pou fč dife, ak ble pou sčvi ofrann grenn jaden an. M'ap ba ou tout bagay sa yo.  
 
1Ch 21:24
 
Men wa David reponn Onan, li di l': -Non. Se achte m'ap achte. Se pou m' peye ou sa yo vo. M' pa ka ofri Seyč a sa ki pou ou. Mwen p'ap pran anyen ki pa koute m' lajan pou m' ofri bay Seyč a.  
 
1Ch 21:25
 
Se konsa David bay Onan swasant pyčs lň pou anplasman glasi a.  
 
1Ch 21:26
 
Lčfini, li bati yon lotčl pou Seyč a, li fč ofrann bčt boule pou Bondye ak ofrann pou di Bondye mčsi. Li lapriyč nan pye Seyč a. Seyč a reponn li, li voye dife soti nan syčl la pou boule ofrann ki sou lotčl la.  
 
1Ch 21:27
 
Lč sa a, Seyč a bay zanj li a lňd pou li mete nepe li nan djenn li ankň.  
 
1Ch 21:28
 
Lč David wč Seyč a te reponn lapriyč li te fč nan pye l' sou glasi Onan, moun lavil Jebis la, li ofri bčt pou touye sou lotčl la.  
 
1Ch 21:29
 
Men lč sa a, Tant Randevou Moyiz te fč moute pou Seyč a nan dezč a ansanm ak lotčl pou boule ofrann bčt yo te sou mňn Gabawon toujou, kote yo te mete apa pou Seyč a.  
 
1Ch 21:30
 
Men, David pa t' ka ale la pou adore Seyč a, paske li te pč nepe zanj Seyč a.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
2 Kings 11 Chronicles 201 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 1 Chronicles 222 Chronicles 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards