All NT OTBook
Compare Texts
2 Kings 1 1 Chronicles 17

1 Chronicles 18:1-17

1 Chronicles 19 2 Chronicles 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
1Ch 18:1
 
ś Apre sa, David atake moun Filisti yo ankň. Li bat yo byen bat. Se konsa li pran lavil Gat ak tout ti bouk ki te sou lňd li yo, nan men moun Filisti yo.  
 
1Ch 18:2
 
Lčfini, li bat moun peyi Moab yo. Moun Moab yo soumčt devan David. Li fč yo peye taks ba li chak lč.  
 
1Ch 18:3
 
Apre sa, li bat Adadezč, wa peyi Zoba a, ki t'ap mache pran zňn ki sou anwo larivyč Lefrat la.  
 
1Ch 18:4
 
David pran mil (1.000) cha lagč, sčt mil (7.000) kavalye nan lame wa Adadezč a, li fč yo prizonye ansanm ak venmil (20.000) sňlda ki t'ap mache apye. Lč li fin wete kont chwal pou san (100) cha lagč, li fč koupe jarčt tout rčs chwal yo.  
 
1Ch 18:5
 
Moun Siri lavil Damas yo voye yon lame pou pote Adadezč, wa peyi Zoba a, konkou. David atake yo, li bat yo tou. Li touye venndemil (22.000) sňlda.  
 
1Ch 18:6
 
Apre sa, David mete moun pa l' pou gouvčnen peyi Damas la. Moun Siri yo soumčt devan li. Li fč yo peye taks chak lč. Se konsa Seyč a te fč David genyen tout batay kote l' pase.  
 
1Ch 18:7
 
David sezi tout gwo plak pwotčj an lň chčf lame wa Adadezč yo, li pote yo lavil Jerizalčm.  
 
1Ch 18:8
 
Li pran yon gwo kantite kwiv li te jwenn lavil Tiba ak lavil Koun ki te pou Adadezč. Se ak kwiv sa yo Salomon te fč gwo basen lan, poto won yo ak lňt veso an kwiv pou Tanp lan.  
 
1Ch 18:9
 
ś Lč Towou, wa lavil Amat la, tande jan David te kraze tout lame Adadezč a,  
 
1Ch 18:10
 
li voye pitit li, Adouram al wč David pou di l' bonjou, epi pou fe l' konpliman deske li te bat Adadezč, paske Towou te toutan ap fč lagč ak Adadezč. Adouram te pote kado fčt an lň, an ajan ak an kwiv bay David.  
 
1Ch 18:11
 
Wa David pran tout bagay sa yo, li mete yo apa pou sčvis Seyč a, ansanm ak tout lň ak tout ajan li te pran lakay moun lňt nasyon li te fč soumčt devan li, ki vle di moun peyi Edon, moun peyi Moab, moun peyi Amon, moun peyi Filisti ak moun peyi Amalčk.  
 
1Ch 18:12
 
Apre sa, Abichayi, pitit gason Sewouja a, touye dizwitmil (18.000) moun peyi Edon nan Fon Sčl la.  
 
1Ch 18:13
 
Li mete kčk ganizon sňlda nan teritwa Edon an. Tout moun Edon yo soumčt devan David. Se konsa, Seyč a te fč David genyen tout batay kote l' pase.  
 
1Ch 18:14
 
David t'ap gouvčnen tout pčp Izrayčl la. Li te fč tout moun jistis san patipri. Li te fč tout afč l' dwat.  
 
1Ch 18:15
 
Joab, pitit gason Sewouya a, te kňmandan chčf lame a. Jozafa, pitit gason Akiloud la, te reskonsab achiv yo.  
 
1Ch 18:16
 
Zadňk, pitit gason Akitoub, ak Akimelčk, pitit gason Abyata a, te prčt. Chaoucha te sekretč.  
 
1Ch 18:17
 
Benaja, pitit gason Jeojada a, te chčf keretyen yo ak pelesyen yo ki te gad pčsončl wa a. Pitit gason David yo menm te gwo chčf apre wa a.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
2 Kings 11 Chronicles 171 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 1 Chronicles 192 Chronicles 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards