All NT OTBook
Compare Texts
2 Kings 1 1 Chronicles 16

1 Chronicles 17:1-27

1 Chronicles 18 2 Chronicles 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
1Ch 17:1
 
ś Wa David te byen chita nan palč li. Yon jou li fč rele pwofčt Natan, li di l' konsa: -Gade! Mwen rete nan yon kay bati ak bwa sčd, men Bwat Kontra Seyč a se anba yon kay twal li ye.  
 
1Ch 17:2
 
Natan reponn li: -Tou sa ou gen lide fč, ou mčt fč l' paske Seyč a kanpe la avčk ou.  
 
1Ch 17:3
 
Men, menm jou lannwit sa a, Bondye pale ak Natan. Li di l' konsa:  
 
1Ch 17:4
 
-Ale di David, sčvitč m' lan, men sa mwen menm Seyč a, mwen voye di l': Se pa ou menm ki pral bati yon tanp pou m' rete.  
 
1Ch 17:5
 
Depi jou mwen te fč moun pčp Izrayčl yo soti kite peyi Lejip rive jňdi a, mwen pa janm rete nan yon kay. Tout kote m' pase, se anba yon tant twal mwen toujou ye.  
 
1Ch 17:6
 
Nan tout deplasman mwen ansanm ak moun Izrayčl yo, mwen pa janm mande yonn nan chčf mwen te chwazi pou gouvčnen pčp mwen an poukisa yo pa bati yon kay ak bwa sčd pou mwen.  
 
1Ch 17:7
 
Koulye a, men sa w'a di David, sčvitč m' lan: Men sa Seyč ki gen tout pouvwa a voye di ou: Se mwen menm ki te pran ou dčyč mouton ou t'ap gade nan savann yo, mwen mete ou chčf pčp Izrayčl la, pčp mwen an.  
 
1Ch 17:8
 
Kote ou pase, mwen te kanpe la avč ou. Mwen kraze tout lčnmi ou yo devan ou. Mwen pral fč yo nonmen non ou tankou y'ap nonmen non pi gwo chčf ki sou latč.  
 
1Ch 17:9
 
Lčfini, mwen pare yon kote pou pčp Izrayčl mwen an. Mwen pral tabli yo la pou yo ka viv san yo pa bezwen pč anyen ankň. Mechan p'ap vin maltrete yo ankň jan yo te konn fč l' anvan an,  
 
1Ch 17:10
 
lč mwen te mete jij chčf yo pou gouvčnen pčp Izrayčl mwen an. M'ap delivre ou anba men tout lčnmi ou yo. Mwen te fč ou konnen m'ap ba ou pitit ak pitit pitit.  
 
1Ch 17:11
 
Lč lč a va rive pou ou mouri, lč y'a antere ou, m'ap pran yonn nan pitit ou yo, m'ap mete l' wa nan plas ou. M'ap fč gouvčnman l' lan kanpe fčm.  
 
1Ch 17:12
 
Se li menm ki va bati yon tanp pou mwen, m'ap fč gouvčnman l' lan kanpe fčm pou tout tan.  
 
1Ch 17:13
 
M'ap yon papa pou li. Li menm l'ap yon pitit pou mwen. Mwen p'ap lage l' jan mwen te lage moun ki te wa anvan ou lan.  
 
1Ch 17:14
 
M'ap mete l' chčf lakay mwen ak nan gouvčnman mwen an pou tout tan. M'ap fč gouvčnman fanmi li an kanpe fčm pou tout tan.  
 
1Ch 17:15
 
Natan rakonte David tou sa Bondye te fč l' konnen nan vizyon an.  
 
1Ch 17:16
 
ś Aprč sa, wa David ale nan Tanp lan, li chita devan Seyč a, li di l' konsa: -Seyč Bondye sčl Mčt la, kisa mwen ye? Kisa fanmi mwen ye pou ou te fč tout sa ou deja fč pou nou?  
 
1Ch 17:17
 
Men, ou wč sa pa kont toujou, Bondye sčl Mčt la! Kifč koulye a w'ap fč konnen sa ki pral rive fanmi mwen denmen nan lanne k'ap vini yo. Ou trete m' tankou yon grannčg, Seyč sčl Mčt la.  
 
1Ch 17:18
 
Kisa mwen menm David, mwen ka di ou, Seyč, apre sa pou bčl bagay ou fč pou mwen yo? Ou konnen ki moun mwen ye, mwen menm k'ap sčvi ou la.  
 
1Ch 17:19
 
Se paske ou te fč pwomčs la, paske ou te vle l' konsa, Seyč, kifč ou te fč tout bčl bagay sa yo pou ou te fč m' konnen yo.  
 
1Ch 17:20
 
Seyč, Bondye mwen, pa gen tankou ou. Pa gen lňt Bondye pase ou menm! Yo te toujou di nou sa.  
 
1Ch 17:21
 
Pa gen lňt nasyon sou latč tankou pčp Izrayčl la. Se ou menm ki delivre yo pou yo te ka tounen yon pčp ki rele ou pa ou. Se pou yo ase ou fč sa! Toupatou sou latč y'ap nonmen non ou pou gwo mirak ak bčl bagay ou fč pou yo. Ou mete lňt nasyon deyň pou fč plas pou pčp ou a, pčp ou te delivre anba pouvwa pčp peyi Lejip la.  
 
1Ch 17:22
 
Ou fč pčp Izrayčl la tounen pčp pa ou pou tout tan, ou menm ou tounen Bondye yo.  
 
1Ch 17:23
 
Koulye a, Seyč, Bondye, se pou ou kenbe pwomčs ou te fč sčvitč ou la ansanm ak fanmi li an. Se pou ou fč sa ou di w'ap fč a.  
 
1Ch 17:24
 
Kenbe pwomčs ou pou tout moun rekončt jan ou gen pouvwa, pou yo di: Se Seyč ki gen tout pouvwa a ki Bondye pčp Izrayčl la vre. Se yon Bondye pou pčp Izrayčl la. Konsa, gouvčnman ki nan men fanmi David, sčvitč ou la, va kanpe fčm pou tout tan devan ou.  
 
1Ch 17:25
 
Se ou menm, Bondye mwen, ki te fč m' konnen tou sa. Ou te di m', mwen menm sčvitč ou la, w'ap ban mwen yon fanmi, lčfini w'ap fč baton gouvčnman an toujou rete nan men fanmi mwen. Se poutčt sa mwen gen kouraj fč lapriyč sa a nan pye ou.  
 
1Ch 17:26
 
Koulye a, Seyč, se ou ki Bondye, se ou ki pwomčt sčvitč ou la bčl bagay sa yo.  
 
1Ch 17:27
 
Tanpri, beni tout fanmi mwen apre mwen, pou yo ka toujou anba pwoteksyon ou. Wi, Seyč, se ou ki bay benediksyon. Se pou ou toujou voye benediksyon ou sou fanmi mwen.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
2 Kings 11 Chronicles 161 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 1 Chronicles 182 Chronicles 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards