All NT OTBook
Compare Texts
2 Kings 1 1 Chronicles 15

1 Chronicles 16:1-43

1 Chronicles 17 2 Chronicles 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
1Ch 16:1
 
ś Yo pote Bwat Kontra Seyč a, yo mete l' nan plas li nan tant David te moute pou li a. Apre sa, yo ofri bčt pou boule nčt pou Bondye, ak ofrann pou di Bondye mčsi.  
 
1Ch 16:2
 
Lč David fin fč ofrann sa yo, li beni pčp la nan non Seyč a.  
 
1Ch 16:3
 
Li separe manje bay tout moun pčp Izrayčl yo, fanm kou gason. Li bay yo chak yon pen, yon moso vyann woti ak yon pen rezen.  
 
1Ch 16:4
 
David chwazi kčk moun Levi pou reskonsab sčvis y'ap fč devan Bwat Kontra a pou Seyč a, Bondye pčp Izrayčl la, pou adore l', pou di l' mčsi, pou fč lwanj li.  
 
1Ch 16:5
 
Li mete Asaf chčf ak Zakari pou vin apre li. Sou zňd yo te gen Aziyčl, Chemiramňt, Jekiyčl, Matitya, Eliyab, Benaja, Občd-Edon, Jeyčl pou jwe enstriman mizik yo, gita ak bandjo. Asaf menm t'ap bat senbal ki fč gwo bri yo.  
 
1Ch 16:6
 
Se Benaja ak Jaziyčl, prčt yo, ki te pou kňnen twonpčt devan Bwat Kontra Bondye a tout tan.  
 
1Ch 16:7
 
ś Se lč sa a, pou premye fwa, David te bay Asaf ak lňt moun Levi yo reskonsablite pou yo fč lwanj Seyč a.  
 
1Ch 16:8
 
Lwanj pou Seyč a! Fč konnen jan li gen pouvwa! Fč nasyon yo konnen sa li fč!  
 
1Ch 16:9
 
Chante pou li! Fč lwanj li! Rakonte tout bčl bagay li te fč yo.  
 
1Ch 16:10
 
Fč kč nou kontan, paske nou se moun pa l'. Wi, se pou tout moun k'ap sčvi Seyč a fč fčt.  
 
1Ch 16:11
 
Ale jwenn Seyč a pou l' ka ede nou. Toujou chache rete devan li.  
 
1Ch 16:12
 
-  
 
1Ch 16:13
 
Nou menm, pitit pitit Izrayčl, sčvitč Bondye a, Nou menm, pitit pitit Jakňb yo, nou menm Bondye chwazi yo, chonje mirak ak bčl bagay li te fč yo. Chonje jijman ki te soti nan bouch li.  
 
1Ch 16:14
 
Seyč a, se Bondye nou li ye. Lč li pase yon lňd, se pou tout latč.  
 
1Ch 16:15
 
Toujou chonje kontra li a. L'ap kenbe pwomčs li pou tout tan tout tan.  
 
1Ch 16:16
 
Se kontra li te fč ak Abraram lan, sčman li te fč bay Izarak la.  
 
1Ch 16:17
 
Sa li te pwomčt Abraram lan, li fč l' tounen yon lwa pou pitit Jakňb yo, yon kontra ak pčp Izrayčl la pou tout tan.  
 
1Ch 16:18
 
Li te di: M'ap ba ou peyi Kanaran an pou pňsyon pa ou nan byen m' yo.  
 
1Ch 16:19
 
Lč sa a, pčp Bondye a pa t' anpil. Yo te sčlman yon ti ponyen moun. Yo te tankou etranje toujou nan peyi a.  
 
1Ch 16:20
 
Yo t'ap mache ale vini nan tout nasyon yo. Yo t'ap soti nan yon peyi ale nan yon lňt.  
 
1Ch 16:21
 
Men, li pa t' kite pesonn maltrete yo. Li te menm rive pini anpil wa poutčt yo.  
 
1Ch 16:22
 
Li te di: Piga nou manyen moun mwen chwazi yo. Piga nou fč pwofčt mwen yo anyen.  
 
1Ch 16:23
 
Nou tout ki rete sou latč, chante pou Seyč a! Chak jou, fč konnen jan li delivre nou.  
 
1Ch 16:24
 
Fč nasyon yo konnen pouvwa li. Fč tout pčp yo konnen bčl bagay li fč yo.  
 
1Ch 16:25
 
Seyč a gen gwo pouvwa. Li merite pou yo fč lwanj li vre. Se pou tout moun pč l' pi plis pase lňt bondye yo.  
 
1Ch 16:26
 
Bondye lňt nasyon yo pa anyen, se pňtre yo ye. Men, se Seyč a ki fč syčl la.  
 
1Ch 16:27
 
Devan li, se respč, se chapo ba. Gen pouvwa, gen kč kontan kote l' ye lakay li a.  
 
1Ch 16:28
 
Nou tout pčp ki sou latč, fč lwanj Seyč a! Fč lwanj Seyč a pou pouvwa ak fňs li genyen!  
 
1Ch 16:29
 
Fč lwanj Seyč a, paske li merite sa! Pote ofrann ba li anndan lakay li! Adore Bondye nan bčl kay ki apa pou li a!  
 
1Ch 16:30
 
Nou tout ki sou latč, tranble devan li. Latč kanpe fčm, anyen pa ka brannen l'.  
 
1Ch 16:31
 
Se pou syčl la kontan, se pou latč a fč fčt. Mache di nan tout peyi yo: Se Seyč a ki sčl wa.  
 
1Ch 16:32
 
Se pou lanmč a ansanm ak tou sa ki ladan l' pran fč bri sitčlman yo kontan. Se pou jaden yo ak tou sa ki ladan yo fč fčt.  
 
1Ch 16:33
 
Lč Seyč a parčt se pou tout pyebwa nan gwo rak yo rele sitčlman yo kontan. Paske l'ap vini pou l' jije tout moun ki sou latč.  
 
1Ch 16:34
 
Lwanj pou Seyč a paske li bon. Li p'ap janm sispann renmen nou.  
 
1Ch 16:35
 
Se pou nou di: Delivre nou non, Bondye delivrans nou! Fč nou soti nan tout peyi kote nou gaye yo. Sanble nou, pou nou ka di ou mčsi pou tout bagay ou menm sčl ka fč, pou nou ka kontan lč n'ap fč lwanj ou.  
 
1Ch 16:36
 
Ann fč lwanj Seyč a, Bondye pčp Izrayčl la! Ann fč lwanj li depi tout tan ak pou tout tan. Epi tout pčp la pran reponn: -Wi, se vre! Lwanj pou Seyč a!  
 
1Ch 16:37
 
ś Lčfini, David kite Asaf ak moun Levi menm fanmi avč l' yo devan Bwat Kontra Seyč a pou yo toujou reskonsab tout sčvis ki pou fčt kote yo te mete Bwat Kontra a. Yo te gen pou fč sčvis yo la chak jou san rete.  
 
1Ch 16:38
 
Občd-Edon ak swasantwit lňt moun nan fanmi li t'ap ede yo nan travay yo. Osa ak Občd-Edon, pitit gason Jeditoun lan, te reskonsab pňtay yo.  
 
1Ch 16:39
 
Men David kite Zadňk, prčt la, ak moun Levi menm fanmi avč l' yo ki te prčt tou devan Tant Seyč a, nan kote yo te mete apa pou Seyč a lavil Gabawon.  
 
1Ch 16:40
 
Chak maten, chak aswč, se yo ki pou boule bčt yo ofri bay Seyč a nčt sou lotčl ki fčt pou sa a, dapre sa ki ekri nan lalwa Seyč a te bay pčp Izrayčl la.  
 
1Ch 16:41
 
Te gen avčk yo tou Eyman, Jedoutoun ansanm ak lňt moun yo te chwazi tout espre pou chante: Lwanj pou Seyč a paske li p'ap janm sispann renmen nou.  
 
1Ch 16:42
 
Eyman ak Jedoutoun te gen twonpčt, senbal ki fč gwo bri yo ak lňt enstriman mizik pou yo jwe antan yo t'ap chante fč lwanj pou Bondye. Manm fanmi Jedoutoun yo te reskonsab veye pňtay yo.  
 
1Ch 16:43
 
Apre sa, tout pčp la tounen lakay yo. David tounen lakay li tou pou l' beni fanmi pa l' tou.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
2 Kings 11 Chronicles 151 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 1 Chronicles 172 Chronicles 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards