| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | 1Ch 14:1 | ś Iram, wa lavil Tir la, delege kčk mesaje bň kote David ak yon chajman bwa sčd. Li voye tou kčk bňs mason ak bňs chapant pou bati yon palč pou li.
| |
| | 1Ch 14:2 | Lč sa a atň, David wč tout bon vre se Seyč a menm ki te mete l' wa pčp Izrayčl la, epi ki te fč tout bagay mache byen pou gouvčnman li, akňz pčp Bondye a, pčp Izrayčl la.
| |
| | 1Ch 14:3 | Lč David te lavil Jerizalčm, li pran lňt madanm ki ba li lňt pitit gason ak lňt pitit fi.
| |
| | 1Ch 14:4 | Men non pitit David ki te fčt lavil Jerizalčm: Chamwa, Choba, Natan, Salomon,
| |
| | 1Ch 14:5 | Jibka, Elichwa, Elpelčt,
| |
| | 1Ch 14:6 | Noga, Nefčg, Jafya,
| |
| | 1Ch 14:7 | Elichama, Baalyada ak Elifelčt.
| |
| | 1Ch 14:8 | ś Lč moun Filisti yo vin konnen yo te mete David wa pou tout pčp Izrayčl la, yo tout yo leve pou y' al mete men sou li. Lč David li menm pran nouvčl la, li soti al kontre yo.
| |
| | 1Ch 14:9 | Moun Filisti yo rive, yo anvayi tout fon Refayim lan.
| |
| | 1Ch 14:10 | David pale ak Bondye, li mande l': -Eske se pou m' atake moun Filisti yo? Eske w'ap lage yo nan men m'? Seyč a reponn li: -Wi, atake yo. M'ap lage yo nan men ou.
| |
| | 1Ch 14:11 | David moute Baal Perazim, li kraze moun Filisti yo. Le sa a, David di: -Tankou yon lavalas, Bondye sčvi avč m' pou l' louvri yon pasaj nan mitan lčnmi m' yo. Se poutčt sa yo rele kote sa a Baal Perazim.
| |
| | 1Ch 14:12 | Moun Filisti yo te kouri kite zidňl yo dčyč. David bay lňd pou yo boule yo nan dife.
| |
| | 1Ch 14:13 | Apre sa, moun Filisti yo tounen nan fon an ankň pou fč piyay.
| |
| | 1Ch 14:14 | David mande Bondye sa pou li fč. Bondye di li: -Pa atake yo pa devan bň isit la. Fč yon detou, pase pa dčyč yo. W'a atake yo bň pye gayak yo.
| |
| | 1Ch 14:15 | Lč w'a tande yon bri tankou bri pye yon moun k'ap mache sou tčt pyebwa yo, w'a fonse sou yo. Paske sa vle di se mwen menm Bondye k'ap pran devan ou pou bat lame moun Filisti yo.
| |
| | 1Ch 14:16 | David fč sa Seyč a te mande l' fč a. Yo bat lame moun Filisti yo, yo kouri dčyč yo depi lavil Geba rive lavil Gezč.
| |
| | 1Ch 14:17 | Se konsa toupatou yo t'ap nonmen non wa David. Seyč a te fč tout nasyon yo pč li.
| |