| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | 1Ch 13:1 | ś David reyini tout chčf lamč a, ni sa ki te alatčt rejiman mil (1000) sňlda yo ni sa ki te alatčt divizyon san sňlda yo, li pran konsčy nan men yo.
| |
| | 1Ch 13:2 | Lčfini, David di pčp Izrayčl la: -Si nou wč se yon bon lide, si se volonte Seyč a, Bondye nou an, nou pral voye misyon bay tout frč nou yo ki rete toupatou nan tout peyi a, bay tout prčt yo ak tout moun Levi yo nan lavil kote yo rete ak nan savann kote yo fč gadinaj, pou yo vin mete tčt yo ansanm ak nou,
| |
| | 1Ch 13:3 | pou n' al chache Bwat Kontra Bondye nou an, paske nou te bliye l' pandan tout rčy Sayil la.
| |
| | 1Ch 13:4 | Tout pčp la te dakň pou yo te fč sa, paske yo wč se te yon bon lide.
| |
| | 1Ch 13:5 | Se konsa, David reyini tout pčp Izrayčl la nan tout peyi a, depi kannal Sikň sou fwontyč ak peyi Lejip la rive jouk Pas Amat la, pou y' al chache Bwat Kontra a lavil Kiriyat-Jarim.
| |
| | 1Ch 13:6 | Se konsa li pati avčk tout pčp Izrayčl la, pou lavil Kiriyat-Jarim yo te rele Baala tou, nan peyi Jida, pou y' al chache Bwat Kontra Bondye a, bwat ki pote non Seyč ki gen tout pouvwa a, Seyč ki gen fotčy li anwo zanj cheriben yo.
| |
| | 1Ch 13:7 | Lč yo rive kay Abinadab, yo pran Bwat la, yo mete l' sou yon kabwa tou nčf. Ouza ak Akijo t'ap mennen kabwa a.
| |
| | 1Ch 13:8 | David ansanm ak tout moun Izrayčl yo menm t'ap danse ak tout nanm yo. Yo t'ap chante fč lwanj Seyč a, yo t'ap jwe gita ak bandjo, yo t'ap bat tanbouren ak senbal, yo t'ap kňnen twonpčt.
| |
| | 1Ch 13:9 | ś Lč yo rive bň glasi Kidon an, bčf yo bite, yo manke tonbe. Ouza lonje men l' pou kenbe Bwat Kontra a.
| |
| | 1Ch 13:10 | Men, Seyč a move sou Ouza, li touye l' frčt, paske li pa t' dwe manyen Bwat Kontra a. Bondye touye l', Ouza mouri la menm devan Bondye.
| |
| | 1Ch 13:11 | David menm te fache dčske Seyč a te touye Ouza. Se konsa yo rele kote sa a Perčz-Ouza. Non sa a rete jouk jounen jňdi a.
| |
| | 1Ch 13:12 | Lč sa a, David vin pč Seyč a, li di konsa: -M' pa wč ki jan pou m' pran Bwat Kontra a avč m' koulye a!
| |
| | 1Ch 13:13 | Se konsa, li pran desizyon pa pote Bwat Kontra Seyč a lakay li nan lavil David. Li fč yo pote l' kay Občd-Edon, yon moun lavil Gat.
| |
| | 1Ch 13:14 | Bwat la pase twa mwa lakay Občd-Edon, Seyč a te beni fanmi Občd-Edon ak tout bagay ki te pou yo.
| |