All NT OTBook
Compare Texts
1 Kings 1 2 Kings 7

2 Kings 8:1-29

2 Kings 9 1 Chronicles 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
2Ki 8:1
 
ś Elize te pale ak madanm ki te manman ti gason li te fč tounen vivan sot nan lanmň a, li te di l' pou li pati ansanm ak tout fanmi l' al viv nan yon lňt peyi paske Seyč a te fč konnen talč konsa yon gwo grangou tapral tonbe sou tout peyi a pou sčtan.  
 
2Ki 8:2
 
Fanm lan leve, li fč sa pwofčt la te ba li konsčy fč a. Li pati ansanm ak tout fanmi l' al rete nan peyi Filisti a pandan sčtan.  
 
2Ki 8:3
 
Lč sčtan yo fin pase, li tounen nan peyi Izrayčl, l' al jwenn wa a, li mande l' pou yo renmčt li kay li ak jaden li.  
 
2Ki 8:4
 
Li jwenn wa a t'ap pale ak Gerazi, domestik pwofčt Bondye a, paske wa a te mande l' pou l' te vin rakonte l' tout bčl bagay Elize te fč yo.  
 
2Ki 8:5
 
Gerazi t'ap rakonte wa a kijan Elize te fč pitit gason yon fanm leve soti vivan nan lanmň lč madanm lan vin pale ak wa a pou kay li ak jaden l' yo. Gerazi di wa a: --Monwa, men madanm lan ansanm ak pitit gason Elize te fč leve soti vivan nan lanmň a.  
 
2Ki 8:6
 
Wa a mande madanm lan pou li rakonte l' jan sa te pase. Lč madanm lan fini, wa a bay yonn nan chčf li yo lňd renmčt madanm lan tou sa ki te pou li ansanm ak tou sa jaden yo te rapňte depi jou li te kite peyi a rive jouk jou li tounen an.  
 
2Ki 8:7
 
ś Apre sa, Elize ale lavil Damas. Bennadad, wa peyi Siri a, te malad. y' al di wa a pwofčt la te nan lavil la.  
 
2Ki 8:8
 
Wa a rele Azayčl, yonn nan chčf li yo, li di l' konsa: --Pote yon bagay fč pwofčt Bondye a kado. Lčfini, mande l' pou l' pale ak Seyč a pou konnen si m'ap leve anba maladi sa a.  
 
2Ki 8:9
 
Se konsa Azayčl al wč Elize, li pran tout kalite bon bagay li jwenn lavil Damas, li chaje yo sou karant chamo pote bay Elize. Lč li rive devan Elize, li di l' konsa: --Pitit ou, Bennadad, wa peyi Siri a, voye m' vin mande ou si l'ap leve anba maladi l' la.  
 
2Ki 8:10
 
Elize reponn: --Seyč a fč m' konnen l'ap mouri, men ou menm, al di l' l'ap refč.  
 
2Ki 8:11
 
Lč li fin di sa, Elize pran gade Azayčl nan je. Lč Azayčl wč sa, sa jennen l' anpil. Elize rete konsa, dlo pran kouri nan je l'.  
 
2Ki 8:12
 
Azayčl mande l': --Mčt, poukisa w'ap kriye a? Elize reponn: --Paske mwen gen tan konnen tou sa ou pral fč pčp Izrayčl la pase. Ou pral met dife nan gwo fň yo, ou pral touye jenn gason l' yo ak nepe, ou pral kraze pitit yo, ou pral louvri vant fanm ansent yo.  
 
2Ki 8:13
 
Azayčl mande l': --Kisa m' ye menm pou m' ta rive fč tou sa? Mwen pa pi bon pase yon chen. Elize reponn li: --Seyč a fč m' konnen se ou ki pral wa peyi Siri.  
 
2Ki 8:14
 
Azayčl kite Elize, li tounen al jwenn mčt li ki mande l': --Sa Elize di ou? Li reponn: --Li di m' li sčten w'ap refč.  
 
2Ki 8:15
 
Men nan denmen, Azayčl pran yon dra, li plonje l' nan dlo, li mete l' sou figi wa a. Wa a toufe, li mouri. Azayčl moute wa sou fotčy Siri a nan plas Bennadad.  
 
2Ki 8:16
 
ś Wa Joram, pitit gason Akab la, t'ap mache sou senkan depi li t'ap gouvčnen peyi Izrayčl lč Joram, pitit gason Jozafa ki te wa peyi Jida a, moute wa nan plas papa l'.  
 
2Ki 8:17
 
Li te gen tranndezan lč li moute wa. Li gouvčnen nan lavil Jerizalčm pandan witan.  
 
2Ki 8:18
 
Li te marye ak yon pitit fi Akab. Tankou lňt moun fanmi Akab yo, li mache pye pou pye dčyč wa peyi Izrayčl yo. Li fč sa ki mal nan je Seyč a.  
 
2Ki 8:19
 
Men, Seyč a pa t' vle detwi peyi Jida a, paske li te pwomčt David, sčvitč l' la, t'ap toujou gen yon moun nan ras li pou gouvčnen peyi a devan Seyč a.  
 
2Ki 8:20
 
Sou reny wa Joram, moun peyi Edon yo pran lezam kont moun peyi Jida yo. Yo pran libčte granmoun yo. Yo nonmen yon wa pou gouvčnen yo.  
 
2Ki 8:21
 
Se konsa Joram soti ak tout cha lagč li yo, li mache sou lavil Zayi. Lame moun Edon yo sčnen l'. Pandan lannwit, li menm ak chčf cha lagč li yo, yo leve yo atake moun Edon yo ki te sčnen yo, yo pase soti nan mitan yo, yo chape. Tout sňlda yo gaye al lakay yo.  
 
2Ki 8:22
 
Se depi lč sa a, peyi Edon an soti anba lňd peyi Jida, yo granmoun lakay yo. Se menm lč a tou moun lavil Libna yo pran libčte granmoun yo tou.  
 
2Ki 8:23
 
N'a jwenn rčs istwa Joram ak tou sa li te fč ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.  
 
2Ki 8:24
 
Lč Joram mouri, yo antere l' nan kavo zansčt li yo nan lavil David la. Apre sa, se Okozyas, pitit li a, ki moute wa nan plas li.  
 
2Ki 8:25
 
ś Wa Joram, pitit Akab la, t'ap mache sou douzan depi li t'ap gouvčnen peyi Izrayčl lč Okozyas, pitit Joram, moute wa sou fotčy peyi Jida a.  
 
2Ki 8:26
 
Li te gen venndezan. Li gouvčnen nan lavil Jerizalčm pandan ennan. Manman l' te rele Atali. Se te pitit fi Akab, pitit pitit fi Omri, tou de wa peyi Izrayčl.  
 
2Ki 8:27
 
Okozyas mache pye pou pye dčyč moun fanmi Akab yo. Li te marye nan fanmi wa Akab. Li fč sa ki mal nan je Seyč a tankou yo.  
 
2Ki 8:28
 
Wa Okozyas mete tčt ansanm ak wa Joram, pitit Akab, pou y' al atake Azayčl, wa peyi Siri a. Lame yo kontre yonn ak lňt bň lavil Ramňt nan peyi Galarad. Sňlda peyi Siri yo blese Joram nan batay la.  
 
2Ki 8:29
 
Joram tounen lavil Jizreyčl pou l' te refč anba kou sňlda peyi Siri yo te ba li lavi Ramňt lč li t'ap goumen ak Azayčl, wa peyi Siri a. Okozyas, pitit Joram, wa peyi Jida a, desann lavil Jizreyčl al wč wa Joram, pitit Akab la, paske Joram te malad.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
1 Kings 12 Kings 71 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 2 Kings 91 Chronicles 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards