All NT OTBook
Compare Texts
1 Kings 1 2 Kings 6

2 Kings 7:1-20

2 Kings 8 1 Chronicles 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
2Ki 7:1
 
ś Elize reponn li: --Koute sa Seyč a voye di ou: Denmen, vč lč sa a, nan pňtay lavil Samari a, moun pral achte dis liv bon farin frans osinon ven liv lňj pou yon grenn pyčs ajan.  
 
2Ki 7:2
 
Gadkň wa a reponn pwofčt la, li di l': --Seyč a ta mčt louvri syčl la pou voye bagay sa yo, sa ou di a pa ka fčt. Elize di li: --Ou wč ou menm, w'ap wč sa rive ak pwňp je ou, men ou p'ap gen chans manje ladan l'!  
 
2Ki 7:3
 
ś Bň pňtay lavil Samari a, te gen kat gason ki te gen move maladi po. Yonn di lňt konsa: --Poukisa pou n' rete isit la ap tann lanmň?  
 
2Ki 7:4
 
Si nou di n'ap antre lavil la, avčk grangou ki gen la a, n'ap mouri. Si nou di n'ap rete isit la, n'ap mouri tou. Pito n' al pran yon chans nan kan lame Siri a. Si yo fč pa nou, n'a viv. Men, si yo touye nou, n'a tou mouri mouri nou.  
 
2Ki 7:5
 
Se konsa, solčy te fčk kouche lč mesye yo leve, yo pati pou kan lame Siri a. Lč yo rive toupre kan an, yo pa wč pesonn.  
 
2Ki 7:6
 
Seyč a te fč sňlda lame Siri yo tande yon bann bri, ou ta di yon pakčt cha lagč, kavalye sou chwal ak yon gwo lame k'ap mache vini sou yo. Tout sňlda peyi Siri yo te konprann se wa peyi Izrayčl la ki te pran kontak ak wa peyi Et la ansanm ak wa peyi Lejip la pou vin atake yo.  
 
2Ki 7:7
 
Se konsa, solčy te fčk kouche jou sa a lč yo leve yo kouri met deyň. Yo kite tant yo, chwal yo, bourik yo. Yo chape kň yo kite kan an jan l' te ye a.  
 
2Ki 7:8
 
Lč kat mesye yo rive nan kan an, yo antre nan yon premye tant, yo manje, yo bwč. Yo pase men yo pran lň, ajan, rad yo jwenn, yo soti al sere yo. Lčfini, yo tounen, yo antre nan yon dezyčm tant, yo fč menm bagay la.  
 
2Ki 7:9
 
Men lč sa a, yonn di lňt konsa: --Sa n'ap fč a pa bon non! Nou gen bon nouvčl konsa, nou pa ka kenbe l' pou nou ase. Si nou tann denmen maten pou n' al di moun yo sa, ou mčt sčten y'ap ban nou tň. Pito n' ale koulye a. Ann al bay nouvčl la kay wa a!  
 
2Ki 7:10
 
Se konsa, yo tounen lavil Samari, yo rele gad ki t'ap fč pňs nan pňtay lavil la. Yo ba yo nouvčl la, yo di yo: --Nou t al nan kan moun Siri yo. Nou pa jwenn pesonn, nou pa tande pesonn ap pale. Chwal ak bourik sčlman nou jwenn mare nan kňd. Ata tant yo te la jan yo te moute yo.  
 
2Ki 7:11
 
Faksyonnč ki t'ap fč pňs nan pňtay lavil la bay nouvčl la byen fň. Konsa, nouvčl la gaye jouk li rive anndan palč a.  
 
2Ki 7:12
 
ś Se te nan mitan lannwit. Wa a leve sot nan kabann li, li di chčf li yo: --Mwen pral esplike nou sa sňlda peyi Siri yo gen dčyč tčt yo kifč yo fč sa. Yo konnen jan grangou ap bat nou isit la. Yo soti kite kan an, y' al kache nan plenn lan. Yo konprann nou pral soti kite lavil la pou n' al dčyč manje. Lč sa a, y'a tonbe sou nou, y'a pran nou tou vivan, y'a antre nan lavil la.  
 
2Ki 7:13
 
Men, yonn nan chčf li yo di l' konsa: --Poukisa nou pa voye kčk moun ak senk chwal ki rete yo pou y' al wč sa ki pase. Kit yo tounen vivan, kit yo mouri, yo p'ap pi mal ni pi byen pase rčs moun Izrayčl yo ki rete isit la. Wč pa wč, y' ap pase tankou sa ki mouri deja yo.  
 
2Ki 7:14
 
Se konsa yo chwazi kčk moun, wa a voye yo ak de cha lagč pou y' al wč sa ki rive nan kan lame peyi Siri a.  
 
2Ki 7:15
 
Mesye yo pati, yo rive jouk bň larivyč Jouden an. Sou tout wout la, yo wč rad ak yon bann lňt bagay sňlda peyi Siri yo te jete lč yo t'ap kouri met deyň a. Yo tounen, yo fč rapň yo bay wa a.  
 
2Ki 7:16
 
Menm lč a, pčp la kouri soti al piye kan lame peyi Siri yo. Jan Seyč a te di l' la, yo vann dis liv bon farin frans pou yon pyčs ajan, ven liv lňj pou menm pri a.  
 
2Ki 7:17
 
Men, wa a te mete chčf gadkň li a ap veye pňtay lavil la. Se konsa pčp la pilonnen l' anba pye yo lč y'ap pase nan pňtay lavil la. Li mouri jan Elize te di l' sa lč wa a te vin wč l' la.  
 
2Ki 7:18
 
Lč sa a, Elize t'ap pale ak wa a li te di l' konsa: Denmen lč konsa, nan pňtay lavil Samari y'ap vann dis liv bon farin frans pou yon pyčs ajan ak ven liv lňj pou menm pri a.  
 
2Ki 7:19
 
Se konsa chčf gadkň a te di Seyč a te mčt louvri syčl la pou voye bagay sa yo, sa Elize di a pa ka fčt. Elize menm te reponn li, li te di l': Ou wč ou menm, w'ap wč sa rive ak pwňp je ou, men ou p'ap gen chans manje ladan l'.  
 
2Ki 7:20
 
Se sa menm ki rive l'. Li mouri pilonnen anba pye pčp la lč y'ap pase nan pňtay lavil la.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
1 Kings 12 Kings 61 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 2 Kings 81 Chronicles 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards