All NT OTBook
Compare Texts
1 Kings 1 2 Kings 21

2 Kings 22:1-20

2 Kings 23 1 Chronicles 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
2Ki 22:1
 
ś Jozyas te gen witan lč li moute wa peyi Jida. Li gouvčnen nan lavil Jerizalčm pandan tranteyennan. Manman l' te rele Jedida. Se te pitit fi Adaja, moun lavil Bozka.  
 
2Ki 22:2
 
Jozyas te fč sa ki dwat devan Seyč a. Li mache pye pou pye dčyč David, zansčt li, nan tou sa l'ap fč san li pa janm fč sa ki mal.  
 
2Ki 22:3
 
Wa Jozyas t'ap mache sou dizwitan depi li t'ap gouvčnen. Yon jou li pran sekretč palč a, Chafan, pitit gason Azalya a, pitit pitit Mechoulam lan, li voye l' nan Tanp Seyč a, li di l' konsa:  
 
2Ki 22:4
 
--Ale jwenn Ilkija, granprčt la. W'a di l' pou l' fč rapň kantite lajan prčt ki desčvis devan pňt Tanp lan ranmase nan men pčp la.  
 
2Ki 22:5
 
W'a di l' pou l' renmčt lajan an nan men mesye ki reskonsab travay ki pou fčt nan Tanp lan, pou yo menm yo ka peye moun k'ap travay repare Tanp lan, ki vle di:  
 
2Ki 22:6
 
bňs chapant yo, kontremčt yo ak bňs mason yo, lčfini pou yo achte bwa ak wňch yo bezwen pou fč reparasyon nan Tanp lan.  
 
2Ki 22:7
 
Li p'ap bezwen fč regleman ak moun sa yo, paske se moun serye yo ye.  
 
2Ki 22:8
 
Lč Chafan, sekretč a, fin bay Ilkija lňd wa a, Ilkija di l' konsa: --Mwen jwenn liv lalwa a nan Tanp Seyč a. Ilkija bay Chafan liv la. Chafan li l'.  
 
2Ki 22:9
 
Lčfini, li tounen al jwenn wa a, li fč rapň li. Li di l' konsa: --Moun ou yo pran tout lajan ki te nan Tanp lan, yo renmčt li bay moun ki reskonsab fč reparasyon nan Tanp Seyč a.  
 
2Ki 22:10
 
Lčfini, li di wa a: --Ilkija, prčt la, te ban m' yon liv tou. Chafan li liv la pou wa a.  
 
2Ki 22:11
 
ś Lč wa a tande pawňl ki te ekri nan liv la, li chire rad sou li a sitčlman li te sezi.  
 
2Ki 22:12
 
Li fč chache Ilkija, prčt la, Akikam, pitit Chafan an, Achbň, pitit Mikaja a, Chafan, sekretč palč a, ak Asaja, nčg konfyans wa a. Li ba yo lňd sa a:  
 
2Ki 22:13
 
--Ale chache konnen sa Seyč a vle nou fč, mwen menm ansanm ak tout pčp Jida a, avčk tout pawňl ki nan liv nou jwenn lan! Seyč a move anpil sou nou, paske zansčt nou yo pa t' okipe sa yo di nan liv la, ni yo pa t' fč tou sa ki ekri ladan l'.  
 
2Ki 22:14
 
Se konsa Ilkija, prčt la, Akikam, Akbň, Chafan ak Asaja al kay Oulda, yon pwofčt fanm ki te rete nan katye yo te fčk bati lavil Jerizalčm lan. Oulda sa a se te madanm yon nonm yo rele Chaloum, pitit Tikva, pitit pitit Aras ki te reskonsab rad seremoni yo. Mesye yo di Oulda sa ki te rive.  
 
2Ki 22:15
 
Oulda reponn: --Men sa Seyč a, Bondye pčp Izrayčl la, di: Tounen al di moun ki voye nou bň kote m' lan:  
 
2Ki 22:16
 
Men mesaj Seyč a voye ba li. Mwen pral voye yon malč sou lavil Jerizalčm ansanm ak sou tout moun li yo jan sa ekri nan liv wa Jida a te li a.  
 
2Ki 22:17
 
Yo vire do ban mwen, yo fč sčvis pou lňt bondye. Avčk tout zak sa yo, yo fč m' fč kolč. Mwen move anpil sou lavil Jerizalčm. Kolč m' poko ap pase.  
 
2Ki 22:18
 
Men sa n'a di wa peyi Jida a ki voye nou vin konnen volonte Bondye a. Wi, men sa Seyč a, Bondye pčp Izrayčl la, voye di l': Ou tande sa ki ekri nan liv la.  
 
2Ki 22:19
 
Sa fč kč ou fč ou mal, ou soumčt ou devan mwen, lč ou tande deklarasyon mwen fč sou lavil sa a ak sou tout moun li yo. Se bagay ki pral fč moun mete men nan bouch. Y'ap sčvi ak non yo pou bay madichon. Wi, lč ou tande sa ou chire rad sou ou, dlo koule nan je ou. Se poutčt sa, mwen menm tou, mwen tande ou. Se mwen menm, Seyč a, k'ap di ou sa.  
 
2Ki 22:20
 
Ou menm, w'ap mouri ak kč poze nan kabann ou, y'ap antere ou nan menm kavo ak zansčt ou yo. Ou p'ap gen tan wč malč m'ap voye sou lavil Jerizalčm lan. Mesye yo tounen pote mesaj la bay wa Jozyas.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
1 Kings 12 Kings 211 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 2 Kings 231 Chronicles 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards