All NT OTBook
Compare Texts
1 Kings 1 2 Kings 18

2 Kings 19:1-37

2 Kings 20 1 Chronicles 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
2Ki 19:1
 
ś Lč wa Ezekyas tande pawňl sa yo, li chire rad sou li tčlman sa te fč l' lapenn, li mete yon rad sak sou li, epi l' al nan tanp Seyč a.  
 
2Ki 19:2
 
Li voye Elyakim, chčf moun k'ap travay nan palč a, ak Chebna, sekretč a, ansanm ak chčf prčt yo, bň kote pwofčt Ezayi, pitit Amňz la. Yo tout te gen rad sak sou yo.  
 
2Ki 19:3
 
Men mesaj Ezekyas te ba yo pou Ezayi: --Jodi a se jou malč pou nou! Bondye ap peni nou. Se yon wont pou nou. Nou tankou yon fanm ansent ki deja kase lčzo, men ki pa gen fňs pou li pouse pitit la soti.  
 
2Ki 19:4
 
Wa peyi Lasiri a te voye chčf gad palč li a manke Bondye vivan an dega. Se pou Seyč a, Bondye ou la, tande tout jouman sa yo. Se pou l' peni moun ki di pawňl sa yo. Ou menm, lapriyč pou rčs moun pčp nou an ki vivan toujou.  
 
2Ki 19:5
 
Lč moun wa Ezekyas yo al jwenn Ezayi,  
 
2Ki 19:6
 
men repons Ezayi ba yo pou wa Ezekyas: --Men sa Seyč a voye di ou: Ou pa bezwen pč tout pawňl ou tande yo, tout jouman moun wa Lasiri yo di sou mwen.  
 
2Ki 19:7
 
Mwen pral fč wa Lasiri a tande yon sčl nouvčl, li pral kouri tounen nan peyi l'. Rive li rive, m'ap fč yon moun touye l'.  
 
2Ki 19:8
 
ś Chčf gad palč a te vin konnen wa Lasiri a te pati kite Lakis pou l' t al atake lavil Libna. Se la l' al jwenn wa a,  
 
2Ki 19:9
 
paske wa a te pran nouvčl Tiraka, wa peyi Letiopi a, t'ap moute vin atake l'. Wa a voye lňt mesaje ankň bň kote Ezekyas.  
 
2Ki 19:10
 
Li di yo: --Men mesaj n'a bay Ezekyas, wa peyi Jida a, pou mwen. Ou mčt tande Bondye ou la, Bondye ou fč konfyans la, di ou Jerizalčm p'ap tonbe nan men wa Lasiri a, pa kite l' twonpe ou.  
 
2Ki 19:11
 
Ou te pran nouvčl sa wa Lasiri yo te fč tout lňt peyi anvan ou yo. Yo te soti pou detwi yo nčt. Atň, se ou menm ki pou ta chape anba men m!  
 
2Ki 19:12
 
Lč zansčt mwen yo te touye dčnye moun nan lavil Gozan, nan lavil Aran, nan lavil Rezčf ak dčnye moun Betedenn yo ki rete lavil Telasa, čske bondye nasyon sa yo te delivre yo?  
 
2Ki 19:13
 
Kote wa lavil Amak la, wa lavil Apad la, wa lavil Sefarayim lan, wa lavil Ena a ak wa lavil Iva a?  
 
2Ki 19:14
 
Ezekyas pran lčt la nan men mesaje yo, li li l'. Apre sa, li pati al nan tanp lan, li mete lčt la devan lotčl Seyč a.  
 
2Ki 19:15
 
Epi li lapriyč Seyč a, li di l' konsa: --Seyč ki gen tout pouvwa, Bondye pčp Izrayčl la, ou menm ki chita sou fotčy zanj cheriben yo ap pote sou zepňl yo a, se ou menm sčl Bondye k'ap gouvčnen tout peyi sou latč. Se ou menm ki fč syčl la ak latč a.  
 
2Ki 19:16
 
Panche zňrčy ou non, Seyč, pou ou tande. Louvri je ou pou ou wč. Koute pawňl Senakerib voye di m', pawňl ki manke Bondye vivan an dega!  
 
2Ki 19:17
 
Nou konnen, Seyč, wa peyi Lasiri yo te fini ak anpil nasyon, yo te detwi peyi yo.  
 
2Ki 19:18
 
Yo te boule tout bondye yo paske se pa t' bondye yo te ye. Se estati fčt an bwa ak an wňch moun te fč ak men yo. Se poutčt sa yo te rive detwi yo.  
 
2Ki 19:19
 
Koulye a, Seyč, Bondye nou an, tanpri, delivre nou anba men Senakerib, pou tout nasyon ki sou latč ka konnen se ou menm sčl, Seyč, ki Bondye.  
 
2Ki 19:20
 
ś Lč sa a, Ezayi, pitit Amňz la, voye mesaj sa a bay Ezekyas: --Ou te lapriyč Seyč a, Bondye pčp Izrayčl la, pou Senakerib, wa peyi Lasiri a. Men repons li voye ba ou.  
 
2Ki 19:21
 
Men pawňl Seyč a di sou Senakerib: Lavil Jerizalčm ki sou mňn Siyon an ap ri ou, l'ap pase ou nan rizib. Moun lavil Jerizalčm yo ap rele chalbari dčyč ou.  
 
2Ki 19:22
 
Ki moun ou konprann ou derespekte, ou joure konsa? Sou ki moun ou pale fň konsa? Ki moun w'ap klere je ou gade konsa? Se sou Bondye pčp Izrayčl la ki yon Bondye apa.  
 
2Ki 19:23
 
Ou voye moun ou yo vin manke Bondye dega. Ou deklare: O wi, avčk tout kalite cha lagč m' yo, mwen moute sou tčt tout mňn, ata sou tčt mňn Liban an. Mwen koupe pi gwo pye sčd li yo, pi bčl pye rezen li yo. Mwen rive jouk anwo nčt sou tčt li, nan mitan rakbwa li yo ki tankou bčl jaden.  
 
2Ki 19:24
 
Mwen fouye pi nan peyi moun lňt nasyon yo, mwen bwč dlo. Mwen cheche dlo nan tout larivyč Lejip yo pou sňlda mwen yo pase san pye yo pa mouye.  
 
2Ki 19:25
 
Ou pa t' konnen gen lontan depi mwen te fč lide pou tou sa te rive? Gen lontan depi sa te nan tčt mwen? Koulye a, mwen kite sa rive, pou m' te ka kraze tout lavil ak ranpa yo pou fč yo tounen yon pil demoli.  
 
2Ki 19:26
 
Moun ki te rete la te san fňs. Yo te pč, yo pa t' konn sa pou yo fč. Yo te tankou raje nan jaden, tankou zčb gazon, tankou raje k'ap pouse sou do kay, tankou pye mayi ki cheche anvan li mete zepi.  
 
2Ki 19:27
 
Mwen konnen lč ou leve, mwen konnen lč ou chita. Mwen konnen lč ou soti, mwen konnen lč ou antre. Mwen pran nouvčl jan ou fin anraje sou mwen.  
 
2Ki 19:28
 
Koulye a, mwen vin konnen jan ou move sou mwen, jan ou vin awogan. Se poutčt sa, mwen mete yon fč won nan bwa nen ou, ak yon mň nan bouch ou. Mwen pral fč ou pran menm chimen ou te pran pou vini an pou ou tounen.  
 
2Ki 19:29
 
Apre sa, Izayi di wa Ezekyas konsa: --Men sa ki pral sčvi yon siy pou ou. Lanne sa a, n'a manje rčs grenn ki te tonbe atč. Lanne k'ap vin apre sa a, n'a manje grenn nou pa t' plante. Men, apre sa ankň, n'a ka plante, n'a ka fč rekňt. N'a plante pye rezen, n'a manje rezen.  
 
2Ki 19:30
 
Rčs moun peyi Jida ki va chape yo va pran pye. Y'a kanpe ankň.  
 
2Ki 19:31
 
Va gen yon ti rčs moun nan lavil Jerizalčm ak sou mňn Siyon an ki va chape. Se Seyč ki gen tout pouvwa a ki soti pou fč sa, paske li renmen ou anpil.  
 
2Ki 19:32
 
Men sa Seyč a di sou wa peyi Lasiri a: Li p'ap mete pye l' nan lavil sa a. Li p'ap gen tan voye yon sčl grenn flčch sou li. P'ap gen yon sčl sňlda ak plak pwotčj k'ap pwoche bň kote l'. Ni yo p'ap fouye twou pou sčnen l'.  
 
2Ki 19:33
 
Chemen li te pran pou l' vini an, se li menm l'ap pran pou l' tounen. Li p'ap mete pye l' nan lavil sa a. Se mwen menm, Seyč a menm, ki di sa.  
 
2Ki 19:34
 
M'ap pwoteje lavil sa a. M'ap delivre l' pou m' fč respč tčt mwen, pou m' kenbe pwomčs mwen te fč David, sčvitč m' lan.  
 
2Ki 19:35
 
ś Menm jou sa a, nan mitan lannwit, zanj Seyč a al nan kan moun Lasiri yo, li touye sankatrevensenk mil (185.000) sňlda. Nan maten, lč moun leve se kadav yo ase yo jwenn. Yo tout te mouri.  
 
2Ki 19:36
 
Senakerib, wa peyi Lasiri a, leve, li pati, li tounen lavil Neniv.  
 
2Ki 19:37
 
Yon jou, antan wa a t'ap fč sčvis nan tanp Niswňk, bondye li a, de nan pitit gason l' yo touye l' ak nepe yo, epi yo kouri al kache nan peyi Arara. Yo te rele Adramelčk ak Sarezč. Se yon lňt nan pitit gason li yo ki te rele Asaradon ki moute wa nan plas li.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
1 Kings 12 Kings 181 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 2 Kings 201 Chronicles 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards