All NT OTBook
Compare Texts
1 Kings 1 2 Kings 15

2 Kings 16:1-20

2 Kings 17 1 Chronicles 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
2Ki 16:1
 
ś Wa Peka, pitit Remalya, te gen tan gen disetan depi li t'ap gouvčnen peyi Izrayčl lč Akaz, pitit Jotam, moute wa peyi Jida.  
 
2Ki 16:2
 
Akaz te gen ventan lč sa a. Li gouvčnen nan lavil Jerizalčm pandan sčzan. Men, li pa t' mache dwat devan Seyč a, Bondye li a, tankou David, zansčt li a, te fč l'.  
 
2Ki 16:3
 
Li te pito fč tankou wa peyi Izrayčl yo, li menm rive ofri pwňp pitit gason l' pou yo boule pou zidňl yo, dapre vye prensip krimenčl nasyon Seyč a te mete deyň pou fč plas pou moun Izrayčl yo te konn swiv.  
 
2Ki 16:4
 
Li fč touye bčt, li boule lansan nan tout tanp zidňl yo sou ti mňn yo ak anba gwo pyebwa.  
 
2Ki 16:5
 
ś Se sou reny Akaz, Rezin, wa peyi Siri a, ak Peka, pitit gason Remalya a, wa peyi Izrayčl, mache sou lavil Jerizalčm pou yo atake l'. Yo fčmen Akaz anndan lavil la, men yo pa t' ka pran lavil la.  
 
2Ki 16:6
 
Se lč sa a wa peyi Edon an pwofite pou reprann lavil Elat nan men moun peyi Jida yo, li mete yo deyň nan lavil la. Se konsa moun Edon yo tounen nan lavil la kote yo rete jouk jounen jňdi a.  
 
2Ki 16:7
 
Lč sa a, Akaz voye mesaj bay Tiglat Pilesč, wa peyi Lasiri a, pou di l' konsa: --M'ap sčvi ou tankou pitit ou. Tanpri, vin delivre m' anba men wa peyi Siri a ak wa peyi Izrayčl la ki vin atake m'.  
 
2Ki 16:8
 
Akaz pran ajan ak lň ki te nan tanp lan ak nan trezň palč wa a, li voye yo fč Tiglat Pilesč, wa peyi Lasiri a, kado.  
 
2Ki 16:9
 
Wa Lasiri a koute l' vre, li moute al atake lavil Damas, li pran l'. Li depňte tout moun ki te rete la, mennen yo lavil Ki, epi li fč touye Rezin.  
 
2Ki 16:10
 
ś Lč wa Akaz te lavil Damas pou l' te kontre ak Tiglat Pilesč, wa peyi Lasiri a, li wč lotčl ki te la a. Li leve plan lotčl la, li voye l' bay Ouri, prčt la.  
 
2Ki 16:11
 
Se konsa, Ouri gen tan bati yon lotčl sou modčl wa Akaz te voye ba li soti Damas la anvan menm Akaz tounen soti Damas.  
 
2Ki 16:12
 
Lč Akaz tounen soti Damas, li wč lotčl la, li pwoche, li moute bň lotčl la.  
 
2Ki 16:13
 
Li fč boule yon bčt sou li, li fč ofrann grenn jaden. Li vide yon ofrann diven ak san bčt li te ofri pou di mčsi a sou lotčl la tou.  
 
2Ki 16:14
 
Lotčl an kwiv ki apa pou Seyč a te ant lotčl sa a ak kay Seyč a. Akaz fč deplase l' wete devan Tanp lan, li mete l' sou kote lňt lotčl la sou bň nň.  
 
2Ki 16:15
 
Epi Akaz bay Ouri lňd sa a: --Se sou gwo lotčl mwen an pou ou fč ofrann bčt yo boule nčt chak maten an ansanm ak ofrann grenn jaden chak aswč a. Se sou li pou ou fč ofrann bčt pou boule nčt ak ofrann grenn jaden pou wa a ak pou tout pčp la. Se sou li w'a ofri san bčt y'a touye yo ak diven ofrann yo. Se sou li w'a vide san tout bčt yo ofri pou boule nčt ak bčt y'a ofri bay Bondye. Pou lotčl an kwiv la menm, kite sa sou kont mwen.  
 
2Ki 16:16
 
Ozyas, prčt la, fč tou sa wa Akaz te ba li lňd fč.  
 
2Ki 16:17
 
ś Apre sa, wa Akaz fč demoute kabwa an kwiv yo. Li fč wete gwo basin an kwiv ki te chita sou bčf yo, li fč mete l' sou yon pave wňch.  
 
2Ki 16:18
 
Lčfini, pou l' te fč wa peyi Lasiri a plezi, li wete platfňm yo te bati anndan Tanp lan pou jou repo a. Li fč fčmen pňt deyň a kote wa a te konn pase pou antre nan Tanp lan.  
 
2Ki 16:19
 
Tout rčs istwa wa Akaz la, tou sa li te fč, n'a jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Jida yo.  
 
2Ki 16:20
 
Lč wa Akaz mouri, yo antere l' menm kote ak zansčt li yo nan Lavil David. Se Ezekyas, pitit li, ki moute wa nan plas li.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
1 Kings 12 Kings 151 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 2 Kings 171 Chronicles 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards