All NT OTBook
Compare Texts
1 Kings 1 2 Kings 11

2 Kings 12:1-21

2 Kings 13 1 Chronicles 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
2Ki 12:1
 
ś Lč sa a, Jeou t'ap mache sou sčtan depi li t'ap gouvčnen. Joas pase karantan lavil Jerizalčm ap dirije peyi a. Manman l' te yon moun lavil Bčcheba ki te rele Zibya.  
 
2Ki 12:2
 
Joas pase tout lavi li ap fč sa ki dwat devan Seyč a, paske se Jeojada, prčt la, ki te leve l'.  
 
2Ki 12:3
 
Tansčlman, se pa sa ki te fč tanp zidňl yo disparčt nan peyi a. Moun yo te toujou ap fč ofrann, ap boule lansan nan tanp sa yo.  
 
2Ki 12:4
 
ś Yon jou, Joas rele prčt yo, li di yo: --Se nou ki pou reskonsab tout lajan ofrann yo pote nan tanp Seyč a, ni lajan chak moun fčt pou yo bay pou sakrifis yo, ni lajan moun yo vle bay paske yo fč lide a.  
 
2Ki 12:5
 
Chak prčt va resevwa lajan nan men moun yo konnen. Y'a sčvi ak lajan sa a pou fč reparasyon ki bezwen fčt nan Tanp lan.  
 
2Ki 12:6
 
Men, Joas te gen tan ap mache sou venntwazan depi li te wa, prčt yo pa t' fč ankenn reparasyon nan Tanp Seyč a.  
 
2Ki 12:7
 
Wa Joas rele Jeojada, prčt la, ansanm ak tout lňt prčt yo, li di yo: --Poukisa nou pa fč reparasyon nan Tanp lan? Depi jňdi a, nou p'ap resevwa lajan ankň nan men moun nou konnen yo. Se pou nou renmčt lajan an pou yo ka fč reparasyon nan tanp lan.  
 
2Ki 12:8
 
Prčt yo dakň pou yo pa kenbe lajan yo resevwa nan men pčp la ankň, lčfini pou yo pa reskonsab fč reparasyon nan Tanp lan.  
 
2Ki 12:9
 
Lč sa a, Jeojada, prčt la, pran yon bwat, li fč yon twou nan kouvčti li, li mete l' toupre lotčl la, sou bň dwat lč w'ap antre nan Tanp Seyč a. Se ladan l' prčt ki t'ap veye nan papňt Tanp lan mete tout lajan yo te bay pou Tanp lan.  
 
2Ki 12:10
 
Chak fwa yo wč te gen bonkou lajan nan bwat la, sekretč wa a ansanm ak granprčt la vini, yo kontwole lajan an, yo mete l' nan sak.  
 
2Ki 12:11
 
Lč yo fin make kantite lajan yo te jwenn lan, yo renmčt li bay moun ki te reskonsab travay ki pou fčt nan Tanp lan. Moun sa yo menm peye bňs chapant yo, lňt bňs ki t'ap fč travay nan Tanp lan,  
 
2Ki 12:12
 
bňs mason yo ak moun k'ap taye wňch yo. Yo achte bwa ak gwo wňch taye pou fč reparasyon nan Tanp Seyč a. Se yo menm ki te fč tout kalite depans pou sa.  
 
2Ki 12:13
 
Men yo pa t' pran nan lajan yo te pote nan Tanp lan pou fč gwo basin an ajan, kouto, bňl ak twonpčt yo, ni ankenn lňt bagay an lň osinon an ajan.  
 
2Ki 12:14
 
Yo te renmčt tout lajan an bay moun ki te reskonsab travay yo pou yo te ka sčvi avč l' pou fč reparasyon nan Tanp Seyč a.  
 
2Ki 12:15
 
Yo pa t' fč ankenn regleman ak moun ki te reskonsab lajan pou peye travayč yo, paske se moun serye yo te ye.  
 
2Ki 12:16
 
Yo pa t' mete lajan ofrann moun fč pou peye pou sa yo fč ki mal ak lajan ofrann moun fč pou peche yo fč san yo pa konnen nan bwat Tanp Seyč a. Se pou prčt yo li te ye.  
 
2Ki 12:17
 
ś Lč sa a, Azayčl, wa peyi Siri a, atake lavil Gat. Li pran l', lčfini li pran mache sou lavil Jerizalčm.  
 
2Ki 12:18
 
Joas, wa peyi Jida a, pran tout bagay zansčt li yo, depi Jozafa ak Joram rive sou Okozyas ki te ansyen wa peyi Jida yo, te ofri bay Seyč a ansanm ak tout bagay li menm li te ofri bay Seyč a epi ki te nan Tanp lan, li pran tout lň li jwenn nan trezň Tanp lan ak tout lň ki te nan palč a, li voye yo fč Azayčl, wa peyi Siri a, kado. Azayčl chanje lide, li pa moute atake lavil Jerizalčm ankň.  
 
2Ki 12:19
 
Tout rčs istwa Joas ak tou sa li te fč, n'a jwenn yo ekri nan liv Istwa Wa peyi Jida yo.  
 
2Ki 12:20
 
Se pwňp chčf li yo ki te moute yon konplo sou do l'. Yo touye l' nan kay yo te bati sou ranblč ki sou bň solčy leve lavil Jerizalčm lan, sou wout ki mennen desann bň Sila a.  
 
2Ki 12:21
 
Se Jozaka, pitit Chimeya, ak Jozabab, pitit Chomč, de chčf ki t'ap sčvi ak wa a, ki touye l'. Yo antere Joas nan lavil David nan kavo fanmi an. Se Amasya, pitit gason li, ki moute wa nan plas li.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
1 Kings 12 Kings 111 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 2 Kings 131 Chronicles 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards