All NT OTBook
Compare Texts
2 Samuel 1 1 Kings 7

1 Kings 8:1-66

1 Kings 9 2 Kings 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
1Ki 8:1
 
ś Apre sa, Salomon bay lňd pou tout gwo chčf pčp Izrayčl yo ansanm ak tout chčf branch fanmi yo ak lňt chčf fanmi pčp la vin jwenn li lavil Jerizalčm pou y' al pran Bwat Kontra Seyč a nan lavil David la, lavil Siyon an, pou yo pote l' nan Tanp lan.  
 
1Ki 8:2
 
Pandan Fčt Joupa yo nan mwa Etanim lan, setyčm mwa nan kalandriye jwif yo, tout pčp Izrayčl la reyini ansanm ak wa Salomon.  
 
1Ki 8:3
 
Lč tout chčf fanmi pčp Izrayčl yo reyini, prčt yo pran Bwat Kontra a,  
 
1Ki 8:4
 
yo pote l' nan Tanp lan ansanm ak Tant Randevou Seyč a ak tout bagay ki te apa pou Seyč a nan Tant Randevou a. Se prčt yo ak moun Levi yo ki te pote yo moute.  
 
1Ki 8:5
 
Wa Salomon ansanm ak tout pčp Izrayčl la sanble devan Bwat Kontra a, yo touye bčf, kabrit ak mouton an kantite pou Bondye. Moun pa t' ka konte konbe bčt yo te touye jou sa a sitčlman yo te anpil.  
 
1Ki 8:6
 
Lč yo fini, prčt yo pote Bwat Kontra a nan pyčs ki apa nčt pou Seyč a, yo mete l' nan mitan de pňtre zanj cheriben yo.  
 
1Ki 8:7
 
Zčl cheriben yo te louvri, yo te kouvri tout kote Bwat Kontra a ye a ansanm ak poto ki sčvi pou pote l' yo.  
 
1Ki 8:8
 
Si yon moun kanpe sou devan pyčs ki apa pou Seyč a, yo ka wč pwent poto yo tčlman yo te long. Men, ou pa ka wč yo lňt kote ankň. Jouk koulye a poto yo la toujou.  
 
1Ki 8:9
 
Nan Bwat Kontra a pa t' gen pase de moso wňch plat Moyiz te mete ladan l' yo depi sou Mňn Orčb la. Se sou de wňch sa yo Seyč a te make kontra li te pase avčk moun pčp Izrayčl yo lč yo t'ap soti kite peyi Lejip.  
 
1Ki 8:10
 
Lč prčt yo fč sa y'ap soti nan pyčs apa pou Seyč a, nwaj la plen Tanp Seyč a nčt.  
 
1Ki 8:11
 
Poutčt nwaj la prčt yo pa t' ka rete fč sčvis yo, paske limyč prezans Seyč a te plen Tanp lan nčt.  
 
1Ki 8:12
 
ś Lčfini, Salomon di konsa: -Seyč, ou di ou pito viv kote ki fč nwa.  
 
1Ki 8:13
 
Koulye a, mwen bati yon tanp pou ou ka rete, yon kay kote ou pral viv pou tout tan.  
 
1Ki 8:14
 
Lčfini, wa a vire, li bay pčp Izrayčl la fas. Tout pčp la te kanpe. Li mande benediksyon Bondye pou pčp la, li di konsa:  
 
1Ki 8:15
 
-Lwanj pou Seyč a, Bondye pčp Izrayčl la. Avčk fňs kouraj li, li kenbe pwomčs li te fč David, papa m', lč li te di l' konsa:  
 
1Ki 8:16
 
Depi jou mwen te fč pčp mwen an soti kite peyi Lejip, mwen pa janm chwazi yon lavil nan tout peyi pčp Izrayčl la kote pou yo bati yon tanp ladan l' pou mwen rete. Men, mwen te chwazi David pou li gouvčnen pčp mwen an, pčp Izrayčl la.  
 
1Ki 8:17
 
David, papa m', te fč lide bati yon tanp pou Seyč a, Bondye pčp Izrayčl la.  
 
1Ki 8:18
 
Men, Seyč a te di l': Ou byen fčt gen lide bati yon tanp pou mwen.  
 
1Ki 8:19
 
Men, se pa ou ki va bati l'. Se pwňp pitit gason w'ap fč a ki va bati Tanp lan pou mwen.  
 
1Ki 8:20
 
Koulye a, Seyč a kenbe pwomčs li. Jan li te di l' la, se mwen ki nan plas David, papa m'. Mwen chita sou fotčy wa a Izrayčl la, mwen bati yon tanp pou Seyč a, Bondye pčp Izrayčl la.  
 
1Ki 8:21
 
Lčfini, mwen fč yon plas ladan l' pou Bwat Kontra Seyč a ki gen de moso wňch plat kote Seyč a te ekri kontra li te pase ak zansčt nou yo lč li te fč yo soti kite peyi Lejip.  
 
1Ki 8:22
 
ś Apre sa, Salomon al kanpe devan lotčl Seyč a, devan tout pčp Izrayčl la, li leve de men l' anlč, li lapriyč Bondye,  
 
1Ki 8:23
 
li di: -Seyč, ou menm ki Bondye pčp Izrayčl la, pa gen Bondye tankou ou ni nan syčl ni sou latč. Ou kenbe kontra ou te pase ak pčp ou a. Ou moutre jan ou renmen moun k'ap sčvi ou ak tout kč yo.  
 
1Ki 8:24
 
Ou te kenbe pwomčs ou te fč David, papa m' lan. Tou sa ou te di, ou fč l' rive vre jňdi a.  
 
1Ki 8:25
 
Se poutčt sa, Seyč, Bondye pčp Izrayčl la, m'ap mande ou pou ou kenbe lňt pwomčs ou te fč David, papa m', sčvitč ou la, lč ou te di l' va toujou gen yonn nan pitit pitit li yo pou gouvčnen pčp Izrayčl la, depi yo veye jan y'ap mache a pou yo mennen bak yo devan ou jan li menm li te fč l' la.  
 
1Ki 8:26
 
Se konsa, Bondye pčp Izrayčl la, tanpri, fč tout bagay rive jan ou te fč pwomčs la bay David, papa m', sčvitč ou la.  
 
1Ki 8:27
 
Men, Bondye, čske ou ka rete tout bon sou latč? Ata syčl la pa laj ase pou l' kenbe ou. Ale wč pou ti kay mwen bati pou ou la a!  
 
1Ki 8:28
 
Seyč, Bondye m', tanpri, se sčvitč ou mwen ye. Tanpri, tande jan m'ap lapriyč ou. Koute jan m'ap rele nan pye ou jňdi a.  
 
1Ki 8:29
 
Lajounen kou lannwit, voye je ou sou Tanp lan, Tanp kote ou te di w'ap toujou la a. Koute lapriyč mwen menm, sčvitč ou la, m'ap fč nan pye ou la a.  
 
1Ki 8:30
 
Wi, koute lapriyč m'ap fč ak lapriyč pčp Izrayčl ou a ap fč nan pye ou isit la. Nan syčl kote ou rete a, koute lapriyč nou, padonnen nou.  
 
1Ki 8:31
 
Lč yo pote plent pou yon moun ki fč frč l' yon bagay mal, si yo mande l' pou l' fč sčman se pa vre, epi li vin fč sčman an devan lotčl ou a, nan tanp sa a,  
 
1Ki 8:32
 
ou menm, Seyč ki nan syčl la, w'a tande, w'a fč sa ki gen pou fčt la, w'a jije sčvitč ou yo. W'a pini moun ki koupab la, w'a fč chatiman li merite a tonbe sou tčt li. W'a fč rekončt lč yon moun inonsan pou yo ka rann li jistis.  
 
1Ki 8:33
 
Lč lčnmi va bat pčp Izrayčl la paske pčp la te peche kont ou, Bondye, si yo tounen vin jwenn ou, si yo fč lwanj pou ou, si yo vin lapriyč nan pye ou isit nan Tanp sa a,  
 
1Ki 8:34
 
tanpri, kote ou ye nan syčl la, koute yo. Padonnen peche pčp Izrayčl ou a, fč yo tounen nan peyi ou te bay zansčt yo a.  
 
1Ki 8:35
 
Lč va gen chechrčs nan peyi a san yon ti degout lapli paske pčp la te peche kont ou, si yo rčgrčt sa yo te fč a paske ou te pini yo, si yo vin lapriyč isit la, si yo rele non ou,  
 
1Ki 8:36
 
tanpri, kote ou ye nan syčl la, koute yo. Padonnen peche wa a ansanm ak peche pčp Izrayčl la. Moutre yo bon chemen pou yo pran an. Apre sa, Seyč, w'a voye lapli sou peyi ou te bay pčp ou a pou rele l' pa l' la.  
 
1Ki 8:37
 
Lč va gen grangou nan peyi a, osinon lč move maladi lapčs va tonbe sou li, lč plant yo va cheche nan van cho, lč krikčt ak chwal bondye va ravaje jaden yo, lč lčnmi va sčnen lavil nou yo pou atake pčp la, lč nenpňt maladi osinon nenpňt malč va tonbe sou pčp la,  
 
1Ki 8:38
 
koute lapriyč y'ap fč nan pye ou. Lč nenpňt moun osinon tout pčp la va lapriyč nan pye ou, lč y'a rčgrčt sa yo fč a, lč y'a leve men yo nan direksyon Tanp lan pou yo lapriyč ou,  
 
1Ki 8:39
 
tanpri, koute lapriyč yo, kote ou ye nan syčl kote ou rete a, padonnen yo, fč sa ou gen pou fč a. Bay chak moun sa yo merite, paske ou konnen sa ki nan kč yo chak. Se ou menm sčlman ki konnen sa ki nan fon kč moun.  
 
1Ki 8:40
 
Wi, w'a bay chak moun sa yo merite, konsa pčp ou a va gen krentif pou ou pandan tout tan y'ap viv sou tč ou te bay zansčt nou yo.  
 
1Ki 8:41
 
Menm lč yon moun lňt nasyon ki pa fč pati pčp ou a soti byen lwen vini isit la poutčt ou,  
 
1Ki 8:42
 
paske li tande jan y'ap nonmen non ou, li tande pale tout bčl bagay w'ap fč avčk fňs kouraj ou, si li vin lapriyč nan tanp sa a,  
 
1Ki 8:43
 
tanpri, nan syčl kote ou rete a, koute lapriyč li. W'a fč pou li tou sa li mande ou. Konsa tout pčp sou latč va konnen ou. y'a gen krentif pou ou tankou pčp Izrayčl ou a gen krentif pou ou. y'a konnen Tanp mwen bati pou ou a, se la pou yo vin adore ou.  
 
1Ki 8:44
 
Lč pčp ou a va pati al goumen ak lčnmi l' yo, nenpňt ki bň w'a voye yo, lč y'a vire tčt yo nan direksyon lavil ou chwazi a ak nan direksyon Tanp mwen bati pou ou a pou yo lapriyč nan pye ou,  
 
1Ki 8:45
 
tanpri, nan syčl kote ou rete a, koute lapriyč yo. Koute lapriyč y'ap fč nan pye ou, defann kňz yo.  
 
1Ki 8:46
 
Lč pčp ou a va peche kont ou, paske pa gen moun ki pa fč peche, lč w'a move sou yo, w'a lage yo nan men lčnmi yo ki va fč yo prizonye, ki va depňte yo nan lňt peyi, li te mčt toupre, li te mčt byen lwen,  
 
1Ki 8:47
 
antan yo la nan peyi kote lčnmi yo te depňte yo a, si yo rčgrčt sa yo te fč, si yo lapriyč nan pye ou, si yo rekončt yo te fč sa ki mal, si yo rekončt yo te peche, si yo rekončt yo antň,  
 
1Ki 8:48
 
si yo tounen vin jwenn ou ak tout kč yo ak tout nanm yo, antan yo nan peyi kote lčnmi te depňte yo a, si yo vire tčt yo nan direksyon peyi ou te bay zansčt yo a, nan direksyon lavil ou te chwazi a, nan direksyon Tanp mwen bati pou ou a pou yo lapriyč nan pye ou,  
 
1Ki 8:49
 
tanpri, koute lapriyč y'ap fč nan pye ou, kote ou ye nan syčl kote ou rete a. Koute lapriyč yo, defann kňz yo.  
 
1Ki 8:50
 
Padonnen pčp ou a tout peche yo te fč kont ou, tout vire do yo te vire do ba ou. W'a fč lčnmi ki te depňte yo gen pitye pou yo.  
 
1Ki 8:51
 
Paske, se pčp ki rele ou pa ou la yo ye, pčp ou menm ou te fč soti kite peyi Lejip ki te pou yo tankou yon gwo fou dife kote yo fonn fč.  
 
1Ki 8:52
 
Seyč, Bondye, louvri je ou! Koute lapriyč mwen menm, sčvitč ou, m'ap fč nan pye ou ansanm ak tout pčp Izrayčl la, chak fwa n'ap rele pou mande ou sekou.  
 
1Ki 8:53
 
Se ou menm ki te chwazi nou nan mitan tout lňt pčp sou latč pou nou te ka rele ou pa ou, jan ou te di l' nan bouch Moyiz, sčvitč ou la, lč ou te fč zansčt nou yo soti kite peyi Lejip.  
 
1Ki 8:54
 
ś Pandan Salomon t'ap fč lapriyč sa a nan pye Bondye, li te ajenou devan lotčl la, de bra leve anlč. Lč li fini, li leve.  
 
1Ki 8:55
 
Li kanpe, li mande Bondye pou l' voye benediksyon l' sou tout pčp Izrayčl la ki te sanble la a. Li pale byen fň, li di:  
 
1Ki 8:56
 
-Lwanj pou Seyč a ki bay pčp Izrayčl la kč poze, jan li te pwomčt la. Li kenbe tout bčl pwomčs li te fč nan bouch Moyiz, sčvitč l' la.  
 
1Ki 8:57
 
Koulye a, mwen mande pou Seyč a, Bondye nou an, toujou kanpe la avčk nou jan li te toujou kanpe la ak zansčt nou yo. Mwen mande l' pou l' pa janm lage nou, pou l' pa janm bliye nou.  
 
1Ki 8:58
 
Se pou li fč nou pa janm bliye l' pou nou ka toujou fč volonte l' nan tout sa n'ap fč, pou nou kenbe lňd, prensip ak kňmandman li te bay zansčt nou yo.  
 
1Ki 8:59
 
Se pou Seyč a, Bondye nou an, pa janm bliye lapriyč sa yo mwen sot fč nan pye l' la. Se pou l' toujou gen pitye pou pčp Izrayčl la ansanm ak wa a, sčvitč li a, dapre sa y'a bezwen chak jou.  
 
1Ki 8:60
 
Konsa, tout nasyon sou latč va konnen se Seyč a sčl ki Bondye. Pa gen lňt!  
 
1Ki 8:61
 
Se pou nou toujou kenbe pye Seyč a, Bondye nou an, fčm. Se pou nou mache dapre lňd li ban nou, pou nou fč tou sa li mande nou fč tankou jňdi a.  
 
1Ki 8:62
 
ś Apre sa, wa Salomon ansanm ak tout pčp Izrayčl ki te la a ofri bčt pou touye pou Seyč a.  
 
1Ki 8:63
 
Salomon te ofri venndemil (22.000) towo ak sanvenmil (120.000) mouton pou mande Bondye padon. Se konsa wa a ansanm ak tout moun pčp Izrayčl yo te mete Tanp lan apa pou Seyč a.  
 
1Ki 8:64
 
Menm jou a, li mete mitan gwo lakou ki devan Tanp Seyč a apa pou Bondye. Lčfini, se la li ofri bčt pou boule nčt pou Seyč a, grenn jaden ak grčs bčt yo te touye pou mande Bondye padon, paske lotčl kwiv ki devan Tanp lan te twň piti pou pran tout ofrann sa yo.  
 
1Ki 8:65
 
Lč sa a, Salomon ansanm ak tout pčp Izrayčl la fete Fčt Joupa yo pandan sčt jou. Foul moun te soti depi Pas Amat la nan nň jouk sou fwontyč ak peyi Lejip la nan sid, yo vin fete fčt la pandan sčt jou. Lčfini, yo fete pandan sčt jou ankň. Sa te fč antou katňz jou.  
 
1Ki 8:66
 
Sou wityčm jou a, Salomon voye tout moun tounen lakay yo. Yo tout t'ap fč lwanj li, y' al lakay yo ak kč kontan, paske sa te fč yo plezi pou wč tout benediksyon Seyč a te bay David, sčvitč l' la, ansanm ak pčp Izrayčl li a.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
2 Samuel 11 Kings 71 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 1 Kings 92 Kings 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards