All NT OTBook
Compare Texts
2 Samuel 1 1 Kings 2

1 Kings 3:1-28

1 Kings 4 2 Kings 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
1Ki 3:1
 
ś Salomon antre nan fanmi farawon an, wa peyi Lejip. Li marye ak pitit fi farawon an. Li mennen l' rete nan lavil David la jouk li fin bati palč li a, Tanp Bondye a ak gwo miray ranpa ki fč wonn lavil Jerizalčm yo.  
 
1Ki 3:2
 
Yo pa t' ankň bati yon kay pou Seyč a. Se sa ki fč pčp la t'ap touye bčt yo te ofri pou lňt bondye divčs kote sou mňn yo toujou.  
 
1Ki 3:3
 
Salomon li menm te renmen Seyč a, li te mache dapre lňd David, papa l', te ba li. Men li menm tou, li te touye bčt pou lňt bondye, li te ofri yo lansan sou divčs lotčl sou mňn yo.  
 
1Ki 3:4
 
Salomon te konn al lavil Gabawon pou touye bčt pou Bondye, paske se la ki te gen pi gwo lotčl la. Li te deja ofri mil bčt pou yo te boule nčt sou lotčl la.  
 
1Ki 3:5
 
ś Yon jou lannwit, Seyč a parčt devan Salomon nan dňmi lavil Gabawon, li di l' konsa: -Kisa ou ta vle m' ba ou?  
 
1Ki 3:6
 
Salomon reponn: -Ou te toujou fč wč jan ou te renmen papa m', David, sčvitč ou la, anpil. Li menm, li te mache dwat devan ou, li pa t' janm vire do ba ou, li te sčvi ou ak tout kč li. Ou pa t' janm sispann fč l' wč jan ou te renmen li. Ou ba li yon pitit gason k'ap gouvčnen nan plas li jňdi a.  
 
1Ki 3:7
 
Seyč, Bondye mwen, koulye a atout mwen jenn toujou, atout mwen pankň gen esperyans pou m' gouvčnen, ou pran m', ou mete m' wa a nan plas David, defen papa m'.  
 
1Ki 3:8
 
Men mwen alatčt pčp ou chwazi pou rele ou pa ou la, yon pčp ki sitčlman anpil nou pa ka konte konbe moun ki ladan l'.  
 
1Ki 3:9
 
Tanpri, ban mwen lespri veyatif pou m' ka gouvčnen pčp ou a san patipri, pou m' konn sa ki byen ak sa ki mal. Si se pa sa, ki jan m'a fč pou m' gouvčnen pčp ou a ak tout moun sa yo ki ladan l'?  
 
1Ki 3:10
 
Seyč a te kontan wč se sa Salomon te mande l'.  
 
1Ki 3:11
 
Li di l' konsa: -Monchč, ou pa mande m' pou ou viv lontan, ou pa mande m' richčs, ni ou pa mande m' lanmň pou lčnmi ou yo, men ou mande m' yon lespri veyatif pou ou ka gouvčnen san patipri.  
 
1Ki 3:12
 
M'ap ba ou sa ou mande a, m'ap ba ou plis konesans ak plis bon konprann pase tout moun, pase ni sa ki te la anvan ou yo, ni sa k'ap vin apre ou.  
 
1Ki 3:13
 
Lčfini, m'ap ba ou sa ou pa t' mande tou. M'ap ba ou anpil richčs ak anpil pouvwa. Konsa, p'ap gen ankenn lňt wa tankou ou pandan tout rčs tan ou gen pou viv la.  
 
1Ki 3:14
 
Si ou fč volonte m', si ou mache dapre lňd ak kňmandman m' yo, tankou David, papa ou, te fč l' la, m'ap fč ou viv lontan.  
 
1Ki 3:15
 
Lč Salomon leve, li vin konprann Bondye te pale avč l' nan rčv. Li tounen lavil Jerizalčm, l' ale devan Bwat Kontra Seyč a, li ofri bčt pou yo boule nčt, bčt pou yo touye pou di Seyč a mčsi. Apre sa, li bay yon gwo fčt pou tout moun k'ap travay nan gouvčnman l' lan.  
 
1Ki 3:16
 
ś Yon jou, de fanm, de jennčs, vin prezante devan wa Salomon.  
 
1Ki 3:17
 
Yonn ladan yo pran lapawňl, li di: -Monwa, madanm sa a avč m' nou rete nan menm kay. Mwen fč yon pitit gason nan kay la devan li.  
 
1Ki 3:18
 
De jou apre pitit mwen an fčt, li menm tou li akouche, li fč yon pitit gason tou. Nou de ase ki te nan kay, pa t' gen lňt moun la ankň.  
 
1Ki 3:19
 
Pandan lannwit, antan l'ap dňmi li woule sou pitit pa l' la, li toufe l'.  
 
1Ki 3:20
 
Li leve nan mitan lannwit lan, antan m'ap dňmi, li pran ti pitit mwen an ki te bň kote m', li mete l' nan kabann pa l'. Li pran ti pitit pa l' la, li mete l' tou mouri a nan kabann pa m'.  
 
1Ki 3:21
 
Nan maten lč m' leve pou m' bay ti pitit mwen an tete, mwen jwenn li mouri. Men, lč m' gade byen gade, mwen wč se pa t' pitit mwen an sa.  
 
1Ki 3:22
 
Men lňt fanm lan di: -Non, se pa vre. Se pitit pa m' lan ki vivan. Se pa ou la ki mouri. Lč sa a, premye fanm lan reponn: -Non se pa vre. Se pitit pa m' lan ki vivan. Se pa ou la ki mouri. Se konsa yo t'ap fč kont devan wa a.  
 
1Ki 3:23
 
Lč sa a, wa a pran lapawňl, li di: -Sa a di se pitit li a ki vivan, ti pitit mouri a se pou lňt la. Lňt la menm di non, se pitit pa li a ki vivan, ti pitit mouri a se pou sa a.  
 
1Ki 3:24
 
Wa a voye chache yon nepe. Lč yo pote nepe a li di konsa:  
 
1Ki 3:25
 
-Koupe ti pitit vivan an mwatye mwatye, bay chak fanm yon moso.  
 
1Ki 3:26
 
Men manman ti pitit vivan an santi zantray li ap rache pou pitit li a. Li di wa a: -Tanpri, monwa, pa touye ti pitit la. Pito ou bay madanm sa a li. Men lňt madanm lan menm di: -Ou mčt koupe l'! Li p'ap ni pou ou, ni pou mwen.  
 
1Ki 3:27
 
Lč sa a Salomon di: -Pa touye pitit la. Renmčt li bay premye fanm lan. Se li menm ki manman ti pitit ki vivan an.  
 
1Ki 3:28
 
Lč pčp Izrayčl la tande jan Salomon te regle kont lan, yo vin gen anpil respč pou li, paske yo te wč se Bondye menm ki te ba li bon konprann sa a pou regle tout bagay san patipri.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
2 Samuel 11 Kings 21 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 1 Kings 42 Kings 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards