| |
Haitian Creole Bible |  | |
 |
| |
| | 2Sa 6:1 | ś Yon lňt fwa ankň, David reyini tout pi bon sňlda pčp Izrayčl la. Sa te fč antou trantmil (30.000) gason.
| |
| | 2Sa 6:2 | Li leve, li pati pou Balat nan peyi Jida ansanm ak tout sňlda ki te avč l' yo. Li tapral chache Bwat Kontra Bondye a, bwat ki pote non Seyč ki gen tout pouvwa a, Seyč ki gen fotčy li anwo zanj cheriben yo.
| |
| | 2Sa 6:3 | Yo pran Bwat la kay Abenadab sou mňn lan, mete l' sou yon kabwa tou nčf, yo pote l' ale. Ouza ak Akiyo, pitit gason Abenadab yo, t'ap mennen kabwa
| |
| | 2Sa 6:4 | kote yo te mete Bwat Kontra Bondye a. Akiyo t'ap mache devan kabwa a.
| |
| | 2Sa 6:5 | David ansanm ak tout moun pčp Izrayčl yo menm t'ap danse ak tout nanm yo. Yo t'ap chante fč lwanj Seyč a. Yo t'ap jwe gita ak bandjo. Yo t'ap bat tanbou, tanbouren ak senbal.
| |
| | 2Sa 6:6 | ś Lč yo rive bň glasi Nakon an, bčf yo bite, yo manke tonbe. Ouza lonje men l', li soutni Bwat Kontra a.
| |
| | 2Sa 6:7 | Men Seyč a move sou Ouza, li touye l' frčt paske li pa t' gen dwa manyen Bwat Kontra a. Ouza mouri la toupre Bwat Kontra a.
| |
| | 2Sa 6:8 | David menm te fache dčske Seyč a te touye Ouza konsa. Se poutčt sa depi lč sa a yo rele kote sa a Perčz-Ouza, non ki rete pou li jouk jounen jňdi a.
| |
| | 2Sa 6:9 | Lč sa a, David vin pč Seyč a. Li di li pa wč ki jan pou l' pran Bwat Kontra a lakay li.
| |
| | 2Sa 6:10 | Se konsa li pran desizyon pou l' pa pote Bwat Kontra Seyč a lakay li nan Lavil David la. Li fč yo pote l' kay Občdedon, yon moun lavil Gat.
| |
| | 2Sa 6:11 | Bwat la pase twa mwa lakay li. Seyč a te beni Občdedon ansanm ak tout moun lakay li.
| |
| | 2Sa 6:12 | ś Lč David tande jan Seyč a te beni Občdedon ak tout moun lakay li, jan zafč l' t'ap mache byen poutčt Bwat Kontra a, David pati, li ale kay Občdedon, li pran Bwat Kontra Seyč a pou pote l' nan Lavil David la avčk gwo seremoni sou tout wout la.
| |
| | 2Sa 6:13 | Lč moun ki t'ap pote Bwat Kontra Seyč a fč sis pa annavan, David fč yo rete, li touye yon gwo towo ak yon ti towo bčf chatre pou Seyč a.
| |
| | 2Sa 6:14 | Apre sa, David pran danse ak tout nanm li devan Seyč a. Li pa t' gen pase yon moso twal fen blan mare nan ren l'.
| |
| | 2Sa 6:15 | Se konsa, li menm ak tout pčp Izrayčl la, yo pote Bwat Kontra Seyč a lavil Jerizalčm. Yo t'ap fč fčt, yo t'ap kňnen twonpčt sou tout wout la.
| |
| | 2Sa 6:16 | Antan yo t'ap antre ak Bwat Kontra a nan lavil David la, Mikal, pitit fi Sayil la, te kanpe bň yon fennčt ap gade. Li wč David ki t'ap danse fč laviwonn devan Seyč a. Li vin pa gen yon san pou li ankň.
| |
| | 2Sa 6:17 | Yo pote Bwat Kontra Seyč a, yo mete l' nan plas li nan tant David te moute pou li a. Apre sa, David ofri bčt pou boule nčt pou Seyč a ak ofrann pou di Bondye mčsi.
| |
| | 2Sa 6:18 | Lč David fin fč ofrann sa yo, li beni pčp la nan non Seyč ki gen tout pouvwa a.
| |
| | 2Sa 6:19 | Li separe manje bay tout moun pčp Izrayčl yo, fanm kou gason. Li ba yo chak yon pen, yon moso vyann woti ak yon pen rezen. Lčfini, tout moun al lakay yo.
| |
| | 2Sa 6:20 | ś Apre sa, David al lakay li pou l' beni fanmi pa l' tou. Men, Mikal, pitit fi Sayil la, soti vin kontre li. Epi li di l' konsa: -Ala yon bčl bagay wa pčp Izrayčl la fč pou tčt li jňdi a! Tou sa yon vakabon ta fč. Li wete rad sou li devan tout sčvant moun k'ap sčvi avč l' yo!
| |
| | 2Sa 6:21 | David reponn li: -Se vre. Mwen t'ap danse pou m' te fč lwanj Seyč a ki te pito m' pase papa ou ak tout fanmi ou. Li chwazi m', li mete m' chčf pčp Izrayčl la, pčp li a. M'ap toujou ka danse devan l' pou m' fč lwanj li.
| |
| | 2Sa 6:22 | M'ap desanm tčt mwen pi ba toujou pase sa. Dapre ou, se desann m'ap desann sousi m'. Men, sčvant w'ap pale yo ap toujou ka leve m' anlč.
| |
| | 2Sa 6:23 | Mikal, pitit fi Sayil la, pa janm fč pitit jouk li mouri.
| |