All NT OTBook
Compare Texts
1 Samuel 1 2 Samuel 2

2 Samuel 3:1-39

2 Samuel 4 1 Kings 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
2Sa 3:1
 
ś Patizan fanmi Sayil yo ak patizan David yo pase lontan ap goumen yonn ak lňt konsa. Men, patizan David yo t'ap vin pi plis chak jou. Patizan fanmi Sayil yo menm t'ap bese.  
 
2Sa 3:2
 
Men sis pitit gason David vin fč antan li te lavil Ebwon: Pi gran an te rele Amon. Se Akenoam, moun lavil Jizreyčl, ki te manman l'.  
 
2Sa 3:3
 
Dezyčm lan te rele Kileyab. Se Abigayel, včv Nabal la, moun lavil Kamčl, ki te manman l'. Twazyčm lan te rele Absalon. Se Maka, pitit fi Talmayi, wa lavil Gechou a, ki te manman l'.  
 
2Sa 3:4
 
Katriyčm lan te rele Adonija. Se Agit ki te manman l'. Senkyčm lan te rele Chefatya. Se Abital ki te manman l'.  
 
2Sa 3:5
 
Sizyčm lan te rele Jitreyam. Se Egla, yon lňt madanm David te genyen, ki te manman l'. Yo tout te fčt antan David te rete lavil Ebwon.  
 
2Sa 3:6
 
Pandan lagč a t'ap kaye ant patizan fanmi Sayil yo ak patizan David yo, Abnč te vin gen plis pouvwa chak jou sou patizan fanmi Sayil yo.  
 
2Sa 3:7
 
ś Sayil te gen yon fanm kay ki te rele Rispa. Se te pitit fi Aja. Abnč te kouche avč l'. Yon jou, Ichbochčt rele Abnč, li di l' konsa: -Poukisa w' al kouche avčk yonn nan fanm kay papa m' yo?  
 
2Sa 3:8
 
Lč Abnč tande sa, li fache anpil. Li di Ichbochčt konsa: -Eske se yon chen k'ap travay pou moun Jida yo mwen ye? Jouk jounen jňdi a mwen pa janm trayi Sayil, papa ou, ni patizan l' yo, ni zanmi l' yo. Mwen goumen rčd mare pou m' pa kite yo tonbe nan men David. Lčfini, pou koulye a w'ap fč m' repwňch pou yon ti pachat mwen te fč ak fanm sa a!  
 
2Sa 3:9
 
Se pou Seyč a ban m' pi gwo pinisyon ki genyen si mwen pa fč pwomčs Bondye te fč David la rive vre.  
 
2Sa 3:10
 
Paske li te fč sčman l'ap wete baton kňmandman an nan fanmi Sayil la pou l' mete David wa sou moun Izrayčl yo ak sou moun Jida yo, soti depi teritwa Dann lan rive teritwa Becheba a.  
 
2Sa 3:11
 
Ichbochčt pa t' ka reponn Abnč anyen sitčlman li te pč l'.  
 
2Sa 3:12
 
Abnč voye kčk mesaje bň kote David pou di li: -Ki moun ki pral gouvčnen peyi sa a? Pase yon kontra avč m'. M'ap ede ou pou tout moun Izrayčl yo vin jwenn ou.  
 
2Sa 3:13
 
David reponn li: -Dakň. M'ap pase yon kontra avč ou. Men, m'ap mande yon sčl bagay. Piga ou vin wč m' san ou pa mennen Mikal, pitit fi Sayil la, avč ou. Se sčl jan pou ou parčt devan m'.  
 
2Sa 3:14
 
Apre sa, David voye kčk mesaje bň kot Ichbochčt pou di li: -Renmčt mwen Mikal, madanm mwen. Mwen te bay san po ti kňk moun Filisti pou m' te ka marye avč l'.  
 
2Sa 3:15
 
Ichbochčt voye pran Mikal lakay mari li, Paltyčl, pitit gason Layis la.  
 
2Sa 3:16
 
Paltyčl pati dčyč l', li t'ap kriye sou tout wout la jouk yo rive lavil Baourim. Men Abnč di Paltyčl konsa: -Tounen lakay ou non, monchč! Epi Paltyčl tounen tounen l'.  
 
2Sa 3:17
 
Abnč al jwenn chčf fanmi moun Izrayčl yo pou fč yon koze ak yo. Li di yo konsa: -Depi lontan nou te vle se David ki pou te wa nou, pa vre.  
 
2Sa 3:18
 
Enben, men chans nou. Paske men sa Seyč a te di sou David: Mwen pral sčvi ak David, sčvitč m' lan, pou m' delivre pčp Izrayčl la, pčp mwen an, anba men moun Filisti yo ak anba men tout lňt lčnmi l' yo.  
 
2Sa 3:19
 
Anbč pale ak moun branch fanmi Benjamen yo tou. Lčfini, li pati pou Ebwon pou li al di David sa moun pčp Izrayčl yo ansanm ak tout moun branch fanmi Benjamen yo te tonbe dakň pou yo fč.  
 
2Sa 3:20
 
Li rive lakay David lavil Ebwon. Li te gen vin lňt gason avč l'. David fč yon gwo resepsyon pou Abnč ak pou vin moun ki te avč l' yo.  
 
2Sa 3:21
 
Abnč di David konsa: -Monwa, mwen prale koulye a, mwen pral sanble tout moun pčp Izrayčl yo bň kote ou. y'a pase yon kontra avč ou. Konsa, w'a ka gouvčnen tout peyi a jan ou vle l' la. David bay Abnč pčmisyon pou li ale. Lčfini, Abnč pati ak kč poze.  
 
2Sa 3:22
 
ś Apre sa, Joab ak patizan David yo vin rive. Yo te sot fč yon pase kay lčnmi yo, yo te tounen ak anpil bagay yo te pran lakay yo. Lč sa a, Abnč pa t' Ebwon ankň lakay David, paske David te gen tan kite l' ale ak garanti anyen p'ap rive l'.  
 
2Sa 3:23
 
Lč Joab ak sňlda ki te avč l' yo rive, yo di Joab Abnč, pitit Nč a, te vin wč wa a, epi wa a kite l' ale ak garanti anyen p'ap rive l'.  
 
2Sa 3:24
 
Joab al jwenn wa a, li di li: -Sa ou fč konsa? Abnč vin jwenn ou epi ou kite l' ale san ou pa fč l' anyen?  
 
2Sa 3:25
 
Ou konn ki moun yo rele Abnč, pitit Nč a! Si li vini, se pou l' ka woule ou, pou l' ka konnen tout vire tounen ou, pou l' konnen tou sa w'ap fč.  
 
2Sa 3:26
 
Lčfini, Joab soti kay David, li voye moun al chache Abnč san David pa konnen. Yo jwenn Abnč bň sitčn dlo Sira a, yo fč l' tounen.  
 
2Sa 3:27
 
Lč Abnč rive Ebwon, Joab mennen l' apa bň pňtay lavil la tankou si li te vle pale pou kont li avč l'. Epi li ba li yon kout ponya nan vant. Se konsa Joab touye Abnč paske Abnč te touye Asayčl, frč l' la.  
 
2Sa 3:28
 
Lč David vin pran nouvčl la, li di: -Seyč a wč ni mwen ni moun gouvčnman yo, nou pa gen anyen pou nou wč nan lanmň Abnč, pitit Nč a.  
 
2Sa 3:29
 
Se pou chatiman an tonbe sou tčt Joab ak tout fanmi li! Se pou toujou gen nan fanmi li moun k'ap gen ekoulman osinon move maladi po, gason k'ap blije fč travay fanm, gason k'ap mouri nan lagč, gason k'ap nan grangou.  
 
2Sa 3:30
 
Se konsa, Joab ak Abichay, frč l' la, te ansasinen Abnč paske Abnč te touye Asayčl, frč yo a, lč batay Gabawon an.  
 
2Sa 3:31
 
Apre sa, David bay Joab ak tout moun ki te avč l' yo lňd pou yo chire rad ki sou yo, pou yo mete rad sak sou yo, lčfini pou yo mache devan sčkčy Abnč a ap kriye. Wa David menm t'ap mache dčyč sčkčy defen an.  
 
2Sa 3:32
 
Yo antere Abnč Ebwon. Apre sa, wa a pran rele byen fň, li t'ap kriye sou tonm Abnč a. Tout pčp la t'ap kriye tou.  
 
2Sa 3:33
 
Wa a pran chante pou plenn lanmň Abnč. Li di nan chante a: -Abnč, poukisa ou mouri bčt konsa?  
 
2Sa 3:34
 
Men ou yo pa t' mare, pye ou yo pa t' nan chenn. Ou mouri tankou moun ki tonbe nan men malfektč! Tout pčp la pran kriye ankň pou Abnč.  
 
2Sa 3:35
 
Apre sa, pandan tout rčs jounen an, yo pote manje bay David pou li manje, men David fč sčman sa a: -Se pou Bondye ban m' pi gwo pinisyon ki genyen si mwen mete anyen nan bouch mwen anvan solčy kouche!  
 
2Sa 3:36
 
Tout pčp la vin konn sa. Sa te fč yo plezi. Pou di vre, tou sa David te fč te fč pčp la plezi.  
 
2Sa 3:37
 
Se konsa tout moun David yo ansanm ak tout moun pčp Izrayčl yo te vin konnen tout bon vre wa a pa t' gen anyen pou l' te wč nan jan yo te ansasinen Abnč, pitit gason Nč a.  
 
2Sa 3:38
 
Wa a di moun k'ap sčvi avč l' yo: -Aa, mesye! Jňdi a pčp Izrayčl la pčdi yon chčf, yon gwo chčf wi!  
 
2Sa 3:39
 
Atout se wa Bondye chwazi a mwen ye, mwen santi m' fčb jňdi a. Pitit gason Sewouya yo twň mechan pou mwen. Se pou Bondye pini krimenčl sa yo pou mechanste yo fč a.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
1 Samuel 12 Samuel 21 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 2 Samuel 41 Kings 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards