All NT OTBook
Compare Texts
Genesis 7

Genesis 8:1-22

Genesis 9 Exodus 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Gen 8:1
 
ś Men, Bondye vin chonje Noe ansanm ak tout bčt bwa ak zannimo domestik ki te avč l' nan batiman an. Bondye fč yon van soufle sou latč, epi dlo yo konmanse bese.  
 
Gen 8:2
 
Sous dlo ki nan fon lanmč a te sispann bay dlo. Syčl la sispann bay dlo tou. Lapli sispann tonbe.  
 
Gen 8:3
 
Dlo yo menm t'ap bese, yo t'ap bese piti piti. Se sou sansenkant (150) jou dlo yo te konmanse bese.  
 
Gen 8:4
 
ś Sou sis mwa disčt jou, batiman an fč tč sou tčt mňn Arara yo.  
 
Gen 8:5
 
Dlo yo t'ap bese toujou jouk sou dizyčm mwa a. Sou premye jou dizyčm mwa a, tčt mňn yo parčt.  
 
Gen 8:6
 
ś Karant jou apre sa, Noe louvri fennčt li te fč nan batiman an.  
 
Gen 8:7
 
Li lage yon kňnčy. Kňnčy la soti. li ale vini, li ale vini jouk dlo a te fin cheche nčt sou latč.  
 
Gen 8:8
 
Apre sa, li lage yon pijon, pou l' wč si dlo a te fin bese sou tč a.  
 
Gen 8:9
 
Men, pijon an pa t' jwenn kote pou l' poze. Li tounen vin jwenn Noe nan batiman an, paske te gen dlo sou tout latč toujou. Noe lonje men l', li pran pijon an, li fč l' antre nan batiman an ankň.  
 
Gen 8:10
 
Li tann sčt jou pase. Apre sa, li lage pijon an yon dezyčm fwa, li fč l' soti nan batiman an.  
 
Gen 8:11
 
Vč aswč konsa, pijon an tounen vin jwenn li. Men, fwa sa a, li te gen yon fčy oliv tout včt nan bčk li. Konsa, Noe vin konnen dlo a te bese sou tout latč.  
 
Gen 8:12
 
Li tann sčt jou pase anvan li lage pijon an ankň. Fwa sa a menm pijon an pa t' tounen vin jwenn li ankň.  
 
Gen 8:13
 
ś Se konsa, lč Noe te gen sisan ennan (601 an), nan premye jou premye mwa lanne jwif yo, dlo a te fin bese nčt sou latč. Noe dekouvri batiman an, li voye je l' gade, li wč tout tč a te chčch.  
 
Gen 8:14
 
Sou vennsetyčm jou dezyčm mwa a, tč a te fin chčch nčt.  
 
Gen 8:15
 
ś Lč sa a, Bondye di Noe:  
 
Gen 8:16
 
-Soti nan batiman an, ou menm, madanm ou, pitit ou yo ansanm ak madanm pitit ou yo.  
 
Gen 8:17
 
Fč tout bčt yo soti tout ansanm avčk ou, zwazo yo, zannimo domestik yo, tout bčt k'ap trennen sou vant yo. Se pou yo fč pitit, fč anpil pitit pou mete sou tč a ankň.  
 
Gen 8:18
 
Se konsa Noe soti nan batiman an ansanm ak madanm li, pitit li yo ak madanm pitit li yo.  
 
Gen 8:19
 
tout bčt bwa yo, tout zannimo domestik yo, tout bčt k'ap trennen sou vant yo, tout zwazo yo, yo tout yo soti nan batiman an tou.  
 
Gen 8:20
 
ś Noe bati yon lotčl. Li pran yonn nan chak kalite bčt ak zwazo ki bon pou moun manje, li touye yo, li boule yo nčt sou lotčl la.  
 
Gen 8:21
 
Lč Bondye pran bon sant lan, sa te fč l' plezi. Li di nan kč l' -Mwen p'ap janm bay tč a madichon ankň poutčt sa lčzňm fč, paske depi yo jenn, se move lide ase ki nan kč yo. Mwen p'ap janm detwi tout bčt vivan yo ankň, jan mwen sot fč l' la.  
 
Gen 8:22
 
Toutotan latč a la, va gen yon lč pou plante, yon lč pou rekňlte, va gen sezon fredi ak sezon chalč, va gen sezon sčk, ak sezon lapli, va gen lajounen, va gen lannwit. Wi, toutotan latč a la, bagay sa yo p'ap janm sispann.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Genesis 71 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 32 33 34 35 Genesis 9Exodus 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards