All NT OTBook
Compare Texts
Genesis 44

Genesis 45:1-28

Genesis 46 Exodus 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Gen 45:1
 
ś Jozčf pa t' kapab kenbe ankň devan tout moun ki t'ap sčvi l' yo. Li di byen fň: -Fč tout moun soti. Se konsa, pesonn pa t' la avčk Jozčf lč li fč frč l' yo rekončt li.  
 
Gen 45:2
 
Li te pran kriye byen fň, tčlman fň moun peyi Lejip yo te tande l'. Bri a te rive jouk lakay farawon an.  
 
Gen 45:3
 
Jozčf di frč l' yo: -Se mwen menm Jozčf. Eske papa m' vivan toujou? Men frč l' yo pa t' kapab reponn li paske yo te boulvčse lč yo wč l' devan yo.  
 
Gen 45:4
 
Jozčf di frč l' yo: -Pwoche vin pi pre m'. Yo pwoche, li di yo: -Se mwen menm Jozčf wi, frč nou an. Se mwen menm wi nou te vann bay moun ki tapral peyi Lejip la.  
 
Gen 45:5
 
Men koulye a, nou pa bezwen boulvčse. Nou pa bezwen rčgrčt nou te vann mwen pou yo mennen m' isit la. Se Bondye ki te voye m' devan pou m' te ka sove lavi nou.  
 
Gen 45:6
 
Sa fč dezan depi grangou tonbe sou peyi a. Men, p'ap gen mwayen travay latč ni fč rekňt pou senk lanne ankň.  
 
Gen 45:7
 
Bondye te voye m' vini devan pou ras nou an pa t' fini nan peyi a, pou m' te ka sove lavi nou, pou nou pa mouri.  
 
Gen 45:8
 
Nou wč. Se pa nou menm ki te voye m' isit la, men se Bondye. Se Bondye menm ki mete m' sčvi yon papa pou farawon an. Mwen se chčf nan tout kay li, se mwen k'ap gouvčnen tout peyi Lejip la.  
 
Gen 45:9
 
Koulye a, prese tounen kay papa m'. Al di l': Men sa Jozčf, pitit gason l' lan, voye di l': Bondye mete m' chčf sou tout peyi Lejip la. Desann vin jwenn mwen. Pa mize.  
 
Gen 45:10
 
Ou pral rete nan peyi Gochenn. Konsa, w'a toupre m', ou menm ansanm ak pitit ou yo, pitit pitit ou yo, mouton ou yo, bčf ou yo ak tout sa ou genyen.  
 
Gen 45:11
 
Lč wa Gochenn, m'a pran swen ou, paske grangou a la pou senk lanne ankň.  
 
Gen 45:12
 
Koulye a, nou wč, pa vre. Benjamen, frč m' lan, wč tout se mwen menm menm Jozčf k'ap pale ak nou an.  
 
Gen 45:13
 
Fč papa m' konnen jan moun respekte m' isit nan peyi Lejip. Rakonte l' tou sa nou wč. Prese mennen papa m' desann isit la.  
 
Gen 45:14
 
Epi li lage kň l' nan bra Benjamen, frč li a, li konmanse kriye ankň. Benjamen tout t'ap kriye sou zepňl li.  
 
Gen 45:15
 
Apre sa, li bo tout frč li yo, li t'ap kriye toujou. Lčfini, frč l' yo pran pale ak li.  
 
Gen 45:16
 
ś Lč moun lakay farawon yo vin konnen frč Jozčf yo te vini, sa te fč farawon an ak chčf li yo kontan.  
 
Gen 45:17
 
Farawon an di Jozčf konsa: -Pale ak frč ou yo. Di yo men sa pou yo fč: Chaje bčt yo, ale nan peyi Kanaran.  
 
Gen 45:18
 
Lč y'a rive, y'a pran papa yo ak tout fanmi yo, y'a tounen vin jwenn mwen. m'a ba yo pi bon tč ki nan peyi Lejip la pou fč jaden. Y'a manje pi bon manje ki gen nan peyi a.  
 
Gen 45:19
 
Ou menm poutčt pa ou, w'a di yo sa pou yo fč. Y'a pran kčk cha nan peyi Lejip la pou timoun yo ak madanm yo. Y'a mennen papa yo vini.  
 
Gen 45:20
 
Yo pa bezwen rčgrčt kite anyen, paske se pi bon bagay nan tout peyi Lejip la m'ap ba yo.  
 
Gen 45:21
 
Se sa menm pitit Izrayčl yo te fč. Jozčf ba yo kčk cha jan farawon an te ba li lňd la. Li ba yo pwovizyon pou fč vwayaj la.  
 
Gen 45:22
 
Li ba yo chak yon rad tout nčf. Men, li bay Benjamen twasan (300) pyčs lajan ak senk rad nčf.  
 
Gen 45:23
 
Apre sa, li pran dis mal bourik chaje ak pi bon bagay ki te nan peyi Lejip la, dis fenmčl bourik chaje ak ble ak pen ak tout kalite lňt pwovizyon ankň, li voye bay papa l' pou l' ka fč vwayaj la.  
 
Gen 45:24
 
Lč l'ap voye frč l' yo pati, li di yo: -Piga nou chache kont yonn ak lňt nan chemen an, tande.  
 
Gen 45:25
 
ś Yo kite peyi Lejip, yo rive Kanaran lakay Jakňb, papa yo.  
 
Gen 45:26
 
Yo di l': -Papa, Jozčf la toujou wi. Se li menm k'ap gouvčnen peyi Lejip la wi. Men, Jakňb rete tout frčt, paske li pa t' kwč yo.  
 
Gen 45:27
 
Men, lč yo rakonte l' tout sa Jozčf te di yo, lč li wč cha Jozčf te voye pou l' te ka vwayaje a, Jakňb gen yon sčl kontantman ki pran l'.  
 
Gen 45:28
 
Li di yo: -Se kont. Jozčf, pitit mwen an, vivan toujou. Fňk m ale pou m' ka wč l' anvan m' mouri.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Genesis 4416 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 32 33 34 35 36 37 38 39 40 41 42 43 44 45 46 47 48 49 50 Genesis 46Exodus 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards