All NT OTBook
Compare Texts
Genesis 39

Genesis 40:1-23

Genesis 41 Exodus 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Gen 40:1
 
ś Kčk tan apre sa, chčf kanbiz ak chčf boulanje wa Lejip la te fč mčt yo yon bagay.  
 
Gen 40:2
 
Farawon an te move ni sou chčf kanbiz la ni sou chčf boulanje a.  
 
Gen 40:3
 
Se konsa li te mete yo lakay kňmandan gad palč a, kote yo te fčmen Jozčf nan prizon an.  
 
Gen 40:4
 
Kňmandan gad palč a mete yo sou kont Jozčf pou l' sčvi yo. Yo pase kčk tan nan prizon an.  
 
Gen 40:5
 
ś Yon jou lannwit, antan yo nan prizon an, chčf kanbiz ak chčf boulanje wa a te fč yo chak yon rčv. Chak rčv te gen sans pa yo.  
 
Gen 40:6
 
Lč Jozčf vin jwenn yo nan denmen maten, li jwenn yo boulvčse.  
 
Gen 40:7
 
Li mande yo: -Poukisa nou kagou konsa jňdi a?  
 
Gen 40:8
 
Yo reponn li: -Nou chak fč yon rčv, men pa gen pesonn isit la ki ka esplike nou rčv yo. Jozčf reponn yo: -Eske se pa Bondye sčl ki ka esplike bagay konsa? Rakonte m' rčv nou yo.  
 
Gen 40:9
 
Chčf kanbiz la rakonte Jozčf rčv li te fč a, li di l': -Nan rčv mwen an, mwen wč yon pye rezen devan m'.  
 
Gen 40:10
 
Li te gen twa branch. Branch yo pran boujonnen, yo fč flč, yo fč rezen, rezen yo mi.  
 
Gen 40:11
 
Gwo gode farawon an te nan men mwen. Mwen pran rezen yo, mwen pije yo nan gode farawon an, lčfini mwen bay wa a li.  
 
Gen 40:12
 
Jozčf di li: -Men sa rčv la vle di: Twa branch yo se twa jou.  
 
Gen 40:13
 
Nan twa jou, farawon an pral chonje ou, li pral mete ou nan pozisyon ou ankň. Ou pral bay farawon an diven jan ou te konn fč l' anvan lč ou te chčf kanbiz li a.  
 
Gen 40:14
 
Men, lč tout bagay va mache byen pou ou, pa bliye m'. Tanpri, rann mwen sčvis sa a, pale ak farawon an pou mwen. Fč m' soti nan prizon sa a.  
 
Gen 40:15
 
Ou wč: se vňlč yo te vňlč m' nan peyi Ebre yo. Isit la menm, mwen pa t' fč anyen pou yo te mete m' nan prizon.  
 
Gen 40:16
 
Lč chčf boulanje a wč bčl esplikasyon Jozčf te bay lňt la, li di l': -Mwen menm tout mwen fč yon rčv. Mwen wč te gen twa panyen pen sou tčt mwen.  
 
Gen 40:17
 
Nan panyen ki te anwo nčt la, te gen tout kalite bagay yo konn kwit nan fou pou wa a. Men, zwazo t'ap manje yo nan panyen an sou tčt mwen.  
 
Gen 40:18
 
Jozčf reponn li: -Men sa rčv la vle di: Twa panyen yo se twa jou.  
 
Gen 40:19
 
Nan twa jou farawon an pral fč rele ou, l'ap fč yo pann ou nan yon pyebwa, kote zwazo ap vin dechčpiye ou.  
 
Gen 40:20
 
ś Sou twa jou vre, farawon an t'ap fč yon gwo resepsyon pou tout chčf ki t'ap sčvi avč l' yo, paske se te jou fčt li. Li fč rele chčf kanbiz la ak chčf boulanje a devan tout lňt chčf yo.  
 
Gen 40:21
 
Li mete chčf kanbiz la nan plas li ankň pou sčvi l'.  
 
Gen 40:22
 
Men, li fč pann chčf boulanje a, jan Jozčf te di yo a.  
 
Gen 40:23
 
Men, chčf kanbiz la pa dňmi reve Jozčf, li bliye l' nčt.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Genesis 3916 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 32 33 34 35 36 37 38 39 40 41 42 43 44 45 46 47 48 49 50 Genesis 41Exodus 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards