All NT OTBook
Compare Texts
Genesis 9

Genesis 10:1-32

Genesis 11 Exodus 1

Haitian Creole Bible

 
 
 
Gen 10:1
 
ś Apre gwo inondasyon an, pitit Noe yo, Sčm, Kam ak Jafč, te fč pitit. Men non pitit gason yo te fč.  
 
Gen 10:2
 
Men pitit gason Jafč yo: Se te Gomč, Magňg, Madayi, Javan, Toubal, Mechčk ak Tiras.  
 
Gen 10:3
 
Gomč te fč twa pitit gason. Achkenaz, Rifat ak Togama.  
 
Gen 10:4
 
Se Javan ki te papa Elicha, Tasis, Kitim ak Wodanim.  
 
Gen 10:5
 
Se tout pitit ak pitit pitit Jafč yo sa ki zansčt tout moun k'ap viv nan zile yo, yo chak sou tč pa yo, yo chak ak lang pa yo. Yo t'ap viv ansanm, fanmi ak fanmi, nasyon ak nasyon.  
 
Gen 10:6
 
ś Men pitit gason Kam yo. Se te Kouch, Mizrayim, Pout ak Kanaran.  
 
Gen 10:7
 
Kouch te fč senk pitit gason: Seba, Avila, Sabta, Rama ak Sabteka. Rama menm te gen de pitit gason: Seba ak Dedan.  
 
Gen 10:8
 
Kouch te gen yon lňt pitit gason yo te rele: Nimwňd. Nimwňd sa a, se premye moun ki te gwo chčf sou latč.  
 
Gen 10:9
 
Se te yon gwo chasč devan Seyč a. Se poutčt sa yo di. Gwo chasč devan Bondye tankou Nimwňd.  
 
Gen 10:10
 
Nan peyi kote li t'ap gouvčnen an te gen lavil sa yo: Babčl, Erčk, Akad, Kalne nan peyi Chenea.  
 
Gen 10:11
 
Apre sa, li kite peyi a, li ale lavil Asou. Men lavil li bati yo: Neniv, Reobňt-Ir, Kalak.  
 
Gen 10:12
 
Lčfini, li bati lavil Rezčm ant Neniv ak Kalak. Kalak sa a te yon gwo lavil.  
 
Gen 10:13
 
Mizrayim fč pitit. Se yo ki zansčt moun peyi Lidi, peyi Anan, peyi Leyab ak peyi Naftou,  
 
Gen 10:14
 
peyi Patwous, peyi Kaslou ak peyi Kaftň. Se nan peyi Kaslou sa a moun Filisti yo soti.  
 
Gen 10:15
 
ś Premye pitit Kanaran se te Sidon. Apre sa vin Et.  
 
Gen 10:16
 
Se Kanaran tout ki papa Jebis, Amori, Gigach,  
 
Gen 10:17
 
Evi, Aka, Seni,  
 
Gen 10:18
 
Avad, Zema, Amat. Apre sa tout fanmi Kanaran yo gaye.  
 
Gen 10:19
 
Lizyč tč moun Kanaran yo pati depi lavil Sidon, li mete tčt sou Gera jouk li rive Gaza. Apre sa, li vire sou Sodňm ak Gomň, Adma ak Seboyim jouk li rive Lecha.  
 
Gen 10:20
 
Se tout pitit ak pitit pitit Kam yo sa, yo chak sou tč pa yo, yo chak ak lang yo. Yo t'ap viv ansanm, fanmi ak fanmi, nasyon ak nasyon.  
 
Gen 10:21
 
ś Sčm te gran frč Jafč. Li te gen anpil pitit tou. Se li ki te zansčt tout pitit Ebč yo.  
 
Gen 10:22
 
Men pitit gason Sčm yo. Se te Elam, Asou, Apachad, Lidi ak Aram.  
 
Gen 10:23
 
Men pitit Aram yo. Se te Ouz, Oul, Getč ak Mach.  
 
Gen 10:24
 
Se Apachad ki te papa Chelak. Chelak menm te papa Ebč.  
 
Gen 10:25
 
Ebč te gen de pitit gason. Yonn te rele Pelčg, paske se nan tan li moun sou latč te divize yonn ak lňt. Yo te rele frč l' la Joktan.  
 
Gen 10:26
 
Joktan te papa Almodad, Chelčf, Azmavčt, Jerak,  
 
Gen 10:27
 
Adoram, Ouzal, Dikla,  
 
Gen 10:28
 
Obal, Abimayčl, Seba,  
 
Gen 10:29
 
Ofi, Avila ak Jobab. Yo tout se pitit Joktan yo te ye.  
 
Gen 10:30
 
Tč kote yo t'ap viv la te pran depi lavil Mecha, li moute kote lavil Sefa, jouk mňn ki bň kote solčy leve a.  
 
Gen 10:31
 
Se tout pitit ak pitit pitit Sčm yo sa, yo chak sou tč pa yo, yo chak ak lang pa yo. Yo t'ap viv ansanm, fanmi ak fanmi, nasyon ak nasyon.  
 
Gen 10:32
 
tout moun sa yo se branch fanmi pitit Noe yo, dapre zansčt yo, nasyon pa nasyon. Apre gwo inondasyon an, tout nasyon ki sou latč soti nan pitit Noe yo.  

Genesis | Exodus | Leviticus | Numbers | Deuteronomy | Joshua | Judges | Ruth | 1 Samuel | 2 Samuel | 1 Kings | 2 Kings | 1 Chronicles | 2 Chronicles | Ezra | Nehemiah | Esther | Job | Psalms | Proverbs | Ecclesiastes | Song of Solomon | Isaiah | Jeremiah | Lamentations | Ezekiel | Daniel | Hosea | Joel | Amos | Obadiah | Jonah | Micah | Nahum | Habakkuk | Zephaniah | Haggai | Zechariah | Malachi | Matthew | Mark | Luke | John | Acts | Romans | 1 Corinthians | 2 Corinthians | Galatians | Ephesians | Philippians | Colossians | 1 Thessalonians | 2 Thessalonians | 1 Timothy | 2 Timothy | Titus | Philemon | Hebrews | James | 1 Peter | 2 Peter | 1 John | 2 John | 3 John | Jude | Revelation
Genesis 91 2 3 4 5 6 7 8 9 10 11 12 13 14 15 16 17 18 19 20 21 22 23 24 25 26 27 28 29 30 31 32 33 34 35 Genesis 11Exodus 1
© 2005 redegg.org Home | Bible | About | Help | Site Map | Violin Flash Cards